Pòtoprens, 28 jiyè 2024 [AlterPresse] --- 28 jiyè 1915 – 28 jiyè 2024, sa fè 109 lane depi premye debakman marines ameriken ki te vin okipe peyi d Ayiti. Depi plizyè lane, gen anpil mannèv k ap fèt pou efase pak an pak memwa listwa d Ayiti a.
Plis dispozisyon, tankou plis machin blende pou kwape gang ak zam Latibonit yo. Se ekzijans plizyè òganizasyon pral fè, nan yon manifestasyon pwotestasyon, lendi 29 jiyè 2024 la. Manifestasyon sa a ap soti nan kafou Pon Sonde pou rive nan kafou Òganis devlopman Vale Latibonit lan (Odva), depatman Latibonit lan.
Gonayiv ak Lestè, nan depatman Latibonit, se 2 nan komin k ap sibi, depi plizyè mwa, anba tout kalte move zak ak laterè gang ak zam kokorat san ras yo. Òganis dwa moun Fondasyon je klere (Fjkl) di, nan yon nòt, li pa konprann kouman fè gouvènman tranzisyon an pa mete komin Gonayiv ak Lestè sou lis zòn, ki konsènen nan eta ijans sekirite a li deside depi mèkredi 17 jiyè 2024 la.
Goumen kont gang ak zam yo ekzije dispozisyon espesyal. Men, gouvènman tranzisyon an pa dwe melanje dispozisyon kontwole enfòmasyon avèk voye monte, move kalte enfòmasyon oswa derefize bay popilasyon an enfòmasyon sou rezilta eta ijans sekirite a. Se avètisman òganis dwa moun Fondasyon je klere.
Alatèt lapolis nasyonal d Ayiti yo pa mete ase polisye nasyonal nan komisarya polis Ansagalè a, pou asire sekirite kòmsadwa sou zile Lagonav lan. Se konsiderasyon Sendika nasyonal polisye ayisyen yo (Synapoha) nan yon nòt.
Nou pa kapab vire do sou sitiyasyon ak dwa anpil anpil timoun, gang ak zam ap pase anba pye divès kote sou teritwa Ayiti a. Nou dwe pèmèt tout timoun al lekòl, pou pwoteje yo kont tout kalte move zak, tankou antre andedan gang ak zam ak fè tout kalte zak vyolans yo. Se dizon Fon mondyal Òganizasyon Nasyonn zini yo.
Kriz ledikasyon an sou wout pou ta tounen yon trajedi nan peyi d Ayiti. Apre yon misyon yo te fè semenn pase nan peyi d Ayiti, Fon mondyal Òganizasyon Nasyon zini yo fè konnen l ap bay yon bourad lajan 2 milyon 500 mil dola ameriken pou pote kole ak peyi d Ayiti.
Se plis pase 900 lekòl, ki vle di yon pousantáy 10 pousan lekòl, ki pa t ka travay kòmsadwa nan depatman Lwès ak Latibonit, pandan ane lekòl 2023-2024 la sou teritwa Ayiti a. Se yon ranmase Fon mondyal Òganizasyon Nasyon zini yo ak Fon nasyon zini pou timoun (Unicef).
Sou baz yon ankèt y ap mennen sou jesyon ki fèt nan Bmpad lan, Inite lit kont koripsyon (Ulcc) voye yon ekip li, samdi 27 jiyè 2024 la, al poze sele sou yon seri dokiman andedan Biwo ki anchaje fè pwogram èd pou devlopman yo bay lajan (Bmpad).
Pou mande yo travay sou plizyè milyon dola lajan leta, yo sispèk ki ta mal depanse, tankou sa yo sispèk ki ta mal fèt nan Biwo pou fè pwogram èd pou devlopman yo bay lajan (Bmpad), premye minis Garry Conille di l te chita pale ak responsab Lakou dèkont, Enspeksyon jeneral finans, Inite lit kont koripsyon ak pakè tribinal sivil Pòtoprens lan. Se sa l te ekri sou kont X li semenn pase.
Ayiti, ki sa k pou fèt pou dezantòtye tranzisyon an ? Se eleman refleksyon semenn sa a sou AlterPresse ak AlterRadio.
Plis pase 3 mwa depi yon nouvo ekip tranzisyon pran mayèt politik la (se te nan dat jedi 25 avril 2024 la), ki sa k fèt tout bon sou teritwa Ayiti a ? Eleman ranmase ak analiz avèk Jocelyne Colas, direktris komisyon legliz katolik women Jistis ak Lapè (Jilap), nan emisyon TiChèzBa, ki pase sou AlterRadio 106.1 Fm ak divès lòt platfòm entènèt.
Platfòm òganizasyon ayisyen dwa moun yo (Pohdh) ak Òganizasyon sitwayèn ak sitwayen pou yon lòt Ayiti (Ocnh) poko defini sou ki kondisyon yo ka chwazi delege, y ap voye andedan Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep). Se sa Ocnh fè konnen nan yon nòt.
Ant dimanch 28 pou rive madi 30 jiyè 2024 la, kòdonatè aksyon andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), Edgard Leblanc Fils, ansanm ak minis zafè etranje Ayiti a, Dominique Dupuy, ap patisipe nan peyi Grenad, nan 47tyèm konferans chèf leta ak chèf gouvènman kominote peyi Karayib yo (Caricom).
Dwa granmoun peyi Karayib yo, anviwónman, ledikasyon, lakilti, lasante ak sekirite nan rejyon Karayib yo, se sou sijè sa yo gwo chabrak politik Caricom yo ta dwe deside nan woumble sa a. [ppsf rc apr 28/07/2024 13:40]