Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Plizyè dizèn bandi tonbe Gresyye nan operasyon lapolis depi jedi 18 jiyè 2024 la, delè 8 jou pou moun sant vil Pòtoprens lan kite zòn nan, ekip espesyal k ap aji lajounen kou lannuit kont gang ak zam yo

Gresye (Ayiti), 25 jiyè 2024 [AlterPresse] --- Depi jedi 18 jiyè 2024 la, gen plizyè dizèn bandi ki tonbe nan operasyon plizyè inite lapolis nasyonal la ap mennen san rete nan komin Gresye, sou wout nasyonal nimewo 2 a. Gen bandi ak zam popilasyon an pase tou alenfinitif nan Gresye. Se yon ranmase ajan ekzekitif enterimè Gresye a, Jean Vladimir Bertrand, sou AlterPresse ak AlterRadio.

Se depi nan aswè vandredi 10 me 2024 la gang ak zam yo ap eseye pran kontwòl komin Gresye a, kote yo te fòse chofè transpò piblik yo peye dwa pasay pou yo fè ale vini ant Pòtoprens ak Sid peyi d Ayiti a. Se nan komin Kafou ak Leyogán machin transpò piblik yo ka rive. Pa gen sikilasyon machin nan Gresye, pou kounye a.

Popilasyon an, ladan tout sila k ap fè biznis, nan komin Gresye toujou sou tansyon avèk gang ak zam, k ap eseye pran kontwòl komin nan depi aswè vandredi 10 me 2024 la.

Sou baz eta ijans sekirite li deside depi mèkredi 17 jiyè 2024 la, gouvènman tranzisyon an di li bay moun, ki rete nan sant vil Pòtoprens lan, yon delè 8 jou pou yo kite zòn nan.

Espas sant vil Pòtoprens lan te tounen espas itilite piblik, depi lane 2012. Se sa ministè travo piblik di nan yon nòt avètisman.

Sou baz eta ijans sekirite li deside depi mèkredi 17 jiyè 2024 la, gen ekip kont gang ki kapab aji, lajounen kou lannuit, nenpòt ki kote nan 14 komin depatman Lwès ak Latibonit lan. Se avètisman ministè lajistis ak sekirite piblik.

Ekip kont gang sa yo gen ajan polis, otorite lajistis Kwadèboukè, Pòtoprens ak Gonayiv. Ekip kont gang sa yo ap trete dosye lajistis yo rapid rapid. Y ap kenbe nan gadavi tout sila, yo jwenn ki fè move zak pandan peryòd ijans sekirite a. Sizoka sa nesesè, y ap sispann pèmisyon lese pase yo te bay pou moun pote zam. Y ap sezi tout machin, yo jwenn k ap mache san plak oubyen k ap mache ak ansyen plak. Y ap entèdi moun tire sa yo rele fedatifis yo, epi arete moun k ap pase anba pye prensip sa a. Y ap entèdi tout rasanbleman, ki ka simen latwoubláy. Se sa ministè lajistis ak sekirite piblik fè konnen.

Travay medya yo, ki gen kapasite pou ankouraje solisyon nan kriz sekirite ak kriz sosyal la, ka ride eta ijans sekirite a bay bon rezilta pandan peryòd tranzisyon an. Se konsiderasyon premye minis Garry Conille, nan yon chita pale, mèkredi 24 jiyè 2024 la, avèk Rezo nasyonal medya sou entènèt yo (Renamel) ak Asosyasyon ayisyen medya sou entènèt yo (Ahml).

Medya yo dwe toujou aji ak responsablite ak yon konpòtman pwofesyonèl nan kokennchen katyouboumbe k ap brase bil peyi d Ayiti a. Se dizon, sou bò pa yo, Rezo nasyonal medya sou entènèt yo ak Asosyasyon ayisyen medya sou entènèt yo.

Nan dènye semenn sa yo, militè, polisye, ajan migrasyon ak lwijanboje sivil Dominiken ogmante zak kò sasináy ak lòt zak vyolans ak abi kont fanm ak gason migran natif natal Ayiti, ki nan Repiblik Dominiken. Se yon seri zak ki montre nivo rayisans ak prejije rasis kont natif natal etranje ki nan Repiblik Dominiken. Se sa plizyè òganizasyon k ap defann dwa migran ak desandan migran natif natal Ayiti nan peyi Repiblik Dominiken denonse, nan yon nòt mèkredi 24 jiyè 2024 la.

Nan dat jedi 4 jiyè 2024 ki sot pase a, ajan migrasyon Dominiken yo te responsab lanmò Saint Mira Millien, yon jèn fanm natif natal Ayiti 23 lane, ki te malad, yo te arete 3 jiyè 2024 la nan zòn Duarte (nan Santo Domingo), san yo pa t mennen l al pran swen lopital. Saint Mira Millien mouri sou wout, nan moman ajan migrasyon dominiken yo t ap eseye vin lage l sou fwontyè Carrizal/Comendador/Beladè a. Madi 2 jiyè 2024 la, bò 6 zè apremidi, yon Dominiken ki rele Hungría Díaz te touye sou yon plantasyon natif natal Ayisyen Jean Duverssaint, 65 lane, ak Maurice Delia, 49 lane. Sa te pase nan zòn Paso Cena, Pedernales, pa twò lwen fontyè Ansapit lan. Ant mwa mas pou rive jen 2024 la, gen 3 migran natif natal Ayiti ki mouri tou anba men militè Dominiken yo. Se kèk pami zak maspinay dwa migran, òganizasyon yo fè sonje. Se sa ajans espayòl Efe rapòte.

Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) pral travay pou retire tribinal sivil Pòtoprens lan nan move kondisyon travay, li ye jodi a, pou majistra jij, avoka ak tout lòt moun ki nan sistèm jistis la. Se pwomès konseye prezidan Emmanuel Vertilaire. [ppsf rc apr 25/07/2024 14:37]