Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Sou 3 jou, gang ak zam asasinen 6 moun, met dife nan plizyè kay ak jaden nan 3zyèm seksyon Rivyè Blanch, komin Gwo Mòn

Gwo Mòn (Latibonit, Ayiti), 26 dawout 2024 [AlterPresse] --- Ant vandredi 23 pou rive dimanch 25 dawout 2024 la, gang ak zam asasinen 6 moun, met dife nan plizyè kay ak jaden nan lokalite Kanifis, 3zyèm seksyon Rivyè Blanch, komin Gwo Mòn depaatman Latibonit. Zak kriminèl sa yo, se konsekans lese frape ant gang ak zam Kokorat san ras ak lòt gwoup gang ak zam, ki t ap tire anpil kout bal youn sou lòt. Se temwayáy sou AlterPresse ak AlterRadio ajan ekzekitif enterimè komin Gwo Mòn nan, Hubert Seneac.

Ekip tranzisyon an dwe bay lapolis nasyonal la ak otorite lokal yo bon jan mwayen, pou evite komin Gwo Mòn ak seksyon kominal li yo tonbe anba kontwòl gang ak zam Kokorat san ras ak lòt gwoup gang ak zam, ki vle ratibwaze zòn nan. Se kout rèl ajan ekzekitif enterimè komin Gwo Mòn nan, Hubert Seneac, sou AlterPresse ak AlterRadio.

Ekip tranzisyon an dwe pran bon jan dispozisyon pou retabli sekirite nan peyi a ak pou espas lekòl yo. Yo ta dwe tou pran bon jan dispozisyon tou pou kwape vyolans sou kò elèv yo ak lòt kalte vyolans ak abi ki chita sou elèv ti fi yo, paske yo se ti fi. Se kèk pami rekòmandasyon Rezo edikaasyon pou tout moun (Rept), anvan dat madi premye oktòb 2024 la, gouvènman an chwazi pou rantre lekòl la ta fèt sou teritwa Ayiti a.

Ekip tranzisyon an ta dwe tabli yon plan, ki pran responsablite timoun ak jèn ki pa lekòl nan sistèm edikason piblik la. Yo ta dwe pote amelyorasyon nan kondisyon ansèyman an, nan fè konsidersyon nesesè yo sou revandikasyon sendika pwofesè yo ak respekte akò ki te siyen anvan yo. Yo ta dwe kontinye pran angajman pou ogmante kantite lajan pou edikasyon nan bidjè leta a, tankou fè l rive nan nivo 20 pousan bidjè leta a sou baz angajman entènasyonal yo te pran nan sa yo rele ajennda edikasyon 2030 yo. Epitou fè odit ak rann piblik pwogram Fon nasyonal edikasyon an (Fne), ansanm ak Fon jesyon ak devlopman kolektivite teritoryal yo nan bidjè nasyonal la. Se lòt kout rèl Rezo edikasyon pou tout moun (Rept)

Divès sektè (vodou, fanm, peyizan, pwotestan, dwa moun, sendika) poko janm rive jwenn yon antant sou delege fanm oswa gason, ki sipoze al reprezante yo andedan konsèy administrasyon Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep). Gwo wounou wounou, chire pit, magouy parèt nan moman divès sektè sa yo ta dwe chwazi yon fanm oswa gason kòm delege pou antre nan konsèy administrasyon Konsèy elektoral pwovizwa a.

Depi alapòt, gen fòs kote nan jan demach yo tanmen pou rive chwazi yon moun, ki ta dwe jwe wòl delege sektè dwa moun yo andedan Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep). Se poutèt sa Platfòm òganizasyon ayisyen dwa moun yo (Pohdh) di li retire kò l nan demach lan, nan yon lèt li voye bay Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) nan dat 23 dawout 2024 la.

Nan dat 8 jiyè 2024 la, Kpt a te di li chwazi Òganizasyon sitwayèn ak sitwayen pou yon lòt Ayiti /Ocnh ak Pohdh kòm 2 òganizasyon, li kwè ki ta dwe fè kòdinasyon pou jwenn yon fanm oswa gason, ki pou ta delege sektè dwa moun yo andedan Konsèy elektoral pwovizwa a.

San yo pa fè okenn konsiltasyon bò kote n, òganizasyon ki pot non Rezo nasyonal peyizan ayisyen (Renapa) deside voye non Jacques Ceus, kòm moun ki ta dwe vin delege sektè peyizan yo andedan Kep a. Se sa platfòm peyizan 4 je kontre denonse nan yon nòt ki pot dat 21 dawout 2024 la.

Platfòm 4 je kontre lonje dwèt sou Konsèy prezidan pou tranzisyon an, ki pa janm okipe l sou pakèt lèt li voye ba li, kote li atire atansyon l sou fòs kote ki genyen nan fason demach yo ap fèt, pou jwenn yon delege fanm oswa gason kòm delege peyizan yo andedan Kep a.

Kpt a te di l chwazi òganizasyon Renapa ak platfòm 4 je kontre pou fè kòdinasyon demach pou jwenn yon fanm oswa gason, kòm delege peyizan yo andedan Konsèy elektoral pwovizwa a.

Rezo nasyonal peyizan ayisyen (Renapa), se pa yon òganizasyon peyizan. Se pito yon òganizasyon ki anba vant pati politik Pitit Desalin (Jean-Charles Moïse ap dirije). Se Renapa sa a ki t al patisipe, nan non pati politit Pitit Desalin, nan diskisyon ak Kominote peyi Karayib yo (Caricom) sou kriz peyi d Ayiti a, nan mwa mas 2024 la. Se sa platfòm peyizan 4 je kontre denonse andiplis.

Pou demach yo kòrèk, fèt nan bon kondisyon demokrasi, Konsèy prezidan pou tranzisyon an dwe refè demach, pou jwenn yon fanm oswa gason, ki ta dwe vin ddelege peyizan yo aandedan Konsèy electoral pwovizwa a. Se dizon platfòm peyizan 4 je kontre.

Peyi d Ayiti ap mache tou dwat nan direksyon yon kokennchenn kriz eleksyon ankò. Dirijan ki la yo pa pran okenn leson nan sa k pase anvan yo, lè yo deside tanmen demach pou jwenn manm Konsèy electoral pwovizwa a, menm jan sa te fèt nan 2 dènye Kep ki te la yo. Se avètisman sosyològ James Beltis sou AlterPresse ak AlterRadio.

Sa k ap fèt nan mitan divès sektè kounye a ap vin angrave kriz la pi rèd, yon kriz ki se konsekans move eleksyon. Lè dirijan yo pa an mezi trete pwoblèm yo kòrèkteman, lè dirijan yo fè kòmsi pwoblèm yo pa ekziste, se kondisyon y ap kreye pou anfonse peyi a nan plis katyouboumbe ak dezòd toujou. Responsablite konseye prezidan pou tranzisyon an, se ta dwe jwe wòl abit nan mitan sektè yo pou pèmèt yo rive chwazi yon fanm oswa gason kòm delege ki pou antre andedan Kep a, nan tout otonomi, nan transparans ak kè poze. Pou laj nou, pou ran nou, se yon responsablite nou ta dwe ka pran pou tèt nou ak pou peyi a. Nou dwe pran dispozisyon pou evite peyi d Ayiti tonbe nan yon lòt deblozáy eleksyon ankò. Se rekòmandasyon sosyològ James Beltis sou AlterPresse ak AlterRadio.

Diskite sou demach ak preparasyon ki gen rapò ak konferans nasyonal la, ak pase men nan Konstitisyon 1987 la epi òganizasyon eleksyon jeneral nan peyi d Ayiti. Se te objektif chita pale premye minis Garry Conille ansanm ak minis zafè etranje a Dominique Dupuy te fè, samdi 24 dawout 2024 la, ak anbasadè ameriken nan peyi d Ayiti Dennis Bruce Hankins ansanm ak yon espè nan zafè eleksyon ki rele Sidi Diawara. Se sa biwo Garry Conille rapòte nan yon nòt. [ppsf emb rc apr 26/08/2024 14:59]