Pòtoprens, 28 dawout 2023 [AlterPresse] --- Leta poko janm pran dispozisyon konsekan pou met bout nan sitiyasyon enpinite a, nan fè limyè sou plizyè ka kò sasináy nan peyi d Ayiti.
Se ka pè Jean Marie Vincent, atoufè ak zam te sasinen ak bal nan antre kongregasyon Misyonè Montfortains yo, nan Pòtoprens, nan dat 28 dawout 1994, sa fè 30 lane nan dat 28 dawout 2024 la.
28 dawout 1994 – 28 dawout 2024, depi 30 lane, lajistis poko janm fè limyè sou kò sasinay sou pè Jean-Marie Vincent.
Ansanm avèk yon ekip misyonè, ki te gen etranje ladan, pè Jean Marie Vincent te bay peyizan Jan Rabèl, depatman Nòdwès, akonpayman nan mouvman revandikasyon yo, ki te vin bay gwoupman Tèt ansanm Jan Rabèl yo.
Li te ankouraje peyizan yo aprann fè jaden yon lòt jan, detan yo va konstwi zouti ki ka pèmèt yo rantre lajan pou yo ka viv nan diyite. Peyizan Jan Rabèl yo te rive genyen pwòp kamyon transpò piblik pa yo, kòm altènativ douvan grandon nan zòn nan.
Jean-Marie Vincent, ki te vin direktè Caritas depatman Nò nan legliz katolik women, te patispe nan divès aktivite, nan met kanpe plizyè enstitisyon ki t ap feraye nan zafè devlopman sou teritwa Ayiti a. Ou ka jwenn yon ranmase ki fè sonje pè Jean-Marie Vincent nan espas entènèt AlterPresse.
28 dawout 2020 – 28 dawout 2024, lajistis nan peyi d Ayiti poko janm fè limyè non plis sou kò sasináy sou ansyen batonye avokat ak avoka Pòtoprens yo, mèt Monferrier Dorval, lakay li nan Pèlren 5, komin Petyonvil.
Se nan Pèlren 5, nan menm zòn kote Jovenel Moïse te rete nan dat sa a, bandi ak zam te asasinen ak bal Monferrier Dorval, lannuit vandredi 28 dawout 2020.
Mèt Dorval mouri vandredi swa 28 dawout 2020 an a 10zè 13. A 10zè 15, m sonje se madanm mwen ki te montre m, 2 minit apre, videyo ki te gen tan soti a. Se deklarasyon Jovenel Moïse te fè nan emisyon Le Point sou Radyo Televizyon Metwopòl, nan dat 9 novanm 2020. Nan finisman mwa desanm 2023, te gen 4 jij ki te deja travay sou dosyè kò sasinay sou Monferrier Dorval la.
Sendika nasyonal polisye ayisyen yo (Synapoha) ak Sendika lapolis nasyonal Ayiti a (Spnh-17) leve lavwa kont kò sasináy, bandi ak zam fè mèkredi 28 dawout 2024 la sou polisye nasyonal fanm 28tyèm pwomosyon Nathanielle Medjine Michel, nan Dèlma 75.
Sou machin viktim nan, yo wè 13 twou bal nan Dèlma 75, mèkredi 28 dawout 2024 la. Sa fè 22 polisye fanm ak gason, bandi ak zam asasinen depi koumansman lane 2024 la nan peyi d Ayiti.
Ekip tranzisyon an p ap fè bak nan ankouraje operasyon lapolis nasyonal la ak fòs miltinasyonal la, pou kwape zak kriminèl gang ak zam yo. Se deklarasyon douvan laprès Garry Conille, ki t al vizite lopital, mèkredi 28 dawout 2024 la, 3 polisye nasyonal, k ap pran swen nesesè apre yo te blese nan operasyon madi 27 dawout 2024 la.
Popilasyon an dwe rete tèt fret nan moman operasyon, k ap fèt pou kwape gang ak zam nan Belè ak Solino nan Pòtoprens, depi madi 27 dawout 2024 la. Se dizon lapolis nasyonal d Ayiti a, ki pwomèt l ap fè yon ranmase anvan lontan sou rezilta operasyon sa yo
Madi 27 dawout 2024 la, te gen 3 polisye nasyonal ki te blese nan moman operasyon nan Belè ak Soliino yo. 3 polisye sa yo ap pran swen nesesè yo lopital. Gen gang ak zam, ki t ap eseye reziste, ki kouri sove nan moman operasyon yo. Se sa fòs miltinasyonal la fè konnen.
Ni lapolis nasyonal ni fòs miltinasyonal la pa di si gen bandi ki ta tonbe nan boukantáy kout zam yo, jan bri ap kouri depi madi swa 27 dawout 2024 la.
Sou kont X li, Garry Conile di polisye nasyonal yo mèsi pou sakrifis yo. Ansanm ak lapolis nasyonal la, lame d Ayiti ak fòs miltinasyonal la, Conille te patisipe nan yon reyinyon madi swa 27 dawout 2024 la, pou gade ki jan operasyon yo ap mache nan katye Belè ak Solino. Operasyon yo tanmen madi 27 dawout 2024 yo, se yon koumansman. Bandi kriminèl yo dwe depoze zam ki nan men yo epi pare tèt yo pou reponn douvan lajistis sou pil ak pakèt krim yo fè yo. Se avètisman otorite yo bay.
Leta, nou bezwen sekirite. Leta, nou pa kapab, pote n sekou. Liberasyon pou komin Gantye. Se kèk pami eslogan anpil fanm ak gason Fon Parizyen, pa twò lwen fontyè Malpas/Malpaso a, t ap di nan yon manifestasyon mèkredi 28 dawout 2024 la nan lari Fon Parizyen, ki se twazyèem seksyon kominal Gantye.
Nan yon kozman ak laprès, nan tèt kole ak Biwo avoka entènasyonal yo (Bai), plizyè fanmi deplase, ki pran refij nan sant akèy depatman Lwès la, leve lavwa kont kònpòtman Leta a, yo di ki bandonnen yo, ki pa pran ka yo kòmsadwa (Son yon deplase Robenson Laguerre plis mèt avoka Mario Joseph.
Nan yon nòt ki pote dat 21 dawout 2024, li rann piblik mèkredi 28 dawout 2024 la, ministè anviwónman deklare li entèdi tout operasyon konstriksyon, koupe pye bwa ak fè jaden nan espas 1 Forè dèpen an ak alantou l yo.
Ministè anviwónman pa di ki dispozisyon l ap pran pou fè respekte desizyon sa a, yo te deja pran nan lane anvan yo. Men, li di li voye kominike sa a bay ajan ekzekitif enterimè Fon Vèrèt la, bay lajistis, lapolis, ajans nasyonal espas pwoteje yo /Anap. Lajistis ap pran sanksyon kont tout sila, ki ta pase anba pye desizyon entèdi tout operasyon konstriksyon, koupe pye bwa ak fè jaden nan espas 1 Forè dèpen an ak alantou l yo. Se avètisman ministè anviwónman)
Se Marie Rebecca Guillaume, ki pral jwe wòl delege fanm yo andedan konsèy administrasyon Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep), sou baz eleksyon òganizasyon Kay Fanm òganize nan dat lendi 26 dawout 2024 la.
Menm jan ak anpil lòt sektè, gen plizyè òganizasyon ki di yo pa dakò ak eleksyon lendi 26 dawout 2024 la, kote se Marie Rebecca Guillaume ki fè gany, pou vin delege fanm andedan Konsèy elektoral pwovizwa a. [ppsf emb rc apr 28/08/2024 14:40]
