Pòtoprens, 23 dawout 2024 [lterPresse] --- Pou pèmèt popilasyon an konprann pi byen ak jwenn plis enfòmasyon, ministè lajistis ak lòt enstitisyon ki konsènen yo dwe mande peyi zanmi Ayiti yo boukante ak yo dosye, ki fè yo rive pran sanksyon kont Joseph Michel Martelly, pou trafik dwòg, blanchi lajan dwòg ak wòl parenn gang ak zam yo nan peyi d Ayiti. Si sistèm lajistis la t ap mache kòmsadwa, nou pa t ap bezwen yon lòt peyi pran sanksyon sa yo. Se konsidersyon premye minis Garry Conille sou desizyon depatman trezò Etazini a kont Martelly madi 20 dawout 2024 la.
Se Biwo kontwòl lajan etranje nan peyi Etazini / Ofac, ki nan depatman trezò ameriken an, ki pran sanksyon sa yo kont Martelly.
Tout enstitisyon lajan Ozetazini pa dwe bay Martelly ni prè, ni kredi. Gouvènmann peyi Etazini a entèdi tou tout operasyon chanje lajan, kote Martelly gen enterè pa l.
Okenn natif natal ameriken pa dwe achte, met lajan yo nan operasyon ak Martelly, fè biznis ak Martelly, ni reprann dèt Martelly genyen pou met sou do yo. Martelly te patisipe oubyen eseye patisipe nan aktivite oubyen operasyon ki pèmèt dwòg lalwa pa rekonèt al layite nan plizyè peyi. Martelly te sèvi ak enfliyans li pou fè trafik dwòg. Se dwòg, ki pote plis danje yo, tankou kokayin, Martelly te fè antre sou teritwa peyi Etazini.
Toujou dapre Ofac, Martelly te blanchi lajan dwòg, li te travay ak trafikan dwòg ayisyen yo epi li te jwe wòl parenn plizyè gang ak zam nan peyi d Ayiti.
Sanksyon sa yo pèmèt gouvènman ameriken an bloke tout byen Martelly genyen nan peyi Etazini. Se sa medya Lavwa lamerik fè konnen. Martelly p ap kapab sèvi ak lajan li genyen sou kont li Ozetazni. Se sa jounal ameriken Miami Herald ekri sou bò pa l.
Nou gen kè kase pou zòn, ki anba laterè gang ak zam yo, pa tounen kote kriz imanitè a ka vin angrave rèd mare, detan sezon siklòn 2024 la, k ap bout samdi 30 novanm 2024 k ap vini a, ka toujou pote madoulè pou popilasyon peyi d Ayiti a. Se kout rèl Biwo kòdinasyon zafè imanitè Nasyon zini yo (Ocha).
Laterè ak lòt vyolans gang ak zam yo kraze plat atè tout sèvis nan peyi d Ayiti, ki te deja anba yon kokennkriz imanitè depi tranbleman tè madi 12 janvye 2010 la. Ant mwa mas pou rive mwa jen 2024 la, kantite moun ki sètoblije deplase kouri kite lakay yo, akoz laterè gang ak zam yo, pou al chèche refij lòt kote, ogmante anpil anpil. Mwatye nan popilasyon Ayiti a anba gwo grangou rèd mare. Se sèlman 24 pousan lopital yo k ap bay sèvis laswenyáy yo. Se lòt eleman kè kase Biwo kòdinasyon zafè imanitè Nasyon zini yo / Ocha di l genyen sou sitiyasyon peyi d Ayiti a.
Se 674 milyon dola ameriken, ki ta ka pèmèt fè fas kare ak tout ijans imanitè yo nan peyi d Ayiti. Sizoka nou pa rive jwenn kantite lajan sa a, li posib pou 3 milyon 600 mil moun tonbe nan plis madoulè sou teritwa Ayiti a. Se avètisman Biwo kòdinasyon zafè imanitè Nasyon zini yo nan peyi d Ayiti (Ocha).
Èd imanitè a, se yon moso nan solisyon an. Gouvènman tranzisyon an, dirijan politik yo, tout sila k ap feraye nan zafè devlopman yo, yo tout ta dwe kolabore ansanm pou jwenn solisyon k ap dire, nan pakèt gwo defi peyi d Ayiti dwe leve yo. Se lòt konsiderasyon Biwo kòdinasyon zafè imanitè Nasyon zini yo (Ocha) nan peyi d Ayiti.
Pote solisyon nan pwoblèm sekirite a. Fè pase men nan Konstitisyon 1987 la. Òganize eleksyon jeneral san fòs kote nan peyi a. Se prensipal eleman pwogram ak estrateji, ki nan plan batáy gouvènman an pandan peryòd tranzisyon an. Se sa biwo premye mins Garry Conille ekri nan yon nòt.
Se nan yon chita pale Okap, depatman Nò, jedi 22 dawout 2024 la, gouvènman tranzisyon an te prezante ankò plan batay sa a, bay anbasadè peyi Etazini, Kanada, Lafrans, Lespáy, Lasuis, Meksik, Chili, reprezantan Òganizasyon Nasyon zini yo ak Inyon peyi Ewòp yo. Tout reprezantan sa yo ta redi angajman yo pou yo pote kole, nan nivo yo kapab, pandan tout peryòd tranzisyon an nan peyi d Ayiti. Se sa biwo Garry Conille lan fè konnen.
Eleksyon pa ka parèt pi ijan pase pwoblèm laterè a, ki gen gwo konsekans toulèjou sou tout sosyete a. Se pinga platfòm òganizasyon peyizan 4 Je kontre, ki rasanble Tèt kole ti peyizan ayisyen, Mouvman peyizan nasyonal kongrè Papáy / Mpnkp, kòdinasyon rejyonal òganizasyon Sidès yo / Kros, Mouvman peyizan Papáy / Mpp.
Ekip tranzisyon an dwe pote solisyon tou nan pwoblèm grangou ak lamizè a, k ap fini ak popilasyon an. Ekip tranzisyon an dwe pote solisyon nan difikilte espesyal peyizan yo, ki pa ka fè ale vini al chèche lavi lòt kote, jan sa te konn fèt lè move tan bare yo.
Epitou, sou ki baz ekip tranzisyon an pral fè éleksyon, alòske li poko janm fè soti, nan jounal ofisyèl peyi a, akò 3 avril 2024 la, ki se chapant tranzisyon an ? Èske ekip tranzisyon an vle òganize tout bon eleksyon nan peyi a, lè li poko janm met kanpe estrikti kontwòl aksyon gouvènman an, lè gen non konseye prezidan k ap site nan eskandal koripsyon ? Se kesyon platfòm òganizasyon peyizan 4 je kontre poze.
Konsèy prrezidan pou tranzisyon an (Kpt) dwe reprann demach, k ap pèmèt li jwenn yon delege fanm oswa gason, ki onèt, ki pa nan paspouki, ki gen konpetans, moun ka fè konfyans, pou reprezante sektè peyizan an andedan Konsèy elektoral pwovizwa (Kep), li pral met kanpe a. Se avètisman platfòm òganizasyon peyizan 4 Je kontre, ki rasanble tèt kole ti peyizan ayisyen, Mouvman peyizan nasyonal kongrè Papáy / Mpnkp, kòdinasyon rejyonal òganizasyon Sidèes yo / Kros, Mouvman peyizan Papáy (Mpp).
San l pa di ki lòt dispozisyon li pran, ministè enteryè ekri, sou kont X li, li deside sispann tout kat idantifikasyon ak lese pase li te bay pou sèvi sou teritwa Ayiti a. Se yon fason, dapre sa l fè konnen, pou fè fas kare ak yon seri endividi malonèt / raketè, k ap itilize fo kat idantifikasyon ak fo lese pase. [ppsf emb rc apr 23/08/2024 14:20]