Pòtoprens, 18 dawout 2024 [AlterPresse] --- Dimanch 18 dawout 2024 la, bò 5 è di maten, gen yon tranbleman tè trè fèb nivo 2, espesyalis yo anrejistre nan zòn Ench, depatman Plato santral
Se Volcano Discovery Ayiti ki bay enfòmasyon sa a. Se sou yon distans plis pase 15 kilomèt parapò ak vil Ench, sou yon pwofondè 5 kilomèt, espesyalis yo anrejistre tranbleman tè dimanch maten 18 dawout 2024 la. Sou 30 dènye jou yo, ant 18 jiyè pou rive 18 dawout 2024 la, se 41 tranbleman tè ki souke peyi d Ayiti. 22 te nan nivo ant 2 ak 3, 12 te nan nivo 3 epi 7 tranbleman tè te nan nivo pi ba pase 2. Se sa Volcano Discovery Ayiti rapòte.
5 sispèk mouri nan boukantay kout zam ak lapolis nasyonal la, ki arete 13 moun, pami yo 3 polisye nasyonal ak 2 jounalis. Se rezilta operasyon, ant lendi 12 pou rive vandredi 16 dawout 2024 la, lapolis la, ki sezi tou plizyè fizi manch long, katouch, machin ak yon bato dwòg. Se sa pòtvwa lapolis la Michel-Ange Louis-Jeune fè koonen.
Pami moun ki mouri yo, gen Blanco Casalès, yo te konn rele Gwo Fanfan, ki te nan kòkòdáy ak gwoup gang ak zam Viv ansanm yo. Blanco Casalès, ki te mèt Anvayi Otèl nan Klèsin, pa twò lwen aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, se te yon moun ki te sove nan prizon. Nan moman lapolis nasyonal t al fè operasyon an, Blanco Casalès te gen ansanm ak li 3 polisye nasyonal. Se sa lapolis nasyonal la fè konnen.
Sou 13 moun li arete nan nan operasyon li fè nan Klèsin jedi 15 dawout 2024 la, lapolis nasyonal la di li met men sou 3 polisye nasyonal ak 2 jounalis, Daniel Banatte ak Richelson Cénéjuste. 2 jounalis yo te nan yon machin sèvis leta, kote lapolis di l jwenn fizi manch long ak lòt zam.
Lapolis nasyonal prezante Daniel Banatte kòm jounalis Regard Fm, ak Richelson Cénéjuste kòm jounalis Radyo Pa nou. Lapolis di li jwenn Banatte ak Cénéjuste nan yon machin koulè blanch sèvis leta Toyota Land Cruiser, plak SE-06202, ak yon zam manch long plis 2 pistolè avèk 15 katouch.
Depi plis pase 2 mwa, Daniel Banatte pa anime ankò emisyon Regrad Aktyalite sou 92.7 fm nan. Se sa responsab Radyo Regard Fm ekri sou kont X yo.
Sa fè plis pase 2 mwa Daniel Banatte pa anime emisyon regard Aktyalite ankò sou 92.7 Fm lan. Nou regrèt lapolis arete yon manm laprès nan kondisyon sa a. Nou kwè lajistis ak lapolis ap pèmèt laverite blayi. Se sa responsab Radio Regard Fm yo ekri sou kont X yo, nan dat 16 dawout 2024 la.
Yon nouvo òganizasyon, ki rele Gwoup medya endepandan ak solidè yo (Gmis) di li endiye lè l aprann arestasyon jounalis Daniel Banatte, lapolis te jwenn ak zam manch long nan yon machin sèvis leta.
Nan yon nòt ki pote dat 17 dawout 2024 la, òganizasyon Gwoup medya endepandan ak solidè yo deklare yo pa nan tetelang ak okenn konfrè ni konsè, ki chwazi tonbe nan vòlè, nan gang oubyen nan koripsyon. Yo mande responsab medya yo plis veyatif sou sa jounalis yo ap di nan emisyon yo, pou kenbe valè metye a dyanm, pou kenbe bon jan prensip ak moralite nan ekzèsis metye jounalis la. Gwoup medya endepandan ak solidè yo mande tou Inite santral ransèyman finansye, ransèyman sou woulman lajan yo / Ucref, Inite lit kont koripsyon / Ulcc ak lapolis nasyonal d Ayiti a pi aktif sou kontwòl pwogresyon jounalis ak responsab medya yo nan sosyete a.
Malgre tou, n ap fè sonje radyo yo rete toujou zouti, popilasyon an plis itilize pou l jwenn ak bay enfòmasyon. Se sa k soti nan yon rapò ankèt Enstiti Panos Karayib te fè, ansanm ak Internews plis òganizasyon Policite, ant mwa oktòb 2022 pou rive mwa janvye 2023 nan peyi d Ayiti.
Gen plis pase mwatye, nan 700 estasyon radyo, k ap feraye san otorizasyon nan peyi d Ayiti. Gen 150 chenn televizyon, k ap feraye tou nan peyi d Ayiti. Plis pase 80 pousan moun, ki te reponn kesyon ankèt sa a, di yo pito resevwa enfòmasyon nan lang Kreyòl, Fanm ak gason, ki te reponn kesyon ankèt lan, fè konnen yo gen plis konfyans nan enfòmasyon, ki vin jwenn yo nan lang Kreyòl la.
Nan operasyon yo mennen ant lendi 12 pou rive vandredi 16 dawout 2024 la, lapolis nasyonal la di li rive sezi 6 zam, pami yo zam manch long, 195 katouch, 3 machin 7 telefòn selilè ak yon bato ki te pote dwòg. Sou bato sa a, ki pot non Destiny, lapolis depatman Nip dekouvri plis pase 5 kilogram kokayin avèk plis pase 4 kilogram dwòg marijuana. Sou baz sa a, lapolis depatman Nip arete 3 sispèk Claudy Joseph 24 lane, Jeannot Orélien 25 lane ak Fritzner Celaus 45 lane.
Depi jedi 15 dawout 2024 la pou jis rive dimanch 18 dawout 2024 la, toujou gen anpil kout bal k ap pete nan katye kafou Peyan, Solino ak lòt katye ki viwonnen yo. Se sa plizyè temwen rapòte báy AlterPresse ak AlterRadio.
Lapolis nasyonal d Ayiti a dwe aji san pèdi tan pou anpeche katye Solino nan Pòtoprens lan tounen yon lòt teritwa pèdi, ki ka fè rès capital la tonbe anba men bandi ak zam. Se kout rèl Sendika lapolis nasyonal d Ayiti a (Spnh17), ki di l gen gwo kè sote sou jan lapolis nasyonal la poko pran bon jan aksyon, pou kwape degenn gang ak zam yo nètakole.
Sendika lapolis nasyonal d Ayiti a / Spnh17 di l regret anpil lanmò polisye nasyonal James Dorsainvil, 24triyèm pwomosyon, ki pèdi lavi l apre l te resevwa bal gang ak zam Viv ansanm yo, ki t al eseye ankò, jedi 15 dawout 2024 la, fè mannèv pou pran kontwòl katye Solino ak Fò nasyonal. Lapolis la dwe retire tout polisye nasyonal, ki nan koripsyon yo, kèlkilanswa grad polisye sa yo. Direksyon jeneral lapolis la dwe chwazi, swa pèdi lafas ak polisye ki nan koripsyon yo, swa reyisi ansanm ak polisye nasyonal onèt yo. Se dizon Sendika lapolis nasyonal d Ayiti yo (Spnh 17).
Dispozisyon pou ride plis pase 2 milyon elèv nan peyi a, nan pèmèt yo jwenn materyèl lekòl yo. Bay plis pase 180 mil fanmi bourad lajan pou yo prepare rantre lekòl premye oktòb 2024 la. Se sou sa diskisyon te fèt, finisman semenn pase, ant premye minis Garry Conille, minis ekonomi ak finans Ketleen Florestal, minis afè sosyal Georges Wilbert Franck ak plizyè moun nan sektè edikasyon an, pou prepare rantre lekòl 2024-2025 lan.
Direksyon imigrasyon peyi d Ayiti fè konnen li sispann prepare, apati lendi 19 dawout 2024 la, tout nouvo paspò moun fè demann pou jwenn, yon fason pou pote amelyorasyon nan sistèm pwodiksyon paspò yo nan peyi d Ayiti.
Gen plis pase 10 mil nouvo paspò, imigrasyon poko janm ka enprime. Poutèt sa, direksyon imigrasyon peyi d Ayiti deklare li sispann operasyon prepare nouvo paspò yo, yon fason pou jere pi byen lòt demann nouvo paspò yo, nan yon tan byen kout.
Plis pase 254 milya goud, se bidjè leta korije pou 2023-2024 la, konsèy minis tranzisyon an deside lendi 12 dawout 2024 la. Nouvo bidjè a vin plis pase 20 pousan pi piti, pase sa ekip defakto Ariel Henry an te prevwa (se te plis pase 320 milya goud) pou 2023-2024 la nan peyi d Ayiti.
Ranfòse sekirite a sou teritwa peyi d Ayiti a. Pote sipò báy fanm ak gason ki pi ki frajil yo. Se kèk pami obketif, ekip tranzisyon an di l ap rapousuiv nan bidjè leta, li pase men ladan pou 2023-2024 la.
Pèmèt plis moun rive jwenn travay pou goumen kont lavi chè a ak fè ekonomi a reetounen mache nòmal. Fè pwomosyon bon jan jesyon ak ranfòse batay kont koripsyon an. Se lòt objektif ekip tranzisyon an di l ap rapousuiv tou, nan bidjè plis pase 254 milya goud, li deside pou jis rive 30 septanm 2024 la.
N ap batay pou fè traváy tounen bon jan zouti devlopman peyi nou. Se tèm sa a ministè afè sosyal chwazi pou louvri yon espas entènèt nan lang franse, li rele 𝙎𝙚𝙧𝙫𝙞𝙘𝙚 𝙋𝙪𝙗𝙡𝙞𝙘 𝙙𝙚 𝙡’𝙀𝙢𝙥𝙡𝙤𝙞 https://www.servicepublicdelemploi.ht
Ministè afè sosyal vle fè platfòm entènèt sa a sèvi kòm zouti pwoteksyon ak pwomosyon soyal, ki ka mete plis lòd nan mache travay la ak fè mache travay la vin plis daplon ak pwogrè teknoloji yo. Se ta yon fason tou pou tout moun ka gen menm chans pou jwenn travay, san fòs kote. Se ak sipò Fon asistans ekonomik ak sosyal / Faes plis Bank entèameriken devlopman / Bid, ministè afè sosyal rive louvri espas entènèt sa a. [ppsf emb rc apr 18/08/2024 13:51]