Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : 31 jiyè ta dwe tounen jounen rekonesans anfavè tout moun angaje, 400 mawozo met dife nan blende lapolis Gantye, ogmantasyon zak kadejak ak lòt kalte abi sou kò fanm ak ti fi ant avril pou rive jen 2024, eksè lapolis nan sèvi ak lafòs sou anpil moun ki pa t patisipe nan zak vyolans Latibonit

Pòtoprens, 4 dawout 2024 [AlterPresse] --- 31 jiyè, ki koresponn ak dat lanmò Anthony Pascal (Konpè Filo) nan lane 2020 plis dat lanmò Liliane Pierre-Paul nan lane 2023, ta dwe tounen yon jounen rekonesans anfavè tout moun angaje nan peyi d Ayiti. Se rekòmandasyon òganizasyon Pwomosyon pou devlopman (Promodev) ki te òganize aktivite, 28 jiyè ak 31 jiyè 2024 la, nan memwa Konpè Filo ak Liliane Pierre-Paul.

Met kanpe yon pwojè eritaj pou demen. Òganize chak lane konkou Pri Liliane Pierre Paul ak Pri Konpè Filo. Pri sa yo ta vin rekonèt jefò jounalis ak tout sila k ap defann libète lapawòl nan peyi d Ayiti. Rann piblik liv/dokiman sou lavi ak angajman Konpè Filo ak Liliane Pierre-Paul, yon fason pou transmèt eritaj yo bay jenerasyon fanm ak gason k ap vini yo, pou ankouraje jèn yo pran angajman anfavè lajistis ak devlopman peyi d Ayiti a. Se pwopozisyon Òganizasyon Pwomosyon pou devlopman (Promodev).

Ant lendi 5 pou rive jedi 8 dawout 2024 la, ap gen ekzamen ofisyèl Leta bakaloreya divès kote sou teritwa Ayiti a. Se plis pase 121 mil elèv, fanm kou gason, ki pral konpoze nan ekzamen ofisyèl sa yo. Ap gen plis pase 109 mil elèv nan nouvo segondè a, sa yo rele depi kèk lane Ns4 la. Ap gen tou plis pase 10 mil elèv k ap konpoze nan ekzamen ofisyèl bakaloreya pèmanan an, epi plis pase 800 elèv pou ekzamen ofisyèl filo tradisyonèl la. Se enfòmasyon Biwo nasyonal ekzamen leta yo bay.

Ekzamen ofisyèl Leta koumansman mwa dwout 2024 yo ap espesyal nan depatman Latibonit ak Lwès, ki te konnen gwo boulvès ant oktòb 2023 pou rive mwa daout 2024 la, avèk laterè gang ak zam yo. Se sa ministè ledikasyon nasyonal rekonèt, nan yon kozman ak laprès vandredi 2 dawout 2024 la

Ekzamen ofisyèl leta koumansman mwa dawout 2024 yo pral bay sitwayèn ak sitwayen, ki pral fè etid siperyè nan peyi d Ayiti oswa nan peyi etranje. Tout dispozisyon deja pran pou ekzamen ofisyèl mwa dawout 2024 yo byen pase sou teritwa Ayiti a. Se pwomès minis ledikasyon nasyonal la Augustin Antoine, nan yon kozman ak laprès vandredi 2 dawout 2024 la.

Pochèt pou resevwa san ak lòt materyèl espesyal pou ranmase san moun, pou sèvis laswenyày sou teritwa Ayiti a. Se materyèl, ki soti nan peyi Lend, nan zòn Azi a, ministè sante piblik resevwa finisman semenn pase, pou pote repons sou bezwen ak demann san pou moun, nan sistèm lasante peyi a. Se sa ministè sante piblik fè konnen

Nan yon atak yo fè dimanch 4 dawout 2024 la sou biwo ladwann Gantye a, pa twò lwen fontyè Malpas/Malpaso a, gang ak zam 400 mawozo yo met dife nan yon machin blende, lapolis nasyonal la konn fè patwouy moute desann nan komin Gantye a. Polisye nasyonal yo te kouri kite machin blende a, nan moman atak gang ak zam 400 mawozo yo, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Malgre prezans polisye nasyonal, lame d Ayiti ak polisye Kenya fòs miltinasyonal la, sitiyasyon an poko janm retounen nan nòmal nan Gantye, pa twò lwen fwontyè Malpas/Malpaso a. Apre yo te kraze komisarya polis Gantye a, gang ak zam 400 mawozo yo t ap fè mannèv pou kraze yon pon ki konekte Gantye ak Fon Parizyen. Se sa plizyè medya te rapòte finisman mwa jiyè 2024 la.

Jedi 25 jiyè 2024 la, gang ak zam 400 mawozo yo te sèvi ak gwo traktè pou kraze plat atè komisarya polis Gantye a, nan depatman Lwès la. Depi dimanch 21 jiyè 2024 la, gang ak zam 400 mawozo yo ap atake komin Gantye, kote yo asasinen plis pase yon dizèn moun nan laterè y ap kontinye fè a, sou wout ale vini sou fwontyè Malpas/Malpaso a. Depi menm dimanch 21 jiyè 2024 la, gen anpil anpil moun ki sètoblije kouri deplase kite Gantye, pou al pran refij nan Fon Parizyen.

Ant mwa avril pou rive jen 2024, kantite zak kadejak ak lòt kalte abi sou kò fanm ak ti fi, sitou nan zòn ki anba kontwòl gang ak zam yo, ogmante rèd mare nan plizyè katye ak espas kote moun deplase sètoblijje al pran refij yo. Òganis imanitè yo rive resevwa menm 40 ka kadejak nan yon jounen, pami yo yon ti fi ki gen sèlman 3 lane. Se kout rèl Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti (Binuh).

Nan finisman mwa jen 2024 la, gang ak zam Simon Pele nan Site Solèy asasinen ak 2 bal nan tèt yon ti fi 13 lane, epi lage kò l sou yon pil fatra nan Simon Pele. Gen anpil zak kadejak, gang ak zam yo fè nan komin Gresye, Kafou, Site Solèy, Kwadèboukè ak Dèlma. Se lòt enfòmasyon ki nan rapò finisman mwa jiyè 2024 la Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti a (Binuh)

Sou pi piti 45 ka, lapolis nasyonal d Ayiti a te fè eksè nan sèvi ak lafòs sou anpil moun ki pa t patisipe nan zak vyolans, ant mwa avril pou rive jen 2024 la, nan depatman Latibonit lan. Pami viktim yo, gen anpil ki t ap mache apye oswa ki t ap degaje yo nan vann machandiz sou bak yo nan lari a. Se sa yon rapò finisman mwa jiyè 2024 la Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti (Binuh) fè konnen.

Gen pou piti 236 moun ki mouri ak blese nan operasyon lapolis nasyonal la t al mennen pou kwape gang ak zam yo nan depatman Latibonit lan, ant mwa avril pou rive mwa jen 2024 la. Anpil nan viktim yo te resevwa bal mawon, nan moman twoke kòn ant inite espesyal lapolis yo ak gang ak zam yo.

Ant mwa avril pou rive jen 2024 la, gang ak zam Gran Grif Savyen yo ak Kokorat san ras yo lakoz 76 moun mouri ak blese, nan atak y al fè nan Gwo Mòn, Lestè, Lyankou, Ti Rivyè Latibonit ak Tènèv. Nan dat samdi 15 jen 2024 la, gang ak zam yo lakoz pou pi piti 11 moun, pami yo yon bebe, mouri ak blese, nan atak y al fè nan lokalite Savann Plat ak Savann Kare / komin Gwo Mòn epitou nan Lagon / komin Tènèv, depatman Latibonit. Pa t janm gen evenman avari san konsa, ki te konn fèt anvan nan lokalite sa yo. Se sa Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti / Binuh rapòte nan rapò finisman mwa jiyè 2024 li a.

Ant mwa avril pou rive mwa jen 2024 la, Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti / Binuh di l konte plis pase mil 370 moun ki mouri ak blese, nan laterè ak lòt vyolans gang ak zam yo sou teritwa Ayiti a. Se plis pase 420 moun, gang ak zam yo te kidnape epi fòse fanmi yo bay kout lajan, ant mwa avril ak mwa jen 2024 la nan peyi d Ayiti. Se yon ranmase Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti (Binuh).

Ak sipò kominote entènasyonal la, gouvènman Ayiti a ta dwe met kanpe ekip espesyal nan sistèm lajistis la, ki pou travay sou masak, dosye kadejak sou fanm ak ti fi, laterè ak lòt kalte vyolans, sou dispozisyon pou pa mete sou kote moun ki sibi vyolans yo, epi travay sou zak koripsyon, sa k pa sa nan administrasyon piblik la. Se rekòmandasyon Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti (Binuh).

Depi plizyè mwa, gang ak zam yo ap simen laterè ant Pon Sonde ak Lestè, sitou nan Kafou Pèy ak Lakwa Peris, kote y ap asasinen ak dechèpiye chofè transpò piblik, ti machann ak nenpòt lòt moun ki ta eseye travèse pati wout nasyonal nimewo 1 sa a.

Gang ak zam yo gen kontwòl tou sou lòt moso wout nasyonal nimewo 1 an, depi Kazo, nan komin Taba, pase Bon Repo, Kanaan, Ti Tanyen, Sous Matla, komin Kabarè, san lapolis nasyonal poko janm rive kapab kwape zak kriminèl sa yo.

Gang ak zam yo gen kontwòl tou nan Kwadèboukè, nan zòn nòdès Pòtoprens, epi nan zòn Tòsèl, nan lès Pòtoprens Yo gen kontwòl divès kote, sou wout nasyonal nimewo 2 a, depi Matisan, pase Kafou ak Maryani, pou rive Gresye. Se toulèjou y ap ekzije chofè transpò piblik yo peye dwa pasáy.

Laterè ak lòt kalte vyolans gang ak zam yo ka rive nenpòt ki kote sou teritwa Ayiti a. Sa ki ka lakoz moun resevwa bal mawon. Se pou sa nou konseye tout natif natal Ameriken yo evite vwayaje, pa vwayaje ditou nan jou k ap vini yo nan peyi d Ayiti. Se avètisman gouvènman peyi Etazini a.

Gang ak zam yo ka komèt zak kriminèl yo nenpòt ki lè. Li enpòtan pou natif natal Ameriken yo konsidere sekirite pèsonèl yo, anvan yo ale nenpòt ki kote sou teritwa Ayiti a. Natif natal Ameriken yo dwe pridan nan zòn Pierre 6 ak Kafou Douya, tou pre aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. Nou toujou kenbe nivo avètisman nivo sekirite 4. Ki vle di pa vwayaje ditou nan peyi d Ayiti. Gouvènman Etazini a pa ka garanti sekirite natif natal Ameriken, k ap pase nan aryopò, sou lanmè oswa nan lòt mwayen machin vini Ayiti. Se rekòmandasyon gouvènman Etazini a, nan yon mesaj ki sou espas entènèt anbasad Etazini nan peyi d Ayiti.

Depi jedi premye dawout pou rive lendi 12 dawout 2024 la, fòs lame d Ayiti di yo louvri enskripsyon pou jèn fanm ak jenn gason, ki gen ant 18 pou rive 25 lane, ki ta enterese antre nan fòs lame d Ayiti yo. Kandida fanm yo dwe gen pou pi piti yon mèt 60 wotè. Kandida gason yo dwe gen pou pi piti yon mèt 70 wotè. Yo dwe gen bon kondisyon lasante, ni nan lespri yo, ni nan kò yo, epi pare pou resevwa yon fòmasyon militè kòmsadwa.

Y ap resevwa enskripsyon yo nan katye jeneral Fòs lame d Ayiti sou Channmas, Pòtoprens, oswa sou entènèt nan adrès mel sa a infodefense@md.gouv.ht

Sou demann Ofis pwoteksyon sitwayèn ak sitwayen yo (Opc), komisyon legliz katolik women Jistis ak Lapè (Jilap) met kanpe yon komite, ki anchaje mennen demach pou rive chwazi delege, ki ta dwe reprezante sektè dwa moun yo andedan Konsèy siperyè pouvwa lajistiis la (Cspj).

Òganizasyon ki enterese yo gen jis rive samdi 10 dawout 2024 la pou ta voye non kandida yo nan adrès elektwonik candidaturecspj@gmail.com. Se sa Jistis ak Lapè / Jilap fè konnen.

Samdi 3 dawout 2024 la, Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) te chita pale ak reprezantan Dyalòg ant fanm sou kesyon delege, ki ta dwe soti nan sektè fanm nan pou ale nan konsèy administrasyon Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep). Menm samdi 3 dawout 2024 la, Kpt a te chita pale tou, bò kote pa yo, ak reprezantan Konfederasyon nasyonal vodou ayisyen (Knva), Zantráy ak lòt gwoup nan vodou a. Menm jan ak sektè fanm nan, yo te pale tou sou kozman delege, ki ta dwe reprezante vodou a nan Konsèy administrasyon Konsèy elektoral pwovizwa a.

Pa gen konfyans nan fason òganizasyon, ki pot non Dyalòg entèfanm nan, te chwazi yon delege, ki ta dwe reprezante sektè fanm yo andedan Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep). Se pou sa Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) dwe ekzije pou sa refèt nan bon kondisyon, pou moun ka vin gen konfyans nan eleksyon ki ge pou fèt yo. Se ekzijans òganizasyon Kay fanm, Solidarite fanm ayisyèn (Sofa), Fannm Deside, Fondasyon Toya ak feminis endepandan Sabine Manigat, nan yon lèt tou louvri yo voye bay Kpt a.

Kay Fanm, Solidarite fanm ayisyèn/Sofa, Fanm Deside, Fondasyon Toya ak feminis endepandan Sabine Manigat te deja denonse fason gwoponyèt, ki sanble pa klè, nan demach Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) pou jwenn delege, ki ta sipoze vin manm Konsèy elektoral pwovizwa a. Nou kapab patisipe nan demach pou ta voye delege andedan Konsèy elektoral pwovizwa a, depi gen konfyans nan demach Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Se sa òganizasyon fanm sa yo ak feminis endepandan Sabine Manigat te di. [ppsf emb rc apr 04/08/2024 13:17]