Español English French Kwéyol

Ayiti : Otorite lokal yo mande chanje estrikti tradisyonèl bidjè peyi a

Pozisyon Gwoup Aksyon Kolektivite Teritoryal yo (GACT-HAÏTI) sou bidjè rektifikatif repiblik la pou egzèsis fiskal 2023-2024

Òganizasyon an transmèt dokiman sa a bay AlterPresse 20 out 2024

Bidjè Leta a anglobe tout resous li prevwa rantre ak tout depans li prevwa fè sou yon ane fiskal. Tout dokiman bidjè ekilibre dwe gen yon pati rèsèt ak yon pati depans ki di koman ak ki jan lajan resèt sa pwal depanse se prensip fondamental nan preparasyon bidjè.

Lè Leta deside fè yon bidjè rektifikatif alabès, souvan rezon ki paret pi natirel la ta sipoze paske montan resèt ki te prevwa rantre nan trezò piblik la atravè bidjè inisyal la diminye. Depans yo dwe toujou egal ak resèt, si previzyon reset yo bese depans yo dwe rektifye.

Gwoup Aksyon Kolektivite Teritoryal yo (GACT-HAÏTI) sipote Federasyon Majistra Ayisyen yo (FENAMH) ansanm ak GRIDE nan demach yo antame pou yon refòm bidjetè pou pèmèt gouvènman lokal yo jwenn plis resous pou yo ka egzèse chan konpetans yo.

Nan kad refòm bidjè nasyonal la, otorite lokal yo mande Leta ayisyen pou chanje pwosesis elaborasyon ak estrikti/ prezantasyon dokiman bidjè a nan objektik :

1.- Pou yon repatisyon sistematik lajan ki kolekte pou Leta santral ak pou Kolektivite teritoryal (KT) tankou Fon Nasyonal Edikasyon (FNE). Atik 32.1 konstitisyon mas 1987 la di edikasyon fondamantal (lekòl primè)se yon konpetans pataje ant Leta ak KT yo. Nan moman an pa gen yon mekanis repatisyon ki di men ki pousantaj nan lajan sa ki pou Leta santral ak ki pousantaj ki pou KT yo.

2.- Mete nan bidjè a total montan alokasyon depans ki pou antite kolektivite teritoryal yo. Entegre KT yo nan bidjè nasyonal la.

Nan bidjè inisyal 2023-2024 ak nan bidjè rektifikatif 2023-2024 ni nan bidjè avan yo pa gen okenn kote nan seksyon detay sou depans yo pa antite administratif ak nan seksyon depans pa seksyon ki Idantifye antite KT: MERI, CASEC, ASEC,etc.

3.- Bidjetize Fon jesyon ak kolektivite teritoryal yo (FGDTC) : total resèt = total depans. Epi mete dokiman bidjè fon jesyon an nan aneks bidjè nasyonal la.

Malerezman, nan konteks revandikasyon sa yo, Komite egzekitif GACT-HAÏTI a konstate Konsey Minis la apwouve bidjè rektifikatif repiblik la pou fen egzèsis fiskal 2023-2024 ki deja pibliye nan jounal ofisyel repiblik la " Le Moniteur” No 43 nan dat 13 dawout 2024 malgre tout demach administratif bo kote gouvènman tranzisyon an ke antite nan kolektivite teritoryal yo ak nan sosyete sivil la fè.

GACT-HAITI remake menm estrikti tradisyonel la kenbe nan prezantasyon bidjè rektifikatif la akote absans bidjè fon jesyon an nan aneks la.

An plis, nan lekti dokiman bidjè rektifikatif 2023-2024 la nou konstate tou nan prezantasyon detay kredi bidjetè yo pa antite administratif ak pa seksyon ansanm ak tit depans yo pa gen okenn kote ki klèman mansyone antite kolektivite teritoryal yo ak montan lajan alokasyon pa yo.

Bidjè rektifikatif 2023-2024 sa,se yon revizyon alabès bidjè inisyal 2023-2024 ki soti nan 320,645,000,000 goud pou desann nan 254, 820,600,000 goud swa yon bès 20%. Poutan, nou remake alokasyon La prezidans la (CPT a) soti nan 1, 543, 211, 982 pou monte 2, 182, 811, 972 goud swa yon ogmantasyon 41%.

Pendan Konsey Prezidansyel la ( KPT) jwen bel ogmantasyon sa nan bidjè rektifikatif alabès sa, bidjè plizyè lot antite enpotan nan Leta santral la bese. Sitou enstitisyon ki angaje nan batay kont ensekirite jeneral ak gang ame yo nan peyi a:

Bidgè Lame Dayiti, FADH bese pou yon pousantaj 6%;

Bidjè Polis nasyonal, PNH bese pou yon pousantaj 18% ; sitou nan tit depans imobilizasyon ki soti nan 6,325,000,000 goud pou desann nan 2,490,165,782 goud pou yon diferans 3,834,834,218 goud swa yon bès 61%. Chif sa vle di konstriksyon ak reparasyon komisarya ak prizon ki kraze yo pa priyorite gouvènman tranzisyon an pou fen ane fiskal 2023-2024 la.

Ministè sante piblik ( MSPP) bese pou yon pousantaj 11% ;

Ministè jenès ak spò ( MJSAC) bese pou yon pousantaj 19%;

Bidjè Inivèsite Leta a ( UEH) bese pou yon pousantaj 11% ;

Bidjè pouvwa jidisyè a bese pou yon pousantaj 7% ;

Gouvènman tranzisyon sa a atravè bidjè rektifikatif 2023-2024 la pa voye siyal bay gouvènman lokal yo pou montre volonte l pou adrese problem feblès ak mank mwayen KT yo lè li kontinye kenbe menm estrikti tradisyonel prezantasyon bidjè nasyonal la.

Gouvènman tranzisyon an nan denye rankont ak FENAMH nan dat 29 jiyè 2024 la te fè pwomès sibvansyon pou fèt chanpèt, kanaval, rara ak fèt pak. GACT-HAITI ap raple gouvènman an ak eli lokal yo ke itilizasyon fon jesyon an pou bay sibvansyon pou aktivite sa yo ilegal. Dispozisyon lwa 18 jen 1996 la ak arete janvye 2017 sou optimizasyon itilizasyon fon jesyon an di klèman koman lajan fon jesyon an dwe depanse.

GACT-HAÏTI ap kontinye travay ansanm ak patnè li yo nan batay pou entegrasyon antite Kolektivite teritoryal nan bidjè nasyonal la selon lespri atik 217 konstitisyon 1987 la. Komite egzekitif GACT-HAÏTI a ankouraje otorite lokal, sosyete sivil la ak popilasyon an pou kole pou ansanm pote revandikasyon Meri, CASEC ak ASEC yo paske desantralizasyon se baz devlopman sosyal ak ekonomik Ayiti. Yon gouvènans lokal efikas pou yon devlopman ekonomik dirab.

Asec Yvens Pierre
Kòdonatè GACT