Pòtoprens, 31 jiyè 2024 [AlterPresse] --- Yon lane gen tan pase. 31 jiyè 2024 fè yon lane depi peyi d Ayiti, espesyalman laprès, Radyo Tele Kiskeya, te pèdi jounalis Liliane Pierre-Paul. Liliane Pierre-Paul mouri bridsoukou, ak kè l ki rete, nan dat 31 jiyè 2023. Li te gen 70 lane sou tèt li. Se nan dat 16 jen 1953 li te fèt nan Ti Gwav, depatman Lwès la.
Madi apremidi 30 jiyè 2024 la, gen yon premye polisye Kenya ki blese nan zepòl li ak bal gang ak zam, ki te tire sou yon patwouy fòs miltinasyonal la. Zak sa a rive nan zòn waf Pòtoprens lan, nan moman gang ak zam yo t ap eseye vòlò yon chajman diri.
Eta sante ofisye polis Kenya a pa pi mal. Yo te mennen l nan lopital fòs miltinasyonal la. Gen plizyè bandi ki ta mouri, lè fòs miltinasyonal la boukante kout zam ak yo. Se sa fòs miltinasyonal la ekri sou kont X li.
Atak kont patwouy fòs miltinasyonal la rive anba lavil Pòtoprens lan, yon jou apre lapolis nasyonal ak fòs miltinasyonal la, akoz kout zam ki t ap tire nan alantou lopital jeneral Pòtoprens lan, te sètoblije deplase an ijans ak premye minis Garry Conille, ki t al fè yon vizit lopital la lendi 29 jiyè 2024 la.
Se pa yon atak gang ak zam kòtèj Garry Conille lan te sibi, lendi 29 jiyè 2024 la, apre l te fin bay medya Cnn yon entèvyou nan lopital jeneral Pòtoprens lan. Se dizon direktè jeneral pou yon bout tan lapolis nasyonal la, Rameau Normil, nan yon deklarasyon li fè douvan laprès madi 30 jiyè 2024 la.
Gen 104 moun, lapolis nasyonal la sispèk ki ta asosye gang ak zam, ki mouri nan boukantáy kout zam ak lapolis depi gouvènman tranzisyon an deside, mèkredi 17 jiyè 2024 la, eta ijans sekirite a nan 14 komin depatman Lwès ak Latibonit lan. Se yon ranmase Rameau Normil, nan yon deklarasyon douvan laprès madi 30 jiyè 2024 la.
Lapolis nasyonal la arete 65 moun, pami yo 5 ki te sove nan prizon. Lapolis la sezi 19 zam, 7 machinn ak plis pase 9 kilo kokayin. Se lòt enfòmasyon Rameau Normil bay nan deklarasyon 30 jiyè 2024 la douvan laprès.
Pa gen tan ankò. Moman an rive pou lapolis nasyonal la aji pou retabli konfyans lakay popilasyon an. Dwe gen bon jan dispozisyon pou sove depatman Lwès ak Latibonit lan, ki anba laterè gang ak zam yo. Se revandikasyon Sendika lapolis nasyonal d Ayiti a (Spnh17) nan yon nòt pou laprès.
Polisye nasyonal yo ap travay nan move kondisyon nan depatman Latibonit lan. Se pou sa, Spnh17 mande alatèt lapolis nasyonal yo fè pase men nan direksyon lapolis depatman Latibonit la, ki pa bay rezilta.
8. Ak sipò kominote entènasyonal la, gouvènman Ayiti a ta dwe met kanpe ekip espesyal nan sistèm lajistis la, ki pou travay sou masak, dosye kadejak sou fanm ak ti fi, laterè ak lòt kalte vyolans, sou dispozisyon pou pa mete sou kote moun ki sibi vyolans yo, epi travay sou zak koripsyon, sa k pa sa nan administrasyon piblik la. Se rekòmandasyon Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti (Binuh).
Ak sipò kominote entènasyonal la, gouvènman Ayiti a ta dwe pran dispozisyon ki ka pote bon jan solisyon nan kriz imanitè, k ap brase bil peyi d Ayiti depi plizyè mwa yo. Se youn nan rekòmandasyon Biwo entegre Nasyon zinni nan peyi d Ayiti, nan yon ranmase nan dat 30 jiyè 2024 la.
Yon timoun, 5 fanm ak 29 gason, se kantite migran natif natal Ayiti gouvènman peyi Jamayik pimpe vini nan peyi d Ayiti, dimanch 28 jiyè 2024 la, apre yo te fin antre san papye sou teritwa jamayiken an. Natif natal Ayiti sa yo te jwenn sèvis lasante nan peyi Jamayik, anvan otorite peyi Karayib sa a te pimpe yo retounen nan peyi d Ayiti. Se sa jounal Glanner nan peyi Jamayik rapòte.
Pou pote kole, yon enstitisyon ak lòt, kont trèt moun nan peyi d Ayiti, Inivèsite leta d Ayiti, Ofis pwoteksyon sitwayèn ak sitwayen ak komite lit kont trèt moun siyen yon antant, madi 30 jiyè 2024 la, okazyon jounen entènasyonal kont trèt moun.
Trèt se yon zak maspinay dwa moun. Lè yo mete timoun nan restavèk, fòse timoun sa yo al fè yon seri travay, yo pa dwe fè nan laj yo, voye l pa si pa la, sou pwomès yo pral mete l lekòl, yo konsidere l tankou trèt. Trèt vle di tou operasyon kote yon seri raketè pran lajan nan men moun pou ranmase ak bwote lòt moun, mete yo nan kay kote yo pa gen libète, nan objektif pou y al espwate yo nan aktivite jamè dodo, aktivite plezi fanm ak gason. Menm jan sa te ye nan peryòd lesklavay lan, yo konsidere trèt lan tankou zak lesklavay. Akò entènasyonal yo prevwa pinisyon kont tout sila, k ap fè trèt, sitou trèt timoun ak trèt fanm.
Trafik moun, limenm, se yon lò zak maspinay dwa moun. Dwa entènasyonal la di gen trafik moun, lè raketè fè komès ak fanm ak gason, fè yo kite peyi yo pou fè yo antre san papye nan lòt peyi. Dwa entènasyonal la pale de trafik depaman ak lalwa, raketè yo konn fè tou sou fann ak gason migran, lè yo fè yo vwayaje atè / kidonk nan machin, anlè nan avyon ak sou lanmè.
Antouka, sou bò pa yo, 3 enstitisyon Ayiti nou sot site yo pran angajman pou met kanpe yon pwogram sansiblizasyon kont trèt moun sou teritwa Ayiti a. Pral gen yon pwogram etid nan Inivésite leta d Ayiti a, pou ankouraje etidyant ak etidyan yo fè rechèch sou kozman an. Epitou etidyant ak etidyan yo pral kapab fè estaj nan divès pwogram komite lit kont trèt moun genyen. Se sa k prevwa nan antant, Inivèsite leta d Ayiti, Ofis pwoteksyon sitwayèn ak sitwayen ak komite lit kont trèt moun siyen madi 30 jiyè 2024 la, okazyon jounen entènasyonal kont trèt moun.
Gade ki jan y ap respekte akò 3 avril 2024 la ak ki dispozisyon ekip tranzisyon an ap pran sou koze eleksyon, ki ta dwe fèt nan lane 2025 nan peyi d Ayiti. Se objektif misyon yon delegasyon Kominote peyi Karayib yo (Caricom), ki ta sipoze rive pa bò isit anvan mitan mwa dawout 2024, k ap vini an. Se kòdonatè aksyon nan Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), Edgard Leblanc Fils, ki fè konn sa nan 47 tyèm woumble Kominote peyi Karayib yo, ki te fèt ant dimanch 28 pou rive madi 30 jiyè 2024 la, nan peyi Grenad.
Kominote peyi Karayib yo (Caricom) gen yon komisyon ki anchaje jwenn reparasyon pou tout peyi nan zòn nan, ki te sibi lesklavay. Apati 47tyèm woumble Caricom ki sot fèt finisman mwa jiyè 2024 la, peyi d Ayiti vin antre andedan komisyon sa a. Se yon inisyativ ekip tranzisyon an, apre yon chita pale minis zafè etranje a, Dominique Dupuy, te fè ak rektora Inivèsite leta d Ayiti a, k ap feraye sou kozman chèche jwenn reparasyon sou lajan peyi Lafrans te fòse peyi d Ayiti bay, dèske l te rache lendepandans li anba men kolon franse yo, nan dat premye janvye 1804.
Depi plizyè mwa, Rektora Inivésite leta d Ayiti a te deside laji gwoup travay sou dosye pou fè peyi Lafrans remèt Ayiti lajan, li te fòse peyi a peye pou l rekonèt lendepandans li te rache nan men kolon franse yo nan dat premye janvye 1804 la.
Gwoup traváy sou dosye dèt lendepandans lan gen 9 moun, k ap travay sou kozman listwa, jewopolitik, diplomasi, ekonomi, antwopoloji, kilti, kominikasyon, angajman kominote yo pou prepare dokiman solid, remèt bay otorite Ayiti yo. Otorite Ayiti yo va yomenm mande Lafrans remèt peyi d Ayiti lajan, li te fòse peyi a peye pou l rekonèt lendepandans peyi d Ayiti a. [ppsf emb rc apr 131/07/2024 15:11]