Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Gouvènman Etazini a koumanse voye Ayiti machin blende, ki ka pèmèt fè fas kare ak zatrap nan moman operasyon lapolis yo

Pòtoprens, 25 dawout 2024 [AlterPresse] --- Depi vandredi 23 dawout 2024 la, ministè defans peyi Etazini koumanse voye plizyè machin blende pou lapolis nasyonal d Ayiti a ak fòs miltinasyonal la. Machin blende sa yo gen posiblite teknik, ki pou pèmèt yo amelyore kapasite pou fè fas kare ak zatrap, nan moman operasyon kont gang ak zam yo sou teren an.

Toulèjou, depi plizyè mwa, moun toujou tande tanzantan kout bal k ap pete divès kote, nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan.

Pandan tan sa a, lapolis nasyonal la di gen anpil bandi ki ta tonbe nan dènye jou sa yo, nan boukantáy kout zam ak lapolis la nan komin Gresye, sou wout nasyonal nimewo 2 a.

Apati dat lendi 26 dawout 2024 la, direksyon jeneral imigrasyon fè konnen l ap rekoumanse prepare paspò Ayiti yo sou baz nouvo metòd, ki ka pote amelyorasyon nan travay pwodiksyon paspò yo. Direksyon jeneral imigrasyon di li te rive fè, pandan plizyè jou, kontwòl nesesè yo sou plis pase 11 mil livrè paspò, ki pare kounye a pou mèt yo al chèche yo.

Ouvriyèz ak ouvriye nan Konpayi devlopman endistri yo (Codevi) nan Wanament, sou fwontyè ak Dajabón nan, te espoze revandikasyon yo anfavè pi bon kondisyon traváy nan izin yo, bay premye minis Garry Conille ki t ap vizite Codevi vandredi 23 dawout 2024 la.

Pase men nan Konstitisyon 1987 la, defini yon nouvo pwojè sosyete, ki di kouman relasyon yo ka fèt ant Leta ak rès sosyete a. Se misyon yon komite, ki anchaje kondi yon konferans nasyonal nan peyi a. Se vandredi 23 dawout 2024 la Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) enstale komite ki anchaje kondi konferans nasyonal la.

Komite ki anchaje konferans nasyonal la gen ladan ansyen premye minis Enex Jean-Charles sou laprezidans Jocelerme Privert (peryòd fevriye 2016 pou rive fevriye 2017. Joram Vixamar, Amary Joseph Noel, Pierre Antoine Louis, Norah Jean-François, Widline Pierre, Gedeon Charles ak Christine Stephenson.

Komite ki anchaje konferans nasyonal la pral fè gwo woumble sa a ansanm ak tout sektè nan peyi a, nan enterè peyi a, san l pa kite l sibi enfliyans okenn sektè nan traváy li. Se pwomès ansyen premye minis Enex Jean-Charles, k ap jwe wòl prezidan komite ki anchaje kondi yon konferans nasyonal an peyi d Ayiti.

Divès sektè (vodou, fanm, peyizan, pwotestan, dwa moun, sendika) poko janm rive jwenn yon antant sou delege fanm oswa gason, ki sipoze al reprezante yo andedan konsèy administrasyon Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep). Wounou wounou, chire pit yo toujou la anvan dat 26 dawout 2024 la, ki ta sipoze dènye dat Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) bay sektè yo, pou yo ta fè l jwenn non delege yo. [ppsf emb rc apr 25/08/2024 13:29]