Pòtoprens, 5 dawout 2024 [AlterPresse] --- 2 sendika lapolis nasyonal yo ekzije bon jan dispozisyon Leta pou kwape degenn gang ak zam 400 mawozo yo nan Gantye, sou wout ki mennen nan fontyè Malpas/Malpaso a.
Sendika polis nasyonal d Ayiti a / Spnh-17 di li aprann ak gwo lapenn kouman sitiyasyon an vin pi konplike nan komin Gantye a, sou fontyè Malpas/Malpaso a. Apre yo te kraze komisarya polis Gantye a jedi 25 jiyè 2024 la, gang ak zam 400 mawozo yo kontinye ap simen laterè nan Gantye, boule tout sa yo jwenn, san yo pa jwenn rezistans ki met bout nan degenn yo. Ant Frantz Elbe ak Rameau Normil, minis Carlos Hercule ak Emmelie Prophete, pa gen diferans. Ni youn ni lòt montre yo pa gen kapasite pou pote bon jan repondong kont zak kriminèl gang ak zam yo. Se dizon Spnh17, ki krenn plis teritwa ka kontinye pèdi nan peyi d Ayiti.
Sou bò pa l, Sendika nasyonal polisye ayisyen yo /Synapoha konsidere se menm zak kriminèl yo k ap kontinye fèt. Malgre te gen anpil avètisman danje sou komin Gantye, alatèt lapolis nasyonal d Ayiti yo pa t pran dispozisyon pou anpeche gang ak zam 400 mawozo yo kraze komisarya polis Gantye a jedi 25 jiyè 2024 la, ni anpeche yo boule blende lapolis la dimanch 4 dawout 2024 la. Nou mande premye minis Garry Conille ak direktè jeneral pou yon bout tan lapolis la Rameau Normil pran responsablite yo douvan zak laterè gang ak zam yo, ki pa sispann met dlo nan je popilasyon an. Se kout rèl Synapoha.
Dimanch 4 dawout 2024 la, gang ak zam 400 mawozo yo te met dife nan yon blende lapolis Gantye. Machin blende sa a te an pán. Se esplikasyon lapolis nasyonal la bay, nan yon nòt kote l fè konnen machin blende sa a pa t nan operasyon lapolis.
Polisye nasyonal, ki te nan machin blende a, te kouri kite l, nan moman atak gang ak zam 400 mawozo yo nan Gantye. Popilasyon an dwe rete veyatif ak evite antre nan tout fòm machandáy, ki ka kreye boulvès ak panik nan kominote yo. Se sa lapolis la ekri sou paj Facebook li. Men, sitiyasyon an poko janm retounen nan nòmal nan Gantye, malgre prezans polisye nasyonal, lame d Ayiti ak polisye fòs miltinasyonal la. Gang ak zam 400 mawozo yo t ap fè mannèv pou kraze yon pon, ki konekte Gantye ak Fon Parizyen. Gang ak zam 400 mawozo yo asasinen plis pase 10 moun nan Gantye, dapre enfòmasyon disponib yo. Depi atak gang 400 mawozo yo dimanch 21 jiyè 2024 la, gen plis pase 3 mil 800 moun ki sètoblije deplase, kouri kite Gantye pou al pran refij nan Fon Parizyen. Se enfòmasyon Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon yo / Oim te ranmase madi 23 jiyè 2024 la.
Gouvènman tranzisyon an fè konnen te gen yon reyinyon espesyal, dimanch 4 dawout 2024 la, ant premye minis Garry Conille ak direktè jeneral pou yon bout tan lapolis la Rameau Normil, nan objektif pou pote repons kont laterè gang ak zam yo, espesylman nan komin Gantye.
Amelyore kapasite polisye ak lòt pèsonèl fòs miltinasyonal la nan lang kreyòl ak franse. Pèmèt yo pi konprann kilti peyi d Ayiti a ak devlope relasyon konfyans ak popilasyon an. Se objektif yon seri kou fòmasyon, Alyans franse, enstiti Nasyon zini pou fòmasyon ak rechèch (Unitar), ak bourad Òganizasyon entènasyonal frankofoni (Oif), tanmen, lendi 5 dawout 2024 la pou fòs miltinasyonal la.
Ak sipò Òganizasyon panameriken lasante/Òganizasyon mondyal lasante (Ops/Oms), ministè sante piblik ap miltipliye jefò pou pote repons konsekan sou tout ka sispèk nan maladi chabon an, detan y ap kontinte raanfòse siveyans yo pou anpeche maladi chabon an ta gaye sou teritwa Ayiti a. Se sa Biwo kòdinasyon zafè imanitè Nasyon zini yo fè konnen nan yon ranmase, koumansman mwa dawout 2024 la.
Popilasyon an ta dwe evite kontak ak zannimo ki malad oswa ki mouri bridsoukou. Yo ta dwe siyale bay otorite yo tout ka maladi, ki ta sanble ak maladi chabon. Epi bay enfòmasyon sou tout moun yo ta sispèk, ki gen sentom ki ta sanble ak maladi chabon an. Se rekòmandasyonn ministè sante piblik peyi d Ayiti depi mitan mwa jiye 2024 la.
Tout moun dwe toujou lave men yo ak savon, depi yo te fin nan kontak dirèk ak zannimo. Epi yo dwe al chèche bay zannimo yo vaksen kont maladi chabon. Se lòt konsèy ministè sante piblik peyi d Ayiti bay. Se yon mikwòb, ki rele Bacillus Anthracis nan langaj teknik, ki bay maladi chabon an. Mikwòb sa a ka kontaminen moun ki nan kontak dirèk dirèk ak zannimo, ki deja enfekte. Moun, ki ta manje vyann kontaminen sa yo, ka trape maladi chabon an. Moun ki ta trape maladi chabon an ap wè yo vin gen mak koulè nwa sou po kò yo, ki pa bay gwo doulè. Se avètisman ministè sante piblik peyi d Ayiti bay, nan yon nòt pou laprès.
Ant lendi lendi 5 pou rive jedi 8 dawout 2024 la, se ekzamen ofisyèl Leta bakaloreya divès kote sou teritwa Ayiti a. Se plis pase 121 mil elèv, fanm kou gason, k ap konpoze nan ekzamen ofisyèl sa yo. Gen plis pase 109 mil elèv nan nouvo segondè a, sa yo rele depi kèk lane Ns4 la. Gen tou plis pase 10 mil elèv k ap konpoze nan ekzamen ofisyèl bakaloreya pèmanan an, epi plis pase 800 elèv pou ekzamen ofisyèl filo tradisyonèl la. Se enfòmasyon Biwo nasyonal ekzamen leta yo bay.
Ekzamen ofisyèl Leta koumansman mwa dwout 2024 yo ap espesyal nan depatman Latibonit ak Lwès, ki te konnen gwo boulvès ant oktòb 2023 pou rive mwa daout 2024 la, avèk laterè gang ak zam yo. Ekzamen ofisyèl leta koumansman mwa dawout 2024 yo pral bay sitwayèn ak sitwayen, ki pral fè etid siperyè nan peyi d Ayiti oswa nan peyi etranje. Tout dispozisyon deja pran pou ekzamen ofisyèl mwa dawout 2024 yo byen pase sou teritwa Ayiti a. Se pwomès ministè ledikasyon nasyonal, nan yon kozman ak laprès vandredi 2 dawout 2024 la. [ppsf emb rc apr 05/08/2024v 14:22]