Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Danje inondasyon bridsoukou, lapolis nasyonal la pa gen ase materyèl, machin blende Etazini yo se tankou anbilans, popilasyon an pa satisfè sou rezilta operasyon lapolis la, pinga pou Ameriken pa vwayaje an Ayiti, Kpt a dwe met sou kote 3 konseye prezidan sispèk nan eskandal koripsyon

Pòtoprens, premye dawout 2024 [AlterPresse] --- Nan kontinye pale ak patnè entènasyonal yo, ekip tranzisyon an ap reflechi sou dispozisyon nesesè, pou fè fas ak febles, lapolis nasyonal la genyen nan zafè materyèl. Jisteman, fòs miltinasyonal la pa gen ase repondong nan nivo materyèl, pou kore travay lapolis nasyonal la su teren an. Se deklarasyon kòdonatè aksyon nan Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), Edgard Leblanc Fils.

Edgard Leblanc Fils t ap fè yon ranmase, mèkredi 31 jiyè 2024 la, sou patisipasyon ekip tranzissyon an nan 47tyèm reyinyon chèf leta ak chèf gouvènman Kominote peyi Karayib yo / Caricom, ki te fèt ant dimanch 28 pou rve madi 30 jiyè 2024 la, nan peyi Grenad.

Machin blende gouvènman Etazini bay fòs miltinasyonal la, se tankou anbilans yo ye. Fòs miltinasyonal la ta dwe gen pito machin blende, ak fizi gwo kalib sou tèt yo, ki ka pèmèt yo twoke kòn ak gang ak zam yo. Se sa pòtvwa fòs miltinasyonal la nan peyi d Ayiti di jounal ameriken Miami Herald.

Nan jounal ameriken Miami Herald, fòs miltinasyonal la plenyen sou kantite materyèl ak ekipman li pa genyen pou mennen bon jan operasyon, ki ka kore lapolis nasyonal d Ayiti a sou teren an.

Patnè entènasyonal yo ta dwe fè plis jefò nan bay plis resous moun ak mwayen lajan, ki ka ride lapolis nasyonal d Ayiti a fè fas kare ak gang ak zam yo. Se demann reprezantan peyi Etazini douvan Òganizasyon Nasyon zini yo, Linda Thomas-Greenfield, te fè nan moman yon vizit espesyal lendi 22 jiyè 2024 la nan Pòtoprens.

Linda Thomas-Greenfield te pwomet gouvènman ameriken an pral bay lòt bourad lajan pou achte machin blende, ki ka pèmèt fos miltinasyonal la fè fas kare ak gang ak zam, k ap simen laterè sou teritwa Ayiti a.

Zòn Marasa, Santo ak lòt kote nan Laplenn (nan nò ak nan nòdès Pòtoprens) te anba gwo kout zam mèkredi 31 jiyè 2024 la, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Popilasyon an pa satisfè sou rezilta operasyon lapolis nasyonal yo, pou retabli sou teritwa nasyonal la bon jan kondisyon sekirite, ki ka pèmèt lavi a ta retounen nan nòmal divès kote.

Laterè ak lòt kalte vyolans gang ak zam yo ka rive nenpòt ki kote sou teritwa Ayiti a. Sa ki ka lakoz moun resevwa bal mawon. Se pou sa nou konseye tout natif natal Ameriken yo evite vwayaje, pa vwayaje ditou nan jou k ap vini yo nan peyi d Ayiti. Se avètisman gouvènman peyi Etazini a.

Gang ak zam yo ka komèt zak kriminèl yo nenpòt ki lè. Li enpòtan pou natif natal Ameriken yo konsidere sekirite pèsonèl yo, anvan yo ale nenpòt ki kote sou teritwa Ayiti a. Natif natal Ameriken yo dwe pridan nan zòn Pierre 6 ak Kafou Douya, tou pre aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. Nou toujou kenbe nivo avètisman nivo sekirite 4. Ki vle di pa vwayaje ditou nan peyi d Ayiti. Gouvènman Etazini a pa ka garanti sekirite natif natal Ameriken, k ap pase nan aryopò, sou lanmè oswa nan lòt mwayen vini Ayiti. Se rekòmandasyon gouvènman Etazini a, nan yon mesaj ki sou espas entènèt anbasad Etazini nan peyi d Ayiti.

Alatèt lapolis nasyonal d Ayiti yo kontinye fè pase men nan estrikti l yo. Se sa lapolis la fè konnen.

Mèkredi 31 jiyè 2024 la, yo mete enspektè jeneral Pierre Rene François nan tèt Direksyon santral lapolis k ap travay pou lajistis la /Dcpj. François pran plas nan Dcpj Frederic Leconte, ki ale nan enspeksyon jeneral Lapolis nasyonal d Ayiti a. Komisè polis Pierre Stanley Augustin enstale nan tèt direksyon pèsonèl lapolis nasyonal d Ayiti a. Augustin pran plas komisè polis Jean Maurest Etienne, ki ale nan kabinè direktè jeneral pou yon bout tan lapolis la, Rameau Normil.

Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) ta dwe met sou kote 3 konseye-prezidan, yo sispèk ki ta mele nan sa k pa sa, nan eskandal koripsyon nan Bank nasyonal kredi a (Bnc). Sektè, ki te voye 3 moun say o kòm delege, ta dwe voye lòt delge nan plas yo pou vin konseye-prezidan. Se rekòmandasyon rasanbleman òganis dwa moun ki rele Ansanm kont koripsyon.

Leta peyi d Ayiti dwe pran tout dispozisyon pou ranfòse aksyon komite nasyonal kont trèt moun nan, nan fè prevansyonn ak goumen kont trèt ak trafik moun. Se rekòmandasyon platfòm Gwoup k ap apiye raptriye ak refijye yo (Garr), okazyon jounen mondyal kont trèt moun madi 30 jiyè 2024 la.

Pou pote kole, yon enstitisyon ak lòt, kont trèt moun nan peyi d Ayiti, Inivèsite leta d Ayiti, Ofis pwoteksyon sitwayèn ak sitwayen ak komite lit kont trèt moun siyen yon antant, madi 30 jiyè 2024 la, okazyon jounen entènasyonal kont trèt moun.

Pral gen yon pwogram etid nan Inivésite leta d Ayiti a, pou ankouraje etidyant ak etidyan yo fè rechèch sou kozman an. Epitou etidyant ak etidyan yo pral kapab fè estaj nan divès pwogram komite lit kont trèt moun genyen. Se sa k prevwa nan antant, Inivèsite leta d Ayiti, Ofis pwoteksyon sitwayèn ak sitwayen ak komite lit kont trèt moun siyen madi 30 jiyè 2024 la, okazyon jounen entènasyonal kont trèt moun. [ppsf emb rc apr 01/08/2024 15:43]