Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Kout bal ap pete nan nan katye Solino ak Belè, pa gen ale vini depi 2 mwa akoz wout la ki bloke nan Gresye, akò ak gouvènman Taiwan nan pou ranfòse pwodiksyon nasyonal semans diri

Pòtoprens, 27 dawout 2024 [AlterPresse] --- Madi 27 dawout 2024 la, kout bal te kontinye pete ankò nan katye Solino ak Belè, nan Pòtoprens, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Akoz wout la ki bloke depi 2 mwa nan nivo komin Gresye, sou wout nasyonal nimewo 2 a, pa gen ale vini machin transpò piblik ant Pòtoprens ak tout zòn Sid peyi d Ayiti a. Se yon sitiyasyon, ki lakoz pri manje, pri tout kalte pwodui ak sèvis monte grad divizyon nan tout depatman zòn Sid peyi d Ayiti a. Se kout rèl Inyon paran elèv pwogresis ayisyen yo (Upeph).

Popilasyon Gresye a, sou wout nasyonal nimewo 2 a, nan mawon depi plizyè semenn. Pa gen polisye nasyonal nan komin Kabarè, sou wout nasyonal nimewo 1 an, ni nan komin Kwadèboukè, Gantye ak Kafou. Inyon paran elèv pwogresis ayisyen yo mande otorite yo pran bon jan dispozisyon pou pèmèt fanmi, ki te sètoblije kite lakay yo akoz laterè gang ak zam yo, retounen lakay yo. Lekòl lan p ap ka relouvri tout bon divès kote, sizoka pa gen bon jan dispozisyon pou reprann kontwòl tou zòn ki anba laterè gang ak zam yo.

Vandredi 23 dawout 2024 la, lapolis nasyonal la di li arete, pou trafik zam ak bal, yon anplwaye leta 39 lane, Marckendy Charles, k ap travay nan biwo leta ki anchaje fè pwomosyon lojman sosyal yo (Eppls). Marckendy Charles, ki se yon mekanisyen, ta deklare li te asepte resevwa zam ak bal pou peye l, nan men yon moun li te repare yon machin pou li, dapre lapolis.

Dimanch 25 dawout 2024 la, lekòl nasyonal lapolis la resevwa 218 fanm ak 535 gason, pou pran fòmasyon 34triyèm pwomosyon lapolis nasyonal d Ayiti a.

Samdi 24 dawout 2024 la, sou fwontyè Beladè a, otorite Repiblik Dominiken yo remèt bay otorite Ayiti yo Marion Saint-Germain, ki te sove nan prizon sou teritwa Ayiti. Otorite Repiblik Dominiken yo te pwofite pimpe vini pa bò isit 395 fanm ak gason migran, sou fwontyè Beladè ak Comendador (pwovens Elías Piña a).

Pote amelyorasyon nan pwodiksyon diri nan plenn Maribawou, depatman Nòdès, nan Laplenn diNò ak Sen Rafayèl, depatman Nò, nan plenn Okáy ak Tòbèk, depatman Sid. Se objektif ministè agrikilti di l ap rapousuiv lè l siyen, lendi 26 dawout 2024 la, yon akò ak gouvènman peyi Taiwan nan, sou baz yon pwojè ki pot non Ranfòse pwodiksyon nasyonal semans diri.

Apre Platfòm òganizasyon ayisyen dwa moun yo (Pohdh) te retire kò l nan demach yo, Òganizasyon sitwayèn ak sitwayen pou yon lòt Ayiti (Ocnh) òganize, poukont kò l, yon eleksyon, lendi 26 dawout 2024 la, pou chwazi yon delege, ki ta dwe reprezante sektè dwa moun yo nan konsèy administrasyon Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep).

Se Gedeon Jean, alatèt Sant analiz ak rechèch nan dwa moun yo, òganizasyon ki te la yo chwazi lendi 26 dawout 2024 la kòm delge dwa moun yo, ki sipoze antre nan Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep). Gedeon Jean deklare li pral ride rafòse demokrasi, ki chita sou bon sante enstitisyon an, lè li va rantre nan Kosèy elektoral pwovizwa a.

Depi alapòt, gen fòs kote nan jan demach yo tanmen pou rive chwazi yon moun, ki ta dwe jwe wòl delege sektè dwa moun yo andedan Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep). Se poutèt sa Platfòm òganizasyon ayisyen dwa moun yo (Pohdh) di li retire kò l nan demach lan, nan yon lèt li voye bay Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) nan dat 23 dawout 2024.

Nan dat 8 jiyè 2024 la, Kpt a te di li chwazi Òganizasyon sitwayèn ak sitwayen pou yon lòt Ayiti /Ocnh ak Pohdh kòm 2 òganizasyon, li kwè ki ta dwe fè kòdinasyon pou jwenn yon fanm oswa gason, ki pou ta delege sektè dwa moun yo andedan Konsèy elektoral pwovizwa a.

San yo pa fè okenn konsiltasyon bò kote n, òganizasyon ki pot non Rezo nasyonal peyizan ayisyen (Renapa) deside voye non Jacques Ceus, kòm moun ki ta dwe vin delege sektè peyizan yo andedan Kep a. Se sa platfòm peyizan 4 je kontre denonse nan yon nòt ki pot dat 21 dawout 2024 la.

Rezo nasyonal peyizan ayisyen (Renapa), se pa yon òganizasyon peyizan. Se pito yon òganizasyon ki anba vant pati politik Pitit Desalin (Jean-Charles Moïse ap dirije). Se Renapa sa a ki t al patisipe, nan non pati politit Pitit Desalin, nan diskisyon ak Kominote peyi Karayib yo (Caricom) sou kriz peyi d Ayiti a, nan mwa mas 2024 la. Se sa platfòm peyizan 4 je kontre denonse andiplis.

Pou demach yo kòrèk, fèt nan bon kondisyon demokrasi, Konsèy prezidan pou tranzisyon an dwe refè demach, pou jwenn yon fanm oswa gason, ki ta dwe vin ddelege peyizan yo aandedan Konsèy electoral pwovizwa a. Se dizon platfòm peyizan 4 je kontre.

Peyi d Ayiti ap plonje tou dwat nan direksyon yon kokennchenn kriz eleksyon ankò. Dirijan ki la yo pa pran okenn leson nan sa k pase anvan yo, lè yo deside tanmen demach pou jwenn manm Konsèy electoral pwovizwa a, menm jan sa te fèt nan 2 dènye Kep ki te la yo. Se avètisman sosyològ James Beltis sou AlterPresse ak AlterRadio.

Sa k ap fèt nan mitan divès sektè kounye a ap vin angrave kriz la pi rèd, yon kriz ki se konsekans move eleksyon. Lè dirijan yo pa an mezi trete pwoblèm yo kòrèkteman, lè dirijan yo fè kòmsi pwoblèm yo pa ekziste, se kondisyon y ap kreye pou anfonse peyi a nan plis katyouboumbe ak dezòd toujou. Responsablite konseye prezidan pou tranzisyon an, se ta dwe jwe wòl abit nan mitan sektè yo pou pèmèt yo rive chwazi yon fanm oswa gason kòm delege ki pou antre andedan Kep a, nan tout otonomi, nan transparans ak kè poze. Pou laj mou, pou ran nou, se yon responsablite nou ta dwe ka pran pou tèt nou ak pou peyi a. Nou dwe pran dispozisyon pou evite peyi d Ayiti tonbe nan yon lòt deblozáy eleksyon ankò. Se rekòmandasyon sosyològ James Beltis sou AlterPresse ak AlterRadio. [ppsf emb rc apr 27/08/2024 13:51]