Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Gang ak zam 400 mawozo yo dechèpiye tout espas Enstiti Monfort yo nan Kwadèboukè, pinga Lakou Souvnans mistik ak Sosyete Bèl etwal sou delege Kep

Vizit evalyasyon Caricom sou tranzisyon an

Kwadèboukè (Ayiti), 11 dawout 2023 [AlterPresse] --- Sou baz eta ijans sekirite, yo deside depi dat 17 jiyè 2024 la, pakè tribinal sivil Gonayiv/depatman Latibonit, pakè tribinal sivil Kwadèboukè ak Pòtoprens/depatman Lwès resevwa enstriksyon pou aji kont tout kriminèl, k ap simen laterè sou teritwa sa yo. Se deklarasyon ministè lajistis, ki mande popilasyon an bay lapolis nasyonal la akonpayman, pou l ka fè fas kare ak gang kriminèl ak zam yo.

Ministè lajistis di li konsidere kouman gak ak zam yo ap kontinye simen laterè divès kote sou teritwa Ayiti a, nan asasinen moun nan Kabarè ak Akayè, met dife nan machin blende, kraze komisarya lapolis ak biwo ladwannn nan komin Gantye, dechèpiye tout espas Enstiti Montfort nan Kwwadèboukè.

Lannuit vandredi 2 pou antre samdi 3 dawout 2024 la, gang ak zam 400 mawozo yo dechèpiye, nan Kwadèboukè, tout espas Enstiti Monfort yo, ki akeyi timoun ki gen bezwen espesyal, tankou timoun ki soud ak timoun ki pa tande byen. Se kout rèl responsab Enstiti Monfort Kwadèboukè a, ki estomake anpil dèske tout jefò y ap fè depi plizyè lane, ak sipò plis bourad moun nan peyi etranje ak sila ki nan peyi d Ayiti, rive kraze bridsoukou anba zak laterè gang ak zam 400 mawozo yo.

Popilasyon an pa satisfè ditou sou rezilta lapolis nasyonal la sou teren an, kote yo wè gang kriminèl ak zam yo ap pran plis teritwa jou an jou, malgre gouvènman tranzisyon an deside yon eta ijans sekirite nan 14 komin depatman Lwès ak Latibonit, depi mèkredi 17 jiyè 2024 la.

Jenn fanm ak jenn gason pa dwe dekouraje, menm si y ap fè fas kare ak tout kalte move kondisyon, pwoblèm ak traka lavi a nan peyi d Ayiti. Se rekòmandasyon pati politik Unir-Ayiti, okazyon jounen entènasyonal lajenès 12 dawout chak lane.

Jenn fanm ak jenn gason dwe kontinye fòme tèt yo nan lekòl, inivèsite ak sant fòmasyon pwofesyonèl yo. Yo dwe evite pran chimen koripsyon, chimen dwòg, chimen gang ak zam ak tout lòt move wout ki ka lage yo nan tyouboum. Se konsa sèlman yo ka prepare yon demen miyò pou yomenm ak pou peyi a. Se lòt moso nan mesay pati politik Unir-Ayiti, okazyon jounen entènasyonal lajenès 12 dawout chak lane.

Lakou Souvnans mistik ak Sosyete Bèl etwal deklare yo pa gen anyen pou wè ak pawòl, ki fè kwè yo ta patisipe nan chita pale pou chwazi yon delege, ki ta dwe antre nan Konsèy elektoral pwovizwa a a (Kep).

Lakou Souvnans mistik ak Sosyete Bèl etwal di yo pa nan zafè politik. Se repozwa Lwa dawonmen ak memwa zansèt yo kite pou peyi d Ayiti, yo ye. Se lwa yo ki chèf lakou yo, ki chèf Sosyete a. Yo fonksyone sou baz regleman pa yo. Yo pa mele nan okenn gwoup, ni yo pa bay okenn moun otorizasyon deside pou yo, ni al reprezante yo okenn kote. Yo mande tout voudouyizan, tout pèp ayisyen an respekte lwa yo, rete veyatif douvan tout sila, ki ta vle sèvi ak non Lakou Souvnans ak Sosyete bèl etwal pou pwòp enterè pèsonèl pa yo. Se pozisyon Lakou Souvnans ak Sosyete Bèl etwal.

Mennen demach onèt, nan transparans, san paspouki, ni mankemelanj, pou rive chwazi yon delege fanm, ki ta dwe antre nan konsèy administrasyon Konsèy elektoral pwovizwa a. Se objektif yon komite 5 òganizasyon fanm (Kay Fanm, Federasyon òganizasyon fanm pou egalite dwa moun / Fedofedh, Fondasyon Toya, Kri fanm ak Solidarite fanm ayisyèn / Sofa) bay tèt yo. Se sa òganizasyon Kay Fanm, ki anchaje kòdinasyon komite sa a, fè konnen nan yon nòt.

Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) dwe mande refè nan bon kondisyon demach pou rive chwazi yon delege fanm, ki ta dwe reprezante sektè fanm yo andedan Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep). Se te ekzijans, nan yon lèt tou louvri, òganizasyon Kay Fanm, Solidarite fanm ayisyèn (Sofa), Fanm Deside, Fondasyon Toya ak feminis endepandan Sabine Manigat, sou baz konfyans ki pa t genyen nan fason òganizasyon, ki pot non Dyalòg entèfanm nan, te chwazi yon fanm, ki ta dwe ale nan Kep a.

Kay Fanm, Solidarite fanm ayisyèn.Sofa, Fanm Deside, Fondasyon Toya ak femeinis endepandan Sabie Manigat te deja denonse fason gwon ponyèt, ki pa klè, nan demach Konsèy prezidan pou tranzisyon an te fè pou rive jwenn delege, ki ta sipoze antre nan Konsèy elektoral pwovizwwa a.

Se ant dimanch 11 pou rive vandredi 16 dawout 2024 la yon delegaasyon Kominote peyi Karayib yo (Caricom) ap vin fè yon evalyasyon sou jan tranzisyon an ap mache, depi finisman mwa varil 2024 la, nan peyi d Ayiti

Pandan 6 jou sa yo, delegasyon Caricom nan ta dwe chita pale ak otorite tranzisyon yo ak tout sila ki konsènen, sou fason y ap suiv sa k ekri nan akò tranzisyon 3 avril 2024 la. [ppsf emb rc apr 11/08/2024 14:11]