Pòtoprens, 29 dawout 2024 [AlterPresse] --- Jedi 29 dawout 2024 la, nan komin Taba, kote ki gen plizyè biwo, biznis ak anbasad peyi Etazini nan peyi d Ayiti, moun te tande anpil kout zam ki t ap tire, dapre tewayay ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Polisye nasyonal ajan 2 Jean Andersen Cantave ak madanm ni Nathalie Michel, ki se sè viktim nan Medjine Michel, se 2 moun lapolis nasyonal la di li arete kòm sispèk nan kò sasináy, mèkredi 28 dawout 2024 la, nan Dèlma 75, sou polisye nasyonal fanm 28tyèm pwomosyon Nathanielle Medjine Michel.
Ajan 2 Jean Andersen Cantave t ap traváy nan Inite depatman Lwès pou kenbe lòd/ Idmo 1. Sendika nasyonal polisye ayisyen yo / Synapoha ak Sendika lapolis nasyonal d Ayiti a / Spnh-17 leve lavwa kont kò sasináy sou Nathanielle Medjine Michel la.
Krim 28 dawout 2024 la p ap rete san pinisyon. Se pwomès lapolis nasyonal la, ki fè konnen Direksyon santral lapolis k ap travay pou lajistis la / Dcpj deja louvri yon ankèt sou kò sasináy lan. Se ta moun, ki te nan yon machin Toyota Land Cruiser blan, ki gen tras wouj, ki ta touye ak plizyè bal polisye nasyonal fanm Nathanielle Medjine Michel, nan Dèlma 75, dapre enfòmasyon disponib yo.
Sendika lapolis nasyonal d Ayiti a (Spnh-17) mande alatèt lapolis nasyonal yo pran tout dispozisyon konsekan pou kwape nètalkole tout gang ak zam, k ap simen laterè sou teritwa Ayiti a.
Alatèt lapolis nasyonal yo dwe reflechi sou pi bon estrateji, ki kab anpeche polisye nasyonal yo viktim nan moman operasyon yo. Rekipere tout teritwa pèdi yo, se objektif lapolis la ta dwe rapousuiv nan operasyon l ap mennen yo. Dwe gen bon jan dispozisyon pou operasyon yo kontinye san rete, pandan plizyè jou ak semenn, pou kraze nètalkole baz gang ak zam yo, youn apre lòt. Yo dwe mennen polisye, ki blese yo, nan espas lopital ki gen sekirite, san yo pa met kamera jouda sou polisye viktim yo. Lapolis la dwe evite di nan ki lopital, yo mennen polisye viktim yo al pran swen. Se plizyè rekòmandasyon sou kont X li Sendika lapolis nasyonal d Ayiti a / Spnh-17, ki di l pare pou diskite, avèk alatèt lapolis nasyonal yo, sou pi bon estrateji plan batay, pou operasyon yo pote bon jan rezilta sou teren an.
Madi 27 dawout 2024 la, gen 18 moun ki mouri, pami yo anpil bandi ki t ap boukante kout zam ak lapolis nasyonal la nan katye Belè, Solino ak zòn ki viwonnen yo. Se yon ranmase Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (Rnddh) sou AlterPresse ak AlterRadio.
Tout bandi, k ap boukante kout zam ak lapolis nasyonal la, ap tonbe. Nou ankouraje lapolis nasyonal la kontinye travay yon fason pwofesyonèl, pou kwape tout gang kriminèl k ap simen laterè nan peyi a. Nou swete bon jan kolaborasyon ant popilasyon an ak lapolis nasyonal la, pou pèmèt operasyon yo bay bon jan rezilta. Otorite politik yo dwe sispann fè pwopagann, men pito bay lapolis la mwayen pou l goumen kont gang ak zam yo. Se lòt konsiderasyon Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo sou AlterPresse ak AlterRadio.
Lapolis nasyonal d Ayiti a kontinye arete moun, li jwenn ak zam ak bal lalwa pa rekonèt, divès kote sou teritwa nasyonal la.
Mèkredi 7 dawout 2024 la, lapolis depatman Sidès arete nan zòn Dumez, nan Jakmèl, Van Camy Weedsny Deesrosiers, li sispèk ki nan trafik zam ak bal. Se sa lapolis nasyonal la fè konnen mèkredi 28 dawout 2024 la. Vandredi 23 dawout 2024 la, lapolis nasyonal la di li arete, pou trafik zam ak bal, yon anplwaye leta 39 lane, Marckendy Charles, k ap travay nan biwo leta ki anchaje fè pwomosyon lojman sosyal yo / Eppls. Marckendy Charles, ki se yon mekanisyen, ta deklare li te asepte resevwa zam ak bal pou peye l, nan men yon moun li te repare yon machin pou li, dapre lapolis.
Gouvènman peyi Kanada a pran angajman pou pote kole ak Kominote peyi Karayib yo (Caricom), pou ride fòs, y ap voye vin deplòtonnen andedan fòs miltinasyonal la, vin goumen kont tout kalte trafik sou lanmè a. Se pwomès anbasadè peyi Kanada nan Òganizasyon Nasyon zini yo, Bob Rae, ki rann yon vizit nan katye jeneral fòs miltinasyonal la nan peyi d Ayiti, mèkredi 28 dawout 2024 la
Fòs miltinasyonal nan peyi d Ayiti a, se yon misyon ki fèk koumanse. Se sa k fè gen pwoblèm nan koumansman. Kolaborasyon fòs miltinasyonal la genyen ak lapolis nasyonal d Ayiti a, se yon bon siy ki bay konfyans. Bon rezilta fòs miltinasyonal la va jwenn, se pral yon gany pou Kominote peyi Karayib yo/ Caricom. Nou pral kontinye pote kole ak Caricom, pou ankouraje yo voye fòs pa yo vin deplòtonnen andedan fòs miltinasyonal la, pou ride goumen kont tout kalte trafik sou lanmè. Se deklarasyon Bob Rae nan moman vizit li a, mèkredi 28 dawout 2024 la, nan katye jeneral fòs miltinasyonal la nan peyi d Ayiti. Se sa fòs miltinasyonal la rapòte sou kont X li.
Otorite Ayiti yo dwe sispann pase popilasyon an nan tenten, lè yo di yo pral mande gouvènman Etazini ak lòt peyi, ki pran sansksyon kont ansyen gwo chabrak nan peyi d Ayiti, pataje ak yomenm dosye enfòmasyon yo. Se dizon sou AlterPresse ak AlterRadio Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (Rnddh), ki sispèk se yon gwo blòf otorite politik yo ap bay popilasyon an, lè l konsidere relasyon zanmitay ki genyen ant Joseph Michel Martelly ak yon seri otorite nan peyi d Ayiti.
Mèkredi 28 dawout 2024 la, ministè zafè sosyal louvri yon sant ijans Ofis asirans travay, maladi ak matènite (Ofatma), nan vil Okap, depatman Nò.
Sant ijans Ofatma Okap la, nan depatamn Nò a, gen 2 sal operasyon ak ekipman modèn, yon blòk espesyal pou bay fanm ansent ak bebe ki fèt yo laswenyáy, 4 sal konsiltasyon, yon laboratwa epi 19 chanm. [ppsf emb rc apr 29/08/2024 14:28]
