Pòtoprens, 8 dawout 2024 [AlterPresse] --- Fouye gade lanvè landrèt tout demann sipò, pou sila ki va benefisye pwogram Biden nan. Se pou sa, nan yon nòt avèstisman ki parèt mèkredi 7 dawout 2024 la, depatman sekirite enteryè peyi Etazini di l sispann pou yon bout tan otorizasyon vwayáy pou sila yo asepte nan pwogram Biden nan, ki soti nan peyi Kiba, Ayiti, Nikaragwa ak Venezyela.
Se ta bagay kwochi, ki ta fè depatman sekirite enteryè peyi Etazini a deside sispann pou yon bout tan otorizasyon vwayáy, pou sila yo deja asepte nan pwogram Biden nan. Se sa plizyè medya ameriken rapòte.
Sèvis sitwayen ak imigrasyon peyi Etazini mande tout sila, yo asepte nan pwogram Biden nan, verifye si yo gen otorizasyon pran avyon pou ale nan peyi Etazini, anvan yo òganize vwayay yo.
Sèvis sitwayen ak imigrasyon peyi Etazini di y ap kontinye asepte demann moun k ap bay sipò, pou fè antre lòt moun nan peyi Etazini. Nan koumansman mwa dawout 2024 sa a, konpayi avyon te derefize anbake, nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, plizyè Ayisyèn ak Ayisyen, yo deja asepte nan pwogram Biden nan, malgre moun sa yo te deja achte biyè vwayáy yo pou antre sou teritwa Etazini a.
Depi pwogram Biden nan koumanse nan mwa janvye 2023 pou rive mwa jen 2024 la, gen plis pase 194 mil fanm ak gason natif natal Ayiti yo asepte antre nan peyi Etazini. Gen plis pase 104 mil natif natal peyi Kiba, plis pase 110 mil natif natal Venezyela ak plis pase 86 mil natif natal Nikaragwa, ki antre sou teritwa ameriken an, sou baz pwogram Biden nan. Se chif jounal ameriken Miami Herald rive ranmase.
Mèkredi 7 dawout 2024 la, lakou dapèl Pòtoprens lage, yon fason pwovizwa, ansyen sekretè jeneral bawo avokat ak avoka Pòtoprens yo Robinson Pierre-Louis ak ansyen chèf pakè tribinal sivil Pòdpè, depatman Nòdwès la, Michelet Virgile, ki te nan prizon kòm sispèk nan chajman bal, zam ak lòt batanklan, ladwann te sezi nan wa jiyè 2022 sou waf Pòdpè a, depatman Nòdwès.
Robinson Pierre-Louis te nan prizon depi vandredi 22 jiyè 2022 epi Michelet Virgile te nan prizon tou depi madi 12 jiyè 2022. Yo te gen kòm akizasyon yo ta gen arevwa ak yon chajman 120 mil katouch, zam ak lòt batanklan ki te soti nan peyi Etazini, ladwann ak lapolis te sezi nan bato ki rele « Miss Lili One » vandredi premye jiyè 2022 sou waf Pòdpè a.
Nou sezi wè se bandi kriminèl ki kontinye ap pran kontwòl peyi a (nan fè kò sasináy, kidnaping, kadejak sou fanm ak ti fi) kay apre kay, katye apre katye, koin apre komin, olye se lapolis ki fè sa, kontrèman ak pwomès premye minis Garry Conille yo. Se kout rèl Inyon paran elèv pwogresis ayisyen yo sou AlterPresse ak AlterRadio.
Lè a grav, Pa gen tan ankò pou nan dodomeya. Nan tèt kole ak kominote entènasyonal la, otorite Ayiti yo dwe pran resposablite yo pou kwape degenn gang ak zam yo, k ap simen laterè toupatou. Sitwayen yo dwe leve kanpe pou fòse Leta pran responsablite l. Se konsiderasyon Inisyativ sosyete sivil la (Isc).
Konferans pastè ayisyen yo (Copah) fè konnen li nan diskisyon avèk lòt òganizasyon pwotestan, pou rive jwenn yon antant sou moun yo ka voye kòm delege pwotestan andedan konsèy administrasyon Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep). Se dizon pastè Dorvila Normil, ki se prezidan konsèy ekzekitif Copah, sou AlterPresse ak AlterRadio.
Konferans paste Ayisyen yo bat bravo pou desizyon Konsèy prezidan pou tranazisyon an (Kpt), ki mande Federasyon pwotestan d Ayiti a rejwenn lòt òganizasyon pwotestan yo, pou chwazi nan tèt ansanm yon fanm oswa gason ki pral reprezante sekte pwotestan an nan Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep).
Demach sa a va frennen tanta Federasyon pwotestan an, ki ta vle chwazi poukont pa l yon reprezantan sektè pwotestan an, ki pou antre nan konsèy administrasyon Konsèy elektoral pwovizwa a.
Konferans pastè ayisyen yo te deja lonje dwèt sou Federasyon pwotestan d Ayiti yo, li akize ki pa t fè okenn konsiltasyon ni chita pale pou ta chwazi yon delege fanm oswa gason, pou ale andedan Konsèy elektoral pwovizwa a. Konpòtman Federasyon pwotestan d Ayiti yo lese konprann ta gen mannigans sispèk pou voye moun andedan Kep a. Dwe gen yon komisyon tout moun ladan, ki pou di nan ki kondisyon yo pral chwazi yon delege fanm oswa gason pou ale nan Kep a.
Konferans pastè ayisyen yo (Copah) te di li pran angajman pou fòse yo respekte prensip demokrasi, transparans ak patisipasyon nan demach pou chwazi delege pwotestan yo, ki pou al reprrezante yo andedan Konsèy elektoral pwovizwa a.
Dwe gen bon jan ankèt pou fè limyè sou tout sila nan administrasyon piblik la, espesyalman sila ki gen non yo site nan eskandal koripsyon ak fè machandáy nan pòs Leta yo. Se sa k ka pèmèt yon sitiyasyon kè poze, ki ta va louvri wout pou mennen nan eleksyon. Se dizon Inisyativ sosyete sivil la (Isc).
Chak semenn, gouvènman tranzisyon an pwomèt li pral rann piblik chif kle, ki konsènen yon sektè espesyal. Pral gen odit ak demach pou fè resous moun yo bay rannman kòmsadwa nan administrasyon piblik la. Pral gen konkou toupatou pou rive anplwaye, sou baz kapasite yo, apeprè 8 mil fanm ak gason, pou ranplase sila ki pa la, ki pati, ki pran pansyon nan Leta. Nan limit bidjè leta a, nou pral regle dosye kontraktyèl yo tou. Se sa Garry Conille ekri sou kont X li.
Depi dat premye jiyè 2024, Bank mondyal lonmen natif natal peyi Kanada Anne-Lucie Lefebvre kòm chèf operasyon Bank mondyal nan peyi d Ayiti.
Anvan yo lonmen l nan peyi d Ayiti, Anne-Lucie Lefebvre te alatèt delegasyon Bank mondyal nan peyi Guinee-Bissau, an Afrik. Se sa Bank mondyal peyi d Ayiti di nan yon nòt ki pote dat 6 dawout 2024. [ppsf emb rc apr 08/08/2024 14:33]