Ansdeno (Ayiti), 12 dawout 2024 [AlterPresse] --- Lannuit samdi 10 pou antre dimanch 11 dawout 2024 la, gen yon 15 sispèk popilasyon an pase alenfinitif, nan moman yon operasyon lapolis nan katye Boudon, dezyèm seksyon kominal Ansdeno, depatman Grandans.
Finisman semenn pase a, gen anpil kay yo boule nan katye Boudon an, dezyèm seksyon kominal Ansdeno a. Anvan sa, gang ak zam yo te vòlò plizyè bèt peyizan nan Ansdeno. Nan dènye semennn sa yo, plizyè bandi, ki sot nan Pòtoprens, t al kache nan depatman Grandans lan, kote yo t al simen laterè nan fè divès move zak, dapre enfòmasyon disponib yo.
Dimanch 11 dawout 2024 la, gen 7 moun lapolis nasyonal la sispèk kòm bandi, ki mouri nan boukantáy kout zam ak lapolis nan lokalite Echalòt, komin Gresye. Sou kont X li, lapolis nasyonal la di l rive sezi yon fizi manch long Kalachnikov nan twoke kòn ak gang ak zam yo nan Gresye.
Jedi 8 dawout 2024 la, tansyon an te kontinye wo nan komin Kafou, nan sid Pòtoprens, kote yon dizèn manm gang ki rele Marc Arthur tonbe nan lese frape avèk lòt manm gang Peter ak Christ-Roi Chery (yo plis konnen sou non Krisla). Akoz kout zam sa yo, gen anpil anpil moun ki t al chèche jwenn refij nan mòn Kafou, dapre temwayáy ki vi jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Okenn moun pa dwe ni manje, ni vann vyann bèt, ki gen siy ak sentom maladi chabon sou teritwa Ayiti a. Tout moun dwe pran anpil prekosyon ak bèt ki mouri bridsoukou yo, nan antere yo nan yon twou 6 pye pwofondè epi kouvri twou an ak lacho. Se konsèy ministè agrikilti voye bay popilasyon an, pou evite maladi chabon an pa ta gaye sou teritwa peyi d Ayiti a.
Maladi chabon an, se yon maladi atrapan. Lè yon bèt trape maladi chabon an, nou ka wè san ap soti nan tout twou nan kò l, tankou zòrèy li, twou nen l, elatriye. Epi bèt sa a pral mouri bridsoukou. Moun ka trape maladi chabon an tou. Lè sa a, n ap wè bouton ki leve sou po moun nan, k ap gen difikilte pou respire ak pou fè dijesyon. Se lòt avètisman ministè agrikilti bay.
Nan yon lèt tèt ansanm yo voye bay Edgard Leblanc Fils, ki anchaje kòdinasyon aksyon andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), Biwo suivi akò 30 dawout 2021 an, yo plis konnen sou non akò Montana a, ak Kolektif pati politik 30 janvye 2023 a ekzije dispozisyon, pou ta met sou kote pou yon bout tan 3 konseye prezidan (Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire ak Louis Gerald Gilles), non yo site nan yon eskandal koripsyon nan Bank nasyonal kredi a (Bnc).
Ekip tranzisyon an ta dwe ekzije ankèt, pou prevni lòt eskandal koripsyon nan administrasyon piblik la. mande odit nan tout administrasyon piblik la, ni nan òganis ki pa dirèk dirèk sou lobedyans gouvènman an ak tout lòt òganis leta ki rapòte lajan.
Mete kanpe tout estrikti, yo prevwa nan akò 3 avril 2024 la, tankou Konsèy nasyonal sekirite a, estrikti kontwòl aksyon gouvènman an. Met kanpe tou yon Komisyon verite, jistis ak reparasyon, estrikti k ap anchaje mennen Konferans nasyonal la ak fè pase men nan Konstitisyon an. Epi fè bon jan konsiltasyon ki pou pèmèt yo rive tabli yon Konsèy elektoral pwovizwa, k ap gen pou òganize bon jan eleksyon anvan dat 7 fevriye 2026 la. Se rekòmandasyon Biwo suivi akò Montana a nan tèt kole ak Kolektif pati politik 30 janvye 2023 yo.
Teknoloji a bay anpil pòtinite, sitou nan zafè edikasyon ak pou moun fè biznis. Ministè jenès, espò ak aksyon sivik pare pou kore tout pwojè ak inisyativ teknoloji, ki ka ride pote amelyorasyon nan edikasyon peyi d Ayiti a. Se konsiderasyon minis jenès, espò ak aksyon sivik la Niola Lynn Sarah Devalis Octavius, okazyon 12 dawout lan ki se jounen entènasyonal lajenès chak lane.
Nou ta dwe sèvi ak teknoloji a pou fè pwomosyon yon sosyete, ki tabli sou jistis sosyal. Se lòt konsiderasyon minis jenès, espò ak aksyon sivik la.
Si nou byen sèvi ak teknoloji a, n ap plis pare pou nou fè konkirans nan monn nan. Nou dwe devlope kapasite espesyal, pou nou fè fas kare ak ekonomi monn nan, k ap chanje san kanpe. Pa gen okenn sosyete ki ka pran chimen pwogrè, san patisipasyon jenn fanm ak jenn gason l yo. Se deklarasyon premye minis Garry Conille, okazyon 12 dawout lan ki se jounen entènasyonal lajenès chak lane.
Jenn fanm ak jenn gason yo dwe pouse Leta a ba yo sèvis konsekan, ki ka pèmèt yo kapab fè konkirans nan monn nan. Ak konesans yo, jenn fanm ak jenn gason yo dwe pouse Leta a vin pi dinamik nan aksyon l ap poze yo. Nan mitan tout kè kase peyi a ap travèse yo, jèn Ayisyèn ak Ayisyen yo rete lespwa pou demen. Pou peyi a ak pou jèn yo, an n bati yon nouvo Ayiti, kote va gen pwogrè ak bon kondisyon lavi. Se lòt mesaj Garry Conille okazyon 12 dawout laa, ki se jounen entènasyonal lajenès chak lane.
Ant lendi 12 pou rive dimanch 18 dawout 2024 la, se 30tyèm nimewo Liv an foli nan peyi d Ayiti, ni nan pwovens, ni nan Petyonvil. Pou rezon sekirite, òganizatè yo te sètoblije ranvwaye dat evenman sa a. Pou 30tyèm nimewo Liv an foli a lane 2024 la, gen plis pase mil tit liv sou entènèt. Y ap resevwa piblik la jedi 15 dawout 2024 la, ki se yon jou konje, nan otèl Karibe Jivena, Petyonvil. [ppsf emb rc apr 12/08/2024 14:39]