Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Conille kite an ijans lopital jeneral Pòtoprens lan akoz kout zam alantou, plizyè moun Pon Sonde blese anba bal gang apre manifestasyon 29 jiyè 2024 la, ranmase Binuh sou laterè gang ak zam yo ak zak kidnaping ant avril pou rive mwa jen 2024 la

Pòtoprens, 30 jiyè 2024 [AlterPresse] --- Akoz kout zam ki t ap tire nan alantou lopital jeneral Pòtoprens lan, lapolis nasyonal ak fòs miltinasyonal la te sètoblije deplase an ijans ak premye minis Garry Conille, ki t al fè yon vizit lopital la lendi 29 jiyè 2024 la.

Se nan sekirite Garry Conille ak lòt moun ki te ansanm ak li yo te rive kite lopital jeneral Pòtoprens lan. Se deklarasyon tèt ansanm lapolis nasyonal d Ayiti a ak fòs miltinasyonal la.

Pa gen okenn polisye nasyonal Ayiti ni polisye Kenya ki blese, nan moman evenman lendi 29 jiyè 2024 la. Polisye nasyonal Ayiti yo ak polisye Kenyan yo te tire anpil kout zam, nan moman yo t ap fè Garry Conille ak rès moun ki te avè l yo kite lopital jeneral la an ijans.

Te gen anpil kout zam ki te pete nan sant vil Pòtoprens lan, sitou nan zòn lopital jeneral Pòtoprens lan, nan moman Garry Conille te nan tèt yon delegasyon, ki t ap vizite lopital jeneral la.

Garry Conille te gen ak li minis lajistis la Caros Hercule, direktè jeneral pou yon bout tan lapolis la Rameau Normil ak kòmandan polis Kenya a Godfrey Otunga.

Garry Conille te gen tan fin bay medya ameriken Cnn yon entèvyou nan lopital jeneral Pòtoprens lan, lè kout zam te chante nan alantou lopital la lendi 29 jiyè 2024 la.

Se apre entèvyou a, nan moman y ap kite lopital jeneral Pòtoprens lan, yo te tande anpil kout zam ki te pati. Se sa jounalis Larry Madowo, ki te nan ekip Cnn ki t ap fè entèvyou ak Garry Conille lan, rapóte.

Plizyè moun Pon Sonde blese anba bal gang ak zam Gran grif Savyen yo, ki t al tire, apremidi lendi 29 jiyè 2024 la, sou pòs polis Pon Sonde a, depatman Latibonit. Se nan kabann gwo dlo Latibonit lan gang ak zam Savyen yo te pase, pou al atake ankò pòs polis Pon Sonde a, dapre temwayay ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Gen plizyè polisye nasyonal, ki te sòti nan lòt komin depatman Latibonit lan, ki te eseye fè fas kare ak gang ak zam Gran grif Savyen yo. Se temwayaý ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Popilasyon an bouke anba laterè gang ak zam yo nan depatman Latibonit lan. Nou bezwen retounen lakay nou, tout kote nan depatman Latibonit lan. Se kèk pami revandikasyon anpil anpil fanm ak gason, nan yon lòt manifestasyon pwotestasyon lendi 29 jiyè 2024 la, soti kafou Pon Sonde pou rive nan kafou Òganis devlopman Vale latibonit lan / Odva.

Kidonk, se kèd èd tan apre yon manifestasyon nan Pon Sonde, kote popilasyon an t ap ekzije bon jan dispozisyon kont zak kriminèl yo, gang ak zam yo t al tire ankò kout bal kont pòs polis Pon Sonde a.

Jis kounye a, se bandi k ap taye banda nan plizyè komin depatman latibonit lan espesyalman sou wout nasyonal nimewo 1 an, soti Pon Snde rive nan komin Lestè. Otorite yo poko fe anyen pou kwape gang ak zam sa yo, k ap fe tout kalite vyolans sou popilasyon an, ki lage de bra pandye.

Depi plizyè mwa, gang ak zam yo ap simen laterè ant Pon Sonde ak Lestè, sitou nan Kafou Pèy ak Lakwa Peris, kote y ap asasinen ak dechèpiye chofè transpò piblik, ti machann ak nenpòt lòt moun ki ta eseye travèse pati wout nasyonal nimewo 1 sa a.

Gang ak zam yo gen kontwòl tou sou lòt moso wout nasyonal nimewo 1 an, depi Kazo, nan komin Taba, pase Bon Repo, Kanaan, Ti Tanyen, Sous Matla, komin Kabarè, san lapolis nasyonal poko janm rive kwape zak kriminèl sa yo.

Gang ak zam yo gen kontwòl tou nan Kwadèboukè, nan zòn nòdès Pòtoprens, epi nan zòn Tòsèl, nan lès Pòtoprens Yo gen kontwòl divès kote, sou wout nasyonal nimewo 2 a, depi Matisan, pase Kafou ak Maryani, pou rive Gresye. Se toulèjou y ap ekzije chofè transpò piblik yo peye dwa pasáy.

Ant mwa avril pou rive mwa jen 2024 la, Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti (Binuh) di l konte plis pase mil 370 moun ki mouri ak blese nan laterè ak lòt vyolans gang ak zam yo sou teritwa Ayiti a

Se plis pase 420 moun, gang ak zam yo te kidnape epi fòse fanmi yo bay kout lajan, ant mwa avril ak mwa jen 2024 la. Se yon ranmase Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti (Binuh).

Gen plis pase 40 ti gason ak ti fi ki pèdi lavi yo oswa blese, nan moman atak gang ak zam yo oubyen ki resevwa bal mawon, ant mwa avril pou rive mwa jeen 2024 la. Zak kadejak ak lòt fòm vyolans sou fanm ak ti fi yo kontinye ogmante anpil, sitou nann zòn ki anba kontwòl gang ak zam yo sou teritwa Ayiti a. Se yon lòt kout rèl Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti (Binuh).

Ant mwa avril pou rive mwa jen 2024 la, gang ak zam yo rapousuiv menm mannèv ak degenn kraze, dechèpiye, met dife, nan plizyè biwo ak biznis yo te fè nan mwa fevriye ak as 2024 la. Se plis pase 450 kay ak komès, gang ak zam yo al kraze brize ant mwa avril pou rive mwa jen 2024 la. Se sa Binuh rapòte.

Ant mwa avril pou rive mwa jen 2024 la, gen 78 prizonye ki mouri nan prizon Ayiti yo. Pi fò nan prizonye sa yo mouri akoz pwoblèm grangou, dapre Binuh.

Malgre popilasyon an kontinye rele anmwe pou rezilta li poko wè, sitou nan zafè sekirite sou teritwa nasyonal la, kòdonatè aksyon nan Konsèy rezzidan pou tranzisyon an (Kpt), Edgard Leblanc Fils, deklare ta gen kèk pwogrè ekip tranzisyon an ta fè depi dat 15 avril 2024 la nan peyi d Ayiti.

Ak bourad gouvènman Etazini ak Kenya, fòs miltinasyonal la koumanse deplòtonnen, pou ride lapolis nasyonal la kwape degenn gang ak zam yo sou teritwa Ayiti a. Se youn nan sa Edgard Leblanc Fils konsidere kòm pwogrè ki ta fèt, depi Kpt a prann mayèt politik la nan finisman mwa avril 2024 la. Leblanc fè deklarasyon sa a, nan moman li t ap patisipe nnan 47tyèm woumble Koinote peyi Karayib yo / Caricom, ki te fèt ant dimanch 28 pou rive madi 30 jiyè 2024 la nan peyi Grenad.

Depi travay lajistis yo relouvri nan mwa otòb 2023 a, se sèlman pandan 10 jou (10 jou) tribinal yo rive travay, akoz grèv majistra-jij yo ak lòt pèsonèl nan sistèm lajistis la. Se yon sitiyasyon ki kontinye paralize sistèm lajistis la. Se yon lòt ranmase Biwo entegre nasyon zini nan peyi d Ayiti (Binuh) nan dat 30 jiyè 2024 la.

Nan mwa dawout 2024 k ap pwente a, kominote entènasyonal la ta dwe di, la, ki yès ki sou lis moun li pran sanksyon kont yo, dèske yo patisipe nan founi bay gang kriminèl yo zam, bal ak lajan, k ap simen laterè sou teritwa Ayiti a. Tout peyi nan rejyon Amerik yo ta dwe ride Ayiti nan batay kont trafik ak komès zam ak bal, k ap fèt dèyè do lalwa, kit se nan bato kit se nan avyon trafik ak komès anbachal sa yo ap fèt. Se rekòmandasyon Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti.

Kominote entènasyonal la ta dwe aji pi vit na deplòtonnay rès fòs entènasyonal pou kore sekirite nan peyi d Ayiti a. Se ekzijans, yon lòt fwa ankò, Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti.

Ak bourad kominote entènasyonal la, gouvènman Ayiti a ta dwe met kanpe yon pwogram, ki ka ride timoun ki te nan alyansáy ak gang ak zam yo fè lòt wout ak pran lòt direksyon nan lavi yo. [ppsf emb rc apr 30/07/2024 15:24]