Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Ekzijans pou rann piblik akò ak Kenya pou fòs miltinasyonal la, avètisman ministè lajistis kont grèv pakè tribinal sivil yo, enskripsyon pou fanm ak gason ki ta enterese antre nan fòs lame d Ayiti yo

Pòtoprens, 2 dawout 2024 [AlterPresse] --- Biwo avoka entènasyonal yo (Bai) fè konnen li voye bay leta Ayiti a yon papye tenbre, ki ekzije otorite yo rann piblik, nan jounal ofisyèl « le Moniteur a » akò, yo te siyen ak Leta peyi Kenya, ki bay otorizasyon pou polisye Kenya vin deplòtonnen andedan fòs miltinasyoal pou kore sekirite nan peyi d Ayiti a. Se ekzijans Biwo avoka entènasyonal yo nan yon kozman ak laprès, jedi premye dawout 2024 la.

Depi yo rann piblik dokiman akò sa a, popilasyon peyi d Ayiti a va konnen ki sa pou yo fè sizoka polisye Kenya yo ta fè zak maspinay dwa moun sou teritwa Ayiti. Se dizon Biwo avoka entènasyonal yo.

Dekouvri sou ki regleman lalwa fòs miltinasyonal la deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. Pèmèt polisye Kenya yo konnen pi byen prensip dwa moun ak dwa entènasyonal imanitè, ki arevwa ak pwogram operaasyon sekirite yo, ki jan pou yo mennen ak fè evalyasyonn operasyon sekirite yo. Konnen nan ki kondisyon yo ka sèvis ak lafòs sou teren an. Se kèk pami eleman, ki te nan yon sesyon fòmasyon branch Òganizasyon Nasyon zini nan zafè dwa moun te fè, jedi premye dawout 2024 la, pou polisye Kenya yo ki andedan fòs miltinasyonal pou kore sekirite a nan peyi d Ayiti.

Detan yo gen dwa òganize yo pou fè revandikasyon yo pase, majistra-jij yo ak responsab pakè tribinal sivil yo dwe fè mouvman yo san yo pa anpeche sistèem lajistis la mache, san mouvman yo a pa gen konsekans sou dwa ak libète sitwayèn ak sitwayen yo. Se avètisman ministè lajistis, ki swete komisè gouvènnman ak sibstiti yo ta met bout nan grèv, yo tanmen depi plizyè semenn nan tout espas tribinal peyi d Ayiti yo.

Se pou pèmèt tout majistra-jij yo ak ajan pakè tribinal sivil yo pote kout men pa yo, nnan batay kont laterè gang ak zam yo, sou baz eta ijans sekirite gouvènman tranzisyonn an deside, depi mèkredi 17 jiyè 2024 la, nan 14 kominn depatman Lwès ak Latibonit lan. Se sa ministè lajistis di pou eseye jistifye avètisman li bay lan.

Semenn pase, gouvènman tranzisyon an te fè konnen li met kanpe estrikti kont gang nan esspas tribinal Kwadèboukè ak Pòtoprens/ depatman Lwès ak Gonayiv / deptman Latibonit. Estrkiti kont gang sa yo gen ofisye pakèe tribinal sivil yo, aajan lapolis k ap travay pou lajistis a ak otorite lokal. Estrkti kont gang sa yo dwe ekzekite desizyon lajistis va pran, sou baz eta ijans sekirite a. Se sa ministè lajistis te di nan yon nòt nan dat 23 jiyè 2024 la.

Ki sa lajistis ak lapolis ap fè pou kwape laterè gang ak zam yo ak enpinite sou teritwa Ayiti a. Ki sa òganizasyon nan sosyete a ka pote nan baay kont laterè gang ak zam yo ak kont enpinite a. Se te kèk eleman, ki te nan yon chita pale, jedi premye dawout 2024 la, ant Òganizasyon sitwayèn ak sitwayen pou yon lòt Ayiti (Ocnh) avèk reprezantan plizyè òganizasyon nnann sosyete a, ak reprezantan lajistis ak lapolis nasyonal la.

Nan finisman chita pale a, Òganizasyon sitwayèn ak sitwayen pou yon lòt Ayiti te remèt yon dokimaan ki gen revandikasyon ak rekòmandasyon òganizasyon nan sosyete a, sou dispozisyon otorite yo ta dwe pran pou kwape zak laterè ak enpinite yo.

Jis rive lendi 12 dawout 2024 la, fòs lame d Ayiti di yo louvri enskripsyon pou jèn fanm ak jenn gason, ki gen ant 18 pou rive 25 lane, ki ta enterese antre nan fòs lame d Ayiti yo. Kandida fanm yo dwe gen pou pi piti yon mèt 60 wotè. Kandida gason yo dwe gen pou pi piti yon mèt 70 wotè. Yo dwe gen bon kondisyon lasante, ni nan lespri yo, ni nan kò yo, epi pare pou resevwa yon fòmasyon militè kòmsadwa.

Y ap resevwa enskripsyon yo nan katye jeneral Fòs lame d Ayiti sou Channmas, Pòtoprens, oswa sou entènèt nan adrès mel sa a infodefense@md.gouv.ht

Sektè konsènen yo ta dwe voye lòt delege nan plas 3 konseye-prezidan, non yo site nan eskandal koripsyon ki ta fèt nan Bank nasyonal kredi a (Bnc). Ta dwe gen pase men nan akò 3 avril 2024 la, ki ka pèmèt Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) chita plis sou transpaaran ak patisipasyon tout bon sektè òganize nan sosyete a. Se pozisyon rasanbleman politik ki rele Fwon patriyotik popilè (Fpp), nan yon nòt pou laprès.

Pa gen konfyans nan fason òganizasyon, ki pot non Dyalòg entèfanm nan, te chwazi yon delege, ki ta dwe reprezante sektè fanm yo andedan Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep). Se pou sa Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) dwe ekzije pou sa refèt nan bon kondisyon, pou moun ka vin gen konfyans nan eleksyon ki ge pou fèt yo. Se ekzijans òganizasyon Kay fanm, Solidarite fanm ayisyèn (Sofa), Fannm Deside, Fondasyon Toya ak feminis endepandan Sabine Manigat, nan yon lèt tou louvri yo voye bay Kpt a.

Kay Fanm, Solidarite fanm ayisyèn/Sofa, Fanm Deside, Fondasyon Toya ak feminis endepandan Sabine Manigat te deja denonse fason gwoponyèt, ki sanble pa klè, nan demach Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) pou jwenn delege, ki ta sipoze vin manm Konsèy elektoral pwovizwa a. Nou kapab patisipe nan demach pou ta voye delege andedan Konsèy elektoral pwovizwa a, depi gen konfyans nan demach Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Se sa òganizasyon fanm sa yo ak feminis endepandan Sabine Manigat te di.

Ranmase enfòmasyon sou kapsite estrikti teknik Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep) pou preparee chimen, pou konsèy administrasyon Kep ki pral monte a. Se te youn nan objektif chita pale premye minis Garry Conille te genyen, mèkrredi 31 jjiyè 2024 la, ak direksyon teknik Kep a. Se sa biwo Garry Conille lan fè konnen. [ppsf emb rc apr 02/08/2024 15:36]