Okap (Ayiti) 14 dawout 2024 [AlterPresse] --- 14 dawout 1791 – 14 dawout 2024, sa fè 233 lane depi esklav yo te òganize yon kokennchenn rasanbleman nan espas Bwa Kayiman, Okap, depatman Nò. Se rasanbleman sa a ki pral deklannche gwo leve kanpe esklav yo, ki pral mennen nan lendepandans Ayiti kont kolon franse yo nan dat premye janvye 1804.
Chak semenn, gen yon mwayèn 5 timoun ki mouri oswa blese nan zak laterè gang ak zam yo pandan 6 premye mwa, ant mwa janvye pou rive mwa jen 2024 la nan peyi d Ayiti. Se yon chif ki ka pi wo, dapre òganizasyon Save the children ki site chif Òganizasyon Nasyon zini yo.
Depi koumansman lane 2024 la, genn 131 timoun, pami yo yon ti bebe, ki mouri oswa blese nan atak gang ak zam yo sou katye yo ak lè lapolis ap boukante kout zam ak gang ak zam yo. Gen lòt timoun ki viktim, nan lese frape ant gang ak zam yo. Gen timoun, popilasyon an pase alenfinitif, poutèt yo ta fè move zak nan yon seri katye. Se sa òganizasyon save the children ekri nan yon nòt.
Lapolis nasyonal la, fòs lame d Ayiti ak fòs miltinasyonal la dwe pran dispozisyon pou pwoteje timoun yo, nan moman operasyon y ap mennen kont gang ak zam yo sou teren an. Dwe gen jefò tou pou anpeche gang ak zam yo sèvi ak timoun yo kòm boukliye epi pouse timoun yo al komèt move zak tou. Se rekòmandsyon òganizasyon Save the children.
Madi 13 dawout 2024 la, gang ak zam demantibile, sou wout nasyonal nimewo 1 an, komisarya polis Kabarè a, ki te anba kontwòl yo depi koumansman mwa mas 2024 la.
Komisarya polis Gantye a, sou wout ale vini Malpas/Malpaso a, komisarya polis Gresye ak pòs polis Matisan plis pòtáy Leyogán, sou wout nasyonal nimewo 2 a, pòs polis Bon Repo ak Seslès, pòs polis Ti Tanyen sou wout nasyonaal nimewo 1 an, pòs polis Pènye/Petyonvil, komisarya polis Kwadèboukè a, epi kounye a komisarya polis Kabarè a, se plizyè enstalasyon lapolis nasyonal la gang ak zam met dife ak demntibile depi koumansman mwa mas 2024 la nan peyi d Ayiti.
Ni Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) ni gouvènman tranzisyon an pa soti kominike sou desizyon pou pa voye okenn delegasyon al asiste nouvo seremoni enstalasyon Luis Abinader, ki rebise kòm prezidan Repiblik Dominiken pou 4 lane ankò, jis rive 16 dawout 2028.
Otorite Rapiblik Dominiken yo ap bay otorizasyon pou avyon vini ak ofisyèl ayisyen, sou tout demann otorite ayisyen pou vin asiste seremoni enstalasyon Luis Abinader la. Se sa minis zafè etranje Repiblik Dominiken an Roberto Alvarez fè konnen li te di minis zafè etranje Ayiti a, Dominique Dupuy, nan yon pale nan telefòn nan dat jedi premye dawout 2024 la. Lè sa a, Dominique Dupuy te reponn ni se pou yo leve dispozisyon entèdiksyon pou avyon pa fè vwayay ant Ayiti ak Repiblik Dominiken, pou tout natif natal Ayiti yo. Alvarez te di limenm se pou rezon sekirite otorite Dominiken yo pa kite avyon komès yo fè vwayáy ant Ayiti ak Repiblik Dominiken.
Men, depi 4 lane, Luis Abinader toujou ap voye anpil pawòl piman bouk kont peyi d Ayiti. Gen yon nivo vyolans rèd mare kont fanm ak gason natif natal Ayiti yo sou teritwa dominiken an. Tanzantan, se anpil zak vyolans kont natif natal Ayiti yo. Depi plizyè mwa, gouvènman dominiken an pa asepte okenn moun, ki gen paspò Ayiti, antre nan avyon sou teritwa dominiken an. Nivo vyolans lan vin ogmante anpil depi mwa septanm 2023 a, lè fanm ak gason Wanament, sou fwontyè ak Dajabón nan, deside konstwi yon kannal pou wouze jaden yo, apati larivyè Masak la.
Ant lendi 12 pou rive dimanch 18 dawout 2024 la, se 30tyèm nimewo Liv an foli nan peyi d Ayiti, ni nan pwovens, ni nan Petyonvil. Pou rezon sekirite, òganizatè yo te sètoblije ranvwaye dat evenman sa a. Pou 30tyèm nimewo Liv an foli a lane 2024 la, gen plis pase mil tit liv sou entènèt. Yo resevwa piblik la jedi 15 dawout 2024 la, ki te yon jou konje, nan Karibe Convention Center, Jivena, Petyonvil.
Jounalis ak medya yo enpòtan anpil nan fè sansiblizasyon popilasyon an sou divès kalte sijè, sitou nan ride otorite yo tabli politik piblik Leta nan moman ak peryòd ijans yo. Se konsiderasyon premye minis Garry Conille, ki t ap louvri, madi 13 dawout 2024 la, yon atelye fòmasyon sou kominikasyon nan peryòd kriz, jesyon danje ak dezas nan benefis jounalis nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan.
Gouvènman an dwe fè yon kominikasyon ki parèt pre popilasyon an, anvan ijans yo, nan moman ijans yo ak apre peryòd ijans yo. Se dizon Garry Conille.
Apre peryòd enskripsyon ki bout lendi 12 dawout 2024 la, lis fanm ak gason, fòs lame d Ayiti asepte ki ka koumanse suiv yon premye etap pou vin militè, disponib nan espas entènèt https://md.gouv.ht. Depi dat 13 dawout 2024 la, kandida konsènen yo dwe al depose pyès nesesè yo nan baz avyasyon Fòs lame d Ayiti yo nan Klèsin. Se sa ministè defans peyi d Ayiti fè konnen.
Se ant jedi premye dawout pou rive lendi 12 dawout 2024 la, fòs lame d Ayiti te louvri enskripsyon pou jèn fanm ak jenn gason, ki gen ant 18 pou rive 25 lane, ki ta enterese antre nan fòs lame d Ayiti yo. Kandida fanm yo te dwe gen pou pi piti yon mèt 60 wotè. Kandida gason yo te dwe gen pou pi piti yon mèt 70 wotè. Yo dwe gen bon kondisyon lasante, ni nan lespri yo, ni nan kò yo, epi pare pou resevwa yon fòmasyon militè kòmsadwa. Se te ekzijans fòs lame d Ayiti.
Madi 13 dawout 2024 la, lajistis deside lage Myrtil Marcelin, ki bay tèt li non Arab, lapolis te arete Dèlma nan dat 7 jiyè 2024 la, apre l te sove nan moman atak gang ak zam sou penitansye naasyonal Pòtoprens koumansman mwa mas 2024 la.
Nan plizyè videyo sou rezo sosyal yo, Myrtil Marcelin, ki bay tèt li non Arab, te parèt ap kore zak laterè gang ak zam Viv ansanm yo ap plede fè sou teritwa Ayiti a, sitou nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan.
Madi 13 dawout 2024 la, ansanm ak minis finans lan Ketleen Florestal, bank santral enstale yon nouvo konsèy jesyon 3 manm nan tèt Bank nasyonal kredi (Bnc). Enstalasyon nouvo konsèy jesyon Bnc a fèt plizyè jou, apre eskandal koripsyon ki fè anpil bri ant ansyen prezidan konsèy administrasyon Bnc a, Raoul Pascal Pierre-Louis, ak 3 konseye prezidan Emmanuel Vertilaire, Smith Augustin ak Louis Gerald Gilles.
Se Pierre Andre Agelus, madanm Pascale Valembrun Desinor ak Evens Jerome, ki nan nouvo konsèy jesyon Bnc a. Yo gen responsablite pote amelyorasyon nan lajan k ap woule nan Bank nasyonal kredi a, apati tout zouti kontwòl nesesè yo, ki ka garanti Bnc toujou gen yon bon plas nan sistèm labank peyi d Ayiti yo. [ppsf emb rc apr 14/08/2024 15:01]