Pòtoprens, 20 dawout 2024 [AlterPresse] --- Gouvènman peyi Etazini a anonse, madi 20 dawout 2024 la, li pran sanksyon kont Joseph Michel Martelly pou trafik dwòg, blanchi lajan dwòg epitou dèske li se parenn gang ak zam nan peyi d Ayiti.
Se Biwo kontwòl lajan etranje nan Etazini / Ofac, ki nan depatman trezò ameriken an, ki pran sanksyon sa yo kont Martelly.
Tout enstitisyon lajan Ozetazini pa dwe bay Martelly ni prè, ni kredi.
Gouvènmann peyi Etazini a entèdi tou tout operasyon chanje lajan, kote Martelly gen enterè pa l. Okennn natif natal ameriken pa dwe achte, met lajan yo nan operasyon ak Martelly, fè biznis ak Martelly, ni reprann dèt Martelly genyen pou met sou do yo.
Martelly te patisipe oubyen eseye patisipe nan aktivite oubyen operasyon ki pèmèt dwòg lalwa pa rekonèt al layite nan plizyè peyi. Martelly te sèvi ak enfliyans li pou fè trafik dwòg, ki pote plis danje yo, tankou kokayin, antre sou teritwa peyi Etazini. Toujou dapre Ofac, Martelly te blanchi lajan dwòg yo, li te travay ak trafikan dwòg ayisyen yo epi li te jwe wòl parenn plizyè gang ak zam nan peyi d Ayiti.
Sanksyon sa yo pèmèt gouvènman ameriken an bloke tout byen Martelly genyen nan peyi Etazini. Se sa medya Lavwa lamerik fè konnen. Martelly p ap kapab sèvi ak lajan li genyen sou kont li Ozetazni. Se sa jounal ameriken Miami Herald ekri sou bò pa l.
Gouvènman peyi Etazini a pa di ki estati Martelly genyen kounye a, apati dat 20 dawout 2024 la, sou teritwa ameriken an. Depi pasáy li nan laprezidans peyi d Ayiti, Martely retounen al viv nan peyi Etazini apati lane 2016, detan l te konn fè ale vini tanzantan nan peyi d Ayiti.
Avèk sanksyon sa yo kont Joseph Michel Martelly, gouvènman Etazini a montre angajman l pou ride Ayiti fè lelit yo pran responsablite yo kòmsadwa epi fè pwomosyon yon peyi d Ayiti, kote ki gen lapè ak pwogrè. Se konsiderasyon sou kont X li sekretè leta an apre peyi Etazini pou rejyon Amerik yo, Brian Andrew Nichols, apre desizyon depatman trezò ameriken an ki pran skansyon kont Michel Martelly pou trafik dwòg, blanchi lajan dwog ak jwe wòl parenn gang kriminel yo nan peyi d Ayiti.
Depi plizyè lane, kominote Ayisyèn ak Ayisyen, ki nan Kanada ak Etazini, toujou leve kanpe kont patisipasyon Martelly nan bal oswa lòt aktivite mizik sou teritwa peyi etranje sa yo.
Depi lane 2023, yon gwoup espè Òganizasyon Nasyon zini yo te lonje dwèt sou Michel Martelly ak plizyè lòt gwo chabrak kòm moun ki jwe wòl parenn gang ak zam nan peyi d Ayiti yo.
Martelly, ansyen senatè Youri Latortue, ki te prezidan sena Ayiti ant lane 2017 pou rive lane 2018, ansyen depite Prophane Victor ant lane 2016 pou rive lane 2020, plis direktè jeneral gwoup biznis Deka a Reynold Deeb gen men yo tranpe, nan kore ak lajan gang ak zam yo nan peyi d Ayiti. Se sa gwoup espè Nasyon zini yo te ekri nan yon rapò yo te rann piblik nan dat 18 oktòb 2023.
Yo te di tou Michel Martelly te parenn gang ak zam Baz 257 nan Petyonvil, gang ak zam Vilaj dedye, Ti Bwa ak Gran Ravin yo nan Pòtoprens. Li te konn bay gang ak zam yo lajan ak zam. Pa lentèmedyè fondasyon l yo oubyen sila ki t ap asire sekirite l yo, Martelly te tabli relasyon epi fè negosyasyon ak lòt gang ak zam oswa chèf gang, tankou Arnel Joseph. Nan dat vandredi 26 fevriye 2021, ansyen chèf Vilaj dedye a, Arnel Joseph, te mouri nan boukantay kout zam ak lapolis nasyonal la nan Lestè, depatman Latibonit. Se sa espè Nasyon zini yo te fè sonje nan rapò yo te rann piblik nan dat 18 oktòb 2023 a.
Depi mwa novanm 2022 a, gouvènman kanada a te pran sanksyon kont Martelly ak 2 ansyen premye minis poutèt yo t ap kore gang ak zam yo nan peyi d Ayiti.
Nan dat 17 novanm 2022 a, gouvènman peyi Kanada te di li pran sanksyon kont 3 moun, poutèt yo t ap kore gang ak zam Ayiti yo ak lajan. Se te Joseph Michel Martelly ak 2 ansyen premye minis Laurent Salvador Lamothe, ki te premye minis ant 16 me 2012 pou rive 14 desanm 2014, ak Jean Henry Ceant, ki te premye minis Ayiti ant 17 septanm 2018 pou rive 18 mas 2019.
Pandan tan sa a, nan yon reyinyon konsèy minis yo lendi 19 dawout 2024 la, gouvènman trazisyon an deside pwolonje eta ijans sekirite a jis rive jedi 19 septanm 2024 la pou 4 depatman nan peyi d Ayiti. Se depatman Lwès, kote nou jwenn zòn metwopoliten Pòtoprens lan, depatman Latibonit kote ki gen gang ak zam Savyen, kokorat san ras ak lòt gang ak zam ankò, depatman Plato santral ak Nip, ki konsènen nan eta ijans sekirite jis rive jedi 19 septanm 2024 la.
Se te nan dat mèkredi 17 jiyè 2024 la gouvènman tranzisyon an te deklare sa l rele eta ijans sekirite a nan 14 komin depatman Lwès ak Latibonit. Fèmen pòt tout biwo, lè pa gen lòt mwayen pou pwoteje biwo sa a. Konstwi oswa kraze nenpòt traváy ki nesesè. Deplase tout byen, sizoka gen bezwen pou sa. Sispann tout sèvis, tankou sikilasyon sou wout, nan lanmè ak anlè. Koupe tout kominikasyon nan telefòn nan 4 depatman sa yo. Sèvi ak kay prive, sizoka mwayen lojistik leta yo pa sifi. Se sa k prevwa nan eta ijans sekirite a pou 4 depatman, jis rive jedi 19 septam 2024 la.
Gouvènman tranzisyon an poko di popilasyon an ki rezilta eta ijans sekirite a bay, ant 17 jiyè pou rive 17 dawout 2024 la, nan 14 komin depatman Lwès ak latibonit yo.
Toujou gen gwo kè sote ak kous kouri, akoz atak gang ak zam ap fè nan katye Solino, Dèlma 24, Fò nasyonal ak katye ki viwonnen yo nan Pòtoprens, nan komin Kafou, Gresye, Gantye, Kabarè, Pon Sonde, Lestè, Ti Rivyè latibonit, Gwo Mòn ak divès lòt komin depatman Latibonit. [ppsf emb rc apr 20/08/2024 14:18]