Pòtoprens, 19 dawout 2024 [AlterPresse] --- Lendi 19 dawout 2024 la, te gen pwotestasyon nan plizyè katye Pòtoprens, tankou nan Solino, pou ekzije leta pran dispozisyon kont laterè gang ak zam yo. Anvan moun ki t ap manifeste yo rive nan kafou wout Dèlma ak aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, lapolis nasyonal la gaye foul lan ak gaz lakimojèn nan zòn Nazon.
Fanm ak gason, ki te pran lari Pòtoprens, lendi 19 dawout 2024 la, te mete divès batanklan, barikad kawoutchou ki t ap boule, machin nan plizyè ri, tankou sou Lali ak avni Martin Luther King, moun plis konnen sou non Nazon. Mouvman pwotestasyon sa a te jennen sikilasyon machin ak motosiklèt. Sa ki te lakoz blokis sou wout Dèlma a lendi 19 dawout 2024 la.
Mèkredi 14 dawout 2024 la, lapolis nasyonal la te gaye tou ak gaz lakimojèn plizyè moun deplase Kafou Fèy, ki t ap ekzije, yon lane apre, bon jan kondisyon sekirite pou retounen lakay yo, ki toujou anba kontwòl gang ak zam yo. Sekirite pou nou retounen lakay nou. Sekirite pou timoun yo retounen lekòl. Kote kès asistans sosyal la / Cas la ye? Se te kèk nan eslogan plizyè fanmi deplase Kafoufèy, nan mouvman pwotestasyon, mèkredi 14 dawout 2024 la, nan lari Pòtoprens. Se te apati dimanch 13 dawout 2023 a gang ak zam Gran Ravin yo te koumanse pouse do plizyè milye fanmi Kafoufèy.
Dimanch 18 dawout 2024 la, gang ak zam Viv ansanm yo te kontinye met dife nan plizyè kay, anba lavil Pòtoprens lan. Gang ak zam sa yo te kontinye tou fè bal chante nan plizyè katye. Yon lòt fwa ankò, anpil anpil fanmi te sètoblije ap kouri kite lakay yo, pou al chèche refij lòt kote.
19 dawout chak lane, se jounen mondyal èd imanitè. Nan okazyon an, Biwo kòdinasyon èd imanitè Nasyon zini nan peyi d Ayiti, yo plis konnen sou non Ocha, wete chapo l douvan aksyon travayèz ak travayè imanitè yo, ki rive ride pil ak pakèt fanm ak gason Ayiti fè fas kare ak kriz imanitè k ap brase bil yo depi plizyè lane.
Jisteman, se plis pase 600 mil moun ki sètoblije kouri kite lakay yo, depi lane 2023 a nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, akoz laterè ak lòt kallte vyolans gang ak zam yo. Latrèe gang ak zam yo pouse anpil lopital ak sannt sante sispann bay sèvis laswenyáy. Machandiz, manje ak medikaman moun plis bezwen pa ka fè ale vini sou teritwa Ayiti a. Sa ki lakoz lavi chè a ogmante grad divizyon, detan nivo grangou a rèd mare divès kote sou teritwa Ayiti a.
Kò sasinay, divès kalte zak vyolans, kidnaping, kadejak ak lòt kalte abi sou kò fanm ak ti fi, tizonnáy, se plizyè kalte malè ki pandye chak jou sou tèt fanm ak gason nan peyi d Ayiti. Tout sila, k ap feraye nan zafè imanitè yo, espoze nan tout tribilasyon sa yo, nan jefò y ap fè pou ride popilasyon an. Se kout rèl Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon yo (Oim).
Malgre tout ijans sa yo, se sèlman 33 pousan lajan, ki ta nesesè pou fè fas kare ak bezwen yo, Nasyon zini rive jwenn pou kore plan imanitè, yo genyen pou lane 2024 la nan peyi d Ayiti. Poutèt sa, kominote entènasyonal la ta dwe fè plis jefò pou ride peyi d Ayiti jwenn resous lajan, ki ka ride l leve defi pil ak pakèt defi imanitè yo. Se kout rèl Biwo kòdinasyon zafè imanitè yo nan Nasyon zini (Ocha).
Kriz imanitè a ak pwoblèm sekirite k ap ravaje peyi d Ayiti. Ki kalte akonpáyman gouvènman peyi Kanada a ta ka bay fòs miltinasyonal la, ki pou pèmèt li bay rezilta sou teren an. Se te kèk eleman diskisyon nan telefòn, semenn pase, ant premye minis Garry Conille ak premye minis Kanada a Justin Trudeau. Se sa biwo premye minis la fè konnen nan yon nòt lendi 19 dawout 2024 a.
Nan dènye jou sa yo, lapolis zil Tik fè konnen li arete plis pase 200 fanm ak gason migran natif natal Ayiti sou teritwa zile karayib sa a, ki pa twò lwen vil Okap ayisyen. Lapolis zil Tik di tou li rive sezi gwo chajman dwòg, ki vo plis pase 2 milyon dola ameriken, ki ta pral sèvi pou fè boukantáy avèk zam ak bal bay trafikan zile Jamayik. Se sa jounal ameriken Miami Herald rapòte.
Nan yon chita pale lendi 19 dawout 2024 la ak jounalis divès medya, reprezantan Komite entènasyonal lakwa wouj yo (Cicr) esplike ki kalte travay y ap fè nan peyi d Ayiti. [ppsf emb rc apr 19/08/2024 14:02]
