Pòtoprens, 29 jiyè 2024 [AlterPresse] --- Jounalis Andre Marc Odige, ki te direktè enfòmasyon Radyo nasyonal d Ayiti pandan plizyè lane, mouri bridsoukou Petyonvil dimanch 28 jiyè 2024 la. Konfrè jounalis Odige pa t pote l byen depi 3 lane. AlterPresse ak AlterRadio voye senpati l bay fanmi, kanmarad travay ak zanmi jounalis Marc Andre Odige
Anplis Radyo nasyonal d Ayiti, jounalis Andre Marc Odige te travay tou nan Radyo Tele Pacific ak ajans sou entènèt Haiti Inter Presse.
Asosyasyon jounalis ayisyen yo wete chapo l tou nan memwa jounalis Andre Marc Odige, ki te montre anpil volonte nan travay li kòm jounalis
Popilasyon an bouke anba laterè gang ak zam yo nan depatman Latibonit lan. Nou bezwen retounen lakay nou, tout kote nan depatman Latibonit lan. Se kèk pami revandikasyon anpil anpil fanm ak gason, nan yon lòt manifestasyon pwotestasyon lendi 29 jiyè 2024 la, soti kafou Pon Sonde pou rive nan kafou Òganis devlopman Vale latibonit lan / Odva.
Malgre prezans polisye nasyonal, lame d Ayiti ak kèk polisye Kenya fòs miltinasyonal la, sitiyasyon an poko janm retounen nan nòmal nan Gantye, pa twò lwen fwontyè Malpas/Malpaso a. Apre yo te kraze komisarya polis Gantye a, gang ak zam 400 mawozo yo t ap fè mannèv pou kraze yon pon ki konekte Gantye ak Fon Parizyen. Se sa plizyè medya rapòte.
Jedi 25 jiyè 2024 la, gang ak zam 400 mawozo yo te sèvi ak gwo traktè pou kraze plat atè komisarya polis Gantye a, nan depatman Lwès la. Se depi dimanch 21 jiyè 2024 la gang ak zam 400 mawozo yo ap atake komin Gantye, kote yo asasinen 4 moun nan laterè y ap kontinye fè a, sou wout ale vini sou fwontyè Malpas/Malpaso a. Depi menm dimanch 21 jiyè 2024 la, gen anpil anpil moun ki sètoblije kouri deplase kite Gantye, pou al pran refij nan Fon Parizyen.
An n sispann pwazonnen lavi nou ak anviwònman an avèk materyèl fom yo. Materyèl fom yo, ki kontinye gaye sou teritwa Ayiti a, se yon danje pou anviwònman an ak lasante tout moun. Tout fanm ak gason responsab ta dwe rele koukouwouj dèyè tout pwodui (asyèt, goblè) ak lòt kalte materyèl fom sa yo, ki se azipwopo pou anviwónnman peyi d Ayiti a. Se sa k soti nan yon woumble mouvman nasyonal Alternatiba Ayiti, yon mouvman sitwayèn ak sitwayen pou pwoteje anviwónman an, ki te reyini ant vandredi 26 pou rive dimanch 28 jiyè 2024, nan Papay/Ench, depatman Plato Santral.
Sektè biznis yo dwe sispann patisipe nan operasyon kriminèl kòmande materyèl fom yo, k ap layite nan espas traváy ak kote y ap pran plezi sou teritwa Ayiti a. Sektè biznis yo dwe met lajan nan pwodui, ki respekte lasante ak anviwónman an. Ladwann dwe anpeche tout materyèl fom yo rantre sou tout fwontyè peyi d Ayiti yo. Ekip tranzisyon an, ki te pwomèt l ap kwape tout kalte zak kriminèl yo ak koupe fache kont tout politik machòkèt, lese grennen ak koripsyon, dwe pran dispozisyon kare bare kont materyèl fom yo. Se kèk lòt revandikasyon, ki soti nan woumble 26 pou rive 28 jiyè 2024 la, mouvman AlterNatiba Ayiti te òganize nan Papáy, Ench, depatman Plato santral.
Chimen Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) vle fè pou rive nan konferans nasyonal la, se yon demach frajil, ki p ap dire lontan. Demach lan pa respekte ni nannan akò 3 avril 2024 la, ni revandikasyon popilè yo. Se konsiderasyon pati politik Mouvman patriyotik popilè desalinyen (Mopod) sou dekrè 19 jiyè 2024 la, ki fè konnen Kpt a pral òganize yon konferans nasyonal nan peyi a (Son enjenyè agwonòm Jean Andre Victor, prensipal responsab pati politik Mopod). [ppsf emb rc apr 29/07/2024 14:24]
