Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Nasyon zini gen ase kapasite, esperyans ak repondong pou ride peyi d Ayiti met kanpe tribinal espesyal, pou jije tout gwo chabrak ki tonbe anba sanksyon dives peyi, dapre Ansanm kont koripsyon

Pòtoprens, 21 dawout 2024 [AlterPresse] --- Martelly ki nan trafik dwòg, ki nan blanchi lajan dwòg, Martelly ki se parenn gang ak zam yo, Martelly k ap báy gang ak zam yo lajan ak bal pou simen laterè sou teritwa Ayiti a, Martelly ki patisipe nan gaspiyáy ak vòlò lajan leta, se yon verite peyi d Ayiti konnen déjà depi lontan. Gouvènman peyi Etazini a vin konfime sa peyi d Ayiti t ap tann depi byen lontan. Se konsiderasyon sou AlterPresse ak AlterRadio rasanbleman òganis dwa moun ki rele Ansanm kont koripsyon.

Oganizasyon Nasyon zini gen ase kapasite, esperyans ak repondong pou ride peyi d Ayiti met kanpe tribinal espesyal, pou jije tout gwo chabrak ki tonbe anba sanksyon dives peyi, poutet y ap bay gang kriminel yo lajan, zam ak bal. Otorite peyi d Ayiti yo dwe trennen douvan lajistis tout gwo chabrak sa yo, tankou Joseph Michel Martelly, pou yo jwenn sanksyon yo merite. Se dizon rasanbleman òganis dwa moun ki rele Ansanm kont koripsyon, ki swete koperasyon ant lajistis Etazini ak peyi d Ayiti pou trennen Martelly douvan tribinal.

Se Biwo kontwòl lajan etranje nan Etazini / Ofac, ki nan depatman trezò ameriken an, ki pran sanksyon sa yo kont Martelly.

Tout enstitisyon lajan Ozetazini pa dwe bay Martelly ni prè, ni kredi. Gouvènmann peyi Etazini a entèdi tou tout operasyon chanje lajan, kote Martelly gen enterè pa l.

Okenn natif natal ameriken pa dwe achte, met lajan yo nan operasyon ak Martelly, fè biznis ak Martelly, ni reprann dèt Martelly genyen pou met sou do yo.

Martelly te patisipe oubyen eseye patisipe nan aktivite oubyen operasyon ki pèmèt dwòg lalwa pa rekonèt al layite nan plizyè peyi. Martelly te sèvi ak enfliyans li pou fè trafik dwòg, ki pote plis danje yo, tankou kokayin, antre sou teritwa peyi Etazini.

Toujou dapre Ofac, Martelly te blanchi lajan dwòg yo, li te travay ak trafikan dwòg ayisyen yo epi li te jwe wòl parenn plizyè gang ak zam nan peyi d Ayiti.

Sanksyon sa yo pèmèt gouvènman ameriken an bloke tout byen Martelly genyen nan peyi Etazini. Se sa medya Lavwa lamerik fè konnen. Martelly p ap kapab sèvi ak lajan li genyen sou kont li Ozetazni. Se sa jounal ameriken Miami Herald ekri sou bò pa l.

Nou dwe fe presyon sout sila ki responsab move pas peyi d Ayiti a pou yo sispann fe vyolans konsa sou teritwa Ayiti a. Se konsiderasyon gouvenman Kanada a, ki fe sonje depi lane 2022 yo te koumanse yomenm trase chimen an pou kominote entenasyonal la aji nan menm sans lan, le yo te pran sanksyon kont plizye gwo chabrak, ladan yo Michel Martelly.

Gouvenman peyi Etazini a gen ase enfomasyon pou aji. Se pou sa li te pran tout tan nesese yo anvan l pran sanksyon 20 daawout 2024 la kont Mchel Martelly, ki se yon kriminel ak kravat. Se deklarasyon anbasade ameriken an nan peyi d Ayiti Dennis Bruce Hankins detan l te nan vizit nan No peyi d Ayiti.

Ayiti dwe sispann yon peyi kote nenpòt moun kapab vin fè abi epi vire do yo san sa pa sibi okenn konsekans sou zak yo. Tout sila ki patisipe nan fe wout kwochi ak lajan PetwoKaribe, lajan Komisyoon enterime pou rekonstriksyon peyi d Ayiti / Cirh, tout sila ki nan trafik zam, dwòg, ògàn; tout moun ki nan kòmandite, òganize masak sou pèp ayisyen osnon k ap bay gang zam ak bal pou simen dezolasyon nan mitan fanmi ayisyen an, yo tout se lènmi peyi d Ayiti. Se Se kout rel oganizasyon Noupapdòmi, ki swete bon jan dispozisyon pou fini ak reny enpinite nan peyi d Ayiti.

Ekip tranzisyon an dwe aji pou met estrikti enpotan tranzisyon yo kanpe. Yo dwe pote solisyon rapid rapid nan eskandal koripsyon, ki konsenen 3 konseye prezidan yo. Nou dwe tounen nan lespri ako Jamayik 11 mas 2024 la, ki te chita sou tet ansaanm, responsabiloite ak yon pouvwa kote tout moun ladan. Se kek pami rekomandasyon Kominote peyi Karayib yo (Caricom) fe madi 20 dawout 2024 la, apre vizit yo te fe nan peyi d Ayiti ant dimanch 11 rive vandredi 16 dawout 2024 la.

Sonel Jean Francois ki te fe 33 vwa, Jude Thimogene ki te fe 28 vwa ak guerlyne Residor ki te fe 26 vwa, se 3 non sekte dwa moun yo voye bay Ofis pwoteksyon sitwayen ak sitwayen, ki dwe chwazi youn ladan yo pou ale nan Konsey siperye pouvwa laajistis la (Cspj), sou baz lwa 13 novanm 2007 la.

Madi 20 dawout 2024 la, Konsey prezidan pou tranzisyon an (Kpt) enstale Derby Augustin kom nouvo komandan Fos lame d Ayiti.

Dimanch 18 dawout 2024 la nan vil Jakmel depatman Sides, lapolis nasyonal d Ayiti a arête 2 natif natal peyi Nigeria Kenneth Madukanze 31 lane, ak Peter Henry 29 lane. 2 moun sa yo t ap fonksyone ak fo kat idantifikasyon nasyonal Ayiti, dapre Lapolis. [ppsf emb rc apr 21/08/2024 15:17]