Pòtoprens, 6 dawout 2024 [AlterPresse] --- Se apati madi premye oktòb 2024, k ap vini a, lekòl yo ap relouvri sou teritwa Ayiti a. Se desizyon minis ledkiasyon nasyonal la, Augustin Antoine, fè konnen yo pran, detan l t ap vizite syèj ekzamen bakaloreya nan kolèj Kanado ayisyen, madi 6 dawout 2024 la.
Ministè ledikasyon nasyonal poko rann piblik nouvo kalandriye lekòl pou lane 2024-2025 lan, k ap koumanse nan dat madi premye oktòb 2024 k ap vini a.
Ant mwa dawout 2023 pou rive mwa dawout 2024 la, elèv lekòl depatman Latibonit ak Lwès, kote nou jwenn zòn metwopoliten Pòtoprens lan, sibi anpil boulvès ak kalamite, akoz laterè gang ak zam yo.
Se plis pase 900 lekòl ki te ret fèmen nan 2 depatman sa yo, akoz vyolans gang ak zam yo, pandan ane lekòl 2023-2024 la, ki vin bout finisman mwa jiyè 2024 la.
Avèk desizyon relouvri lekòl apati premye oktòb 2024 la, elèv yo ap kapab rale yon ti souf, mem jan tou ak pwofesè avèk rès pèsonèl lekòl yo, ki sot pase yon ane lekòl madoulè ak gwo boulvès 2023-2024.
Laterè ak lòt zak vyolans gang ak zam yo kontinye fòse plizyè milye fanmi kouri kite lakay yo nan plizyè seksyon kominal, katye ak komin depatman Lwès ak Latibonit lan. Se kout rèl Biwo kòdinasyon zafè imanitè nan peyi d Ayiti (Ocha), douvan sitiyasyon anpil anpil timoun, fanm ak gason, ki pa jwenn bon jan pwoteksyon, ni nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, ni nan depatman Latibonit lan. Se yon reyalite move kondisyon lavi, pòtvwa an apre sekretè jeneral Òganizasyon Nasyon zini yo esplike, nan yon kozman ak laprès lendi 5 dawout 2024 la.
Jisteman, se anpil anpil moun nan 985 fanmi, ki t ap viv nan 4triyèm seksyon Mari Wozo ak 5kyèm seksyon Peyi Pouri, ki sètoblije deplase, kouri kite Gantye pou al chèche refij lòt kote, depi atak gang ak zam 400 mawozo yo dimanch 21 jiyè 2024 la. Moun deplase sa yo jwenn refij lakay fanmi ak nan sant akèy. Se yon ranmase Òganizasyon entènasyonal migrasyon yo (Oim), ki te deja pale, nan dat 23 jiyè 2024 la, de plis pase 3 mil 800 moun gang ak zam 400 mawozo yo fòse deplase kite Gantye, pou al pran refij nan Fon Parizyen.
Douvan sitiysyon sa a, 2 sendika lapolis nasyonal yo ekzije bon jan dispozisyon otorite Leta yo, pou kwape degenn gang ak zam 400 mawozo yo nan Gantye, sou wout ale vini nan fontyè Malpas/Malpaso a.
Sendika polis nasyonal d Ayiti a / Spnh-17 di li aprann ak gwo lapenn kouman sitiyasyon an vin pi konplike nan komin Gantye a, sou fontyè Malpas/Malpaso a. Apre yo te kraze komisarya polis Gantye a jedi 25 jiyè 2024 la, gang ak zam 400 mawozo yo kontinye ap simen laterè nan Gantye, boule tout sa yo jwenn, san yo pa jwenn rezistans ki met bout nan degenn yo. Spnh-17 di li pa wè ki sa k chanje ant Frantz Elbe ak Rameau Normil, minis Carlos Hercule ak Emmelie Prophete. Ni youn ni lòt montre yo pa gen kapasite pou pote bon jan repondong kont zak kriminèl gang ak zam yo. Spnh17 deklare li krenn pou plis teritwa pa kontinye pèdi nan peyi d Ayiti.
Sou bò pa l, Sendika nasyonal polisye ayisyen yo /Synapoha konsidere se menm zak kriminèl yo, k ap kontinye fèt na peyi a. Malgre te gen anpil avètisman danje sou komin Gantye a, alatèt lapolis nasyonal d Ayiti yo pa t pran dispozisyon pou anpeche gang ak zam 400 mawozo yo kraze komisarya polis Gantye a jedi 25 jiyè 2024 la, ni anpeche yo boule blende lapolis la dimanch 4 dawout 2024 la. Nou mande premye minis Garry Conille ak direktè jeneral pou yon bout tan lapolis la Rameau Normil pran responsablite yo douvan zak laterè gang ak zam yo, ki pa sispann met dlo nan je popilasyon an. Se kout rèl Synapoha.
Gang ak zam 400 mawozo yo pa jennen fè videyo, espoze batanklan zam yo genyen, montre kouman yo te met dife nan yon blende lapolis Gantye, dimanch 4 dawout 2024 la.
Machin blende sa a te an pán. Se esplikasyon lapolis nasyonal la bay, nan yon nòt kote l fè konnen machin blende sa a, ki te nan biwo ladwann sou wout ale vini Malpas/Malpaso a, pa t nan operasyon lapolis.
Polisye nasyonal, ki te nan machin blende a, te kouri kite l, nan moman atak gang ak zam 400 mawozo yo nan Gantye, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio. Popilasyon an dwe rete veyatif ak evite antre nan tout fòm machandáy, ki ka kreye boulvès ak panik nan kominote yo. Se sa lapolis la ekri sou paj Facebook li.
Men, sitiyasyon an poko janm retounen nan nòmal nan Gantye, malgre prezans polisye nasyonal, lame d Ayiti ak polisye fòs miltinasyonal la. Gang ak zam 400 mawozo yo t ap fè mannèv pou kraze ak soude yon pon, ki konekte Gantye ak Fon Parizyen, yon fason pou bloke pasaj sou wout la. Gang ak zam 400 mawozo yo asasinen plis pase 10 moun nan Gantye, dapre enfòmasyon disponib yo.
Depi atak gang 400 mawozo yo dimanch 21 jiyè 2024 la, gen plis pase 3 mil 800 moun ki sètoblije deplase, kouri kite Gantye pou al pran refij nan Fon Parizyen. Se enfòmasyon Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon yo / Oim te ranmase madi 23 jiyè 2024 la.
Depi finisman semenn pase a, Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) tanmen plizyè chita pale ak reprezantan divès sektè (fanm, peyizan, pwotestan), ki poko jwenn antant sou ki yès yo va chwazi kòm delege yo chak, pou antre nan konsèy administrasyon nouvo Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep).
Konferans pastè ayisyen yo (Copah) te lonje dwèt sou Federasyon pwotestan d Ayiti yo, li akize ki pa fè okenn konsiltasyon ni chita pale pou ta chwazi yon delege fanm oswa gason, pou ale andedan Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep). Se pinga pastè Dorvila Normil, prezidan konsèy ekzekitif Copah a, sou AlterPresse ak AlterRadio.
Konpòtman Federasyon pwotestan d Ayiti yo lese konprann ta gen mannigans sispèk pou voye moun andedan Kep a. Dwe gen yon komisyon tout moun ladan, ki pou di nan ki kondisyon yo pral chwazi yon delege fanm oswa gason pou ale nan Kep a. Konferans pastè ayisyen yo / Copah di l pran angajman pou fòse yo respekte prensip demokrasi, transparans ak patisipasyon nan demach pou chwazi delege pwotestan yo, ki pou al reprrezante yo andedan Konsèy elektoral pwovizwa a.
Gwo wounou wounou ak chire pit toujou ap pèsiste andedan divès sektè, sou demach Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) ki mande plizyè sektè chwazi yon delege fanm oswa gason, pou voye andedan Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep) yo pral monte a. Se yon ranmase AlterPresse ak AlterRadio.
Plizyè pwojè dekrè sou pase men ki ta dwe fèt nan diplomasi peyi d Ayiti a, ki di kouman pou ministè zafè etranje a mache kòmsadwa, ki jan pou akademi Jean Price Mars, ki andedan ministè zafè etranje a, dwe òganize, ki jan diplomat ak konsil yo ka fè karyè epi ki jan Leta ka pèmèt gwo fonksyonè l yo jwenn ak sèvi avèk paspò diplomatik ak ofisyèl. Se dokiman sa yo minis zafè etranje a Dominique Dupuy remèt nan yon reyinyon konsèy minis gouvènman tranzisyon an, lendi 5 dawout 2024 la. [ppsf emb rc apr 06/08/2024 14:19]