Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Reyinyon plizyè patnè entènasyonal sou sekirite nan peyi d Ayiti, gang ak zam 400 mawozo yo dechèpiye tout espas Enstiti Monfort yo nan Kwadèboukè

Pòtoprens, 9 dawout 2024 [AlterPresse] --- Nan yon reyinyon jedi 9 dawout 2024 la ak plizyè patnè entènasyonal peyi d Ayiti, gouvènman tranzisyon an mande kominote entènasyonal la ride peyi d Ayiti jwenn plis ekipman ak materyèl nan zafè sekirite, pou ka fè fas kare ak gang ak zam yo.

Se Gwoup kòdinasyon entènasyonal asistans sekirite a / Gcias ki te òganize reyinyon jedi 8 dawout 2024 la avèk gouvènmaan tranzisyon Garry Conille lan plis fòs miltinasyonal pou kore sekirite a nan peyi d Ayiti. Conille mande patnè entènasyonal Ayiti yo pote kole pou ride lapolis nasyonal la, ki pa gen ase materyèl ak ekipman, pou twoke kòn ak gang ak zam yo. Se konsa sèlman, dispozisyon va pran pou rive fè eleksyon nan finisman lane 2025 la nan peyi d Ayiti. Se pozisyon Garry Conille.

Fòs miltinasyonal pou kore sekirite a bezwen jwenn rapid rapid materyèl ak ekipman nesesè yo, pou ka ride lapolis nasyonal d Ayiti a fè fas kare ak gang kriminèl ak zam yo. Se ekzijans kòmandan fòs miltinasyonal la Godfrey Otunge, nan reyinyon Gwoup kòdinasyon entènasyonal asistans sekirite a jedi 8 dawout 2024 la.

Èd, kominote entènasyonal la te pwomèt pou bay peyi d Ayiti a nan zafè sekirite a, se nan konngout l ap rive. Se deklarasyon Garry Conille nan yon entèvyou li bay medya peyi Angletè Bbc, anvan reyinyon entènasyonal jedi 8 dawout 2024 la.

Popilasyon an pa satisfè ditou sou rezilta lapolis nasyonal la sou teren an, kote yo wè gang kriminèl ak zam yo ap pran plis teritwa jou an jou, malgre gouvènman tranzisyon an deside yon eta ijans sekirite nan 14 komin depatman Lwès ak Latibonit, depi mèkredi 17 jiyè 2024 la.

Lannuit vandredi 2 pou antre samdi 3 dawout 2024 la, gang ak zam 400 mawozo yo dechèpiye, nan Kwadèboukè, tout espas Enstiti Monfort yo, ki akeyi timoun ki gen bezwen espesyal, tankou timoun ki soud ak timoun ki pa tande byen. Se kout rèl responsab Enstiti Monfort Kwadèboukè a, ki estomake anpil dèske tout jefò y ap fè depi plizyè lane, ak sipò plis bourad moun nan peyi etranje ak sila ki nan peyi d Ayiti, rive kraze bridsoukou anba zak laterè gang ak zam 400 mawozo yo.

Sitiyasyon sekirite a kontinye angrave rèd mare nan peyi d Ayiti. Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) ak gouvènman tranzisyon Garry Conille lan kontinye ap fè popilasyon an pwomès, san yo pa fè anyen pou retire l nan madoulè, laterè ak tout lòt kalte vyolans gang ak zam yo. Se kout rèl pati politik Fanmi lavalas.

Dwe gen bon jan dispozisyon ki pou pèmèt fanm ak gason kapab mache libelibè, san kè sote, nenpòt ki kote sou teritwa Ayiti a. Se yon nesesite pou lapè ak sekirite retounen rapid, nan benefis tout moun nan peyi d Ayiti. Se ekzijans pati politik Fanmi Lavalas.

Kriminèl ak kravat yo ansanm ak kriminèl ak sapat yo vle kontinye kraze brize tout byen leta ak byen prive. Nou gen responsablite rekonstwi ak bay popilasyon an lespwa, pou l reprann gou lavi a. Se yon lòt pwomès Garry Conille, nan yon vizit li t al fè jedi 8 dawout 2024 la nan ministè enteryè, ki sou kont li kòm minis enteryè.

Vre lenmi popilasyon an, se gang ak zam yo, k ap simen laterè tout kote san gade dèyè. Vre lenmi popilasyon an, se sila k ap distribye zam ak bal bay bandi yo. Vre lenmi popilasyon an, se politisyen ki nan koripsyon, ki nan sa k pa sa, k ap sèvi ak lajan leta pou regle zafè pèsonèl yo. Se lòt deklarasyon Garry Conille, jedi 8 dawout 2024 la nan ministè enteryè, l ap dirije a.

Jenn fanm ak jenn gason pa dwe dekouraje, menm si y ap fè fas kare ak tout kalte move kondisyon, pwoblèm ak traka lavi a nan peyi d Ayiti. Se rekòmandasyon pati politik Unir-Ayiti, okazyon jounen entènasyonal lajenès 14 dawout chak lane.

Jenn fanm ak jenn gason dwe kontinye fòme tèt yo nan lekòl, inivèsite ak sant fòmasyon pwofesyonèl yo. Yo dwe evite pran chimen koripsyon, chimen dwòg, chimen gang ak zam ak tout lòt move wout ki ka lage yo nan tyouboum. Se konsa sèlman yo ka prepare yon demen miyò pou yomenm ak pou peyi a. Se lòt moso nan mesay pati politik Unir-Ayiti, okazyon jounen entènasyonal lajenès 14 dawout chak lane

Gen yon nouvo kòmandan nan tèt Fòs lame d Ayiti yo. Se Derby Guerrier, ki ranplase Jodel Lesage. Se desizyon ekip tranzisyon an nan dat 7 dawout 2024 la.

Estrikti Ariel Henry te met kanpe a, ki rele Wo Konsèy tranzisyon an, li te enstale nan dat lendi 6 fevriye 2023 a, pa ekziste ankò. Se desizyon, Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) pran nan dat lendi 29 jiyè 2024 la. [ppsf emb rc apr 09/08/2024 14:14\