Ti Gwav (Ayiti), 24 jiyè 2024 [AlterPresse] --- Ministè sante piblik peyi d Ayiti di li pran dispozisyon pou anpeche maladi chabon ta gaye sou teritwa Ayiti a. Se sa l fè konnen nan yon nòt ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Ministè sante piblik peyi d Ayiti di li gen enfòmasyon sou kèk moun ki ta gen siy maladi chabon nan lokalite Fò Wayal, nan premye seksyon kominal Ti Gwav, depatman Lwès. Moun sa yo ta montre siy maladi chabon, apre yo te fin manje vyann zannimo ki mouri bridsoukou.
Ministè sante piblik peyi d Ayiti di li louvri yon ankèt pou konnen dekiprevyen sou maladi chabon sa a, yo sispèk ki ta genyen sou teritwa Ayiti a.
Popilasyon an ta dwe evite kontak ak zannimo ki malad oswa ki mouri bridsoukou. Yo ta dwe siyale bay otorite yo tout ka maladi, ki ta sanble ak maladi chabon. Epi bay enfòmasyon sou tout moun yo ta sispèk ki gen sentom ki ta sanble ak maladi chabon. Se rekòmandasyonn ministè sante piblik peyi d Ayiti, sou bri k ap kouri byen fò, jis nan peyi Repiblik Dominiken, kòmkwa ta gen maladi chabon yo ta dekouvri sou teritwa Ayiti a.
Tout moun dwe toujou lave men yo ak savon, depi yo te fin nan kontak dirèk ak zannimo. Epi yo dwe al chèche bay zannimo yo vaksen kont maladi chabon. Se lòt konsèy ministè sante piblik peyi d Ayiti bay.
Ministè sante piblik di li pran tout dispozisyon pou garanti sekirite popilasyon an sou teritwa Ayiti a. Detan l ap pran tout dispozisyon pou fè prevansyon ak tout lòt kontwòl nesesè yo, ministè sante piblik peyi d Ayiti di li pran tout dispozisyon pou anpeche maladi chabon ta gaye sou teritwa Ayiti a.
Se yon mikwòb, ki rele Bacillus Anthracis nan langaj teknik, ki bay maladi chabon an. Mikwòb sa a ka kontaminen moun ki nan kontak dirèk dirèk ak zannimo, ki deja enfekte. Moun, ki ta manje vyann kontaminen sa yo, ka trape maladi chabon an.
Moun ki ta trape maladi chabon an ap wè yo vin gen mak koulè nwa sou po kò yo, ki pa bay gwo doulè. Se avètisman ministè sante piblik peyi d Ayiti bay, nan yon nòt pou laprès.
Gen plis pase 3 mil 800 moun ki sètoblije deplase, kite seksyon kominal Peyi pouri nan komin Gantye, akoz atak gang ak zam 400 mawozo yo depi dimanch 21 jiyè 2024 la. Laterè gang ak zam 400 mawozo yo ap kontinye jis nan moman n ap pale a. Se enfòmasyon Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon yo (Oim) rive ranmase, nan yon premye rapò yo rann piblik madi 23 iyè 2024 la.
Tout moun, laterè gang ak zam 400 mawozo yo fòse deplase, depi dimanch 21 jiyè 2024 la, rive jwenn refij bò kote fanmi, ki resevwa yo nan zòn Fon Parizyen, pa twò lwen fwontyè Malpas/Malpaso a. Se premye eleman enfòmasyon Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon yo (Oim) rive jwenn.
Kout bal t ap pete anpil nan plizyè katye anba Dèlma ak nan zòn Fò nasyonal / Pòtoprens, madi 23 jiyè 2024 la. Moun nan katye sa yo te sou biskèt ak gwo kè sote. Yo pa rive konnen ki yès ki t ap tire konsa yo, dapre temwayáy ki vi jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Jis rive finisman mwa jiyè 2024 sa a, popilasyon an poko santi rezilta dispozisyon, tankou eta ijans sekirite, gouvènman an te di li pran, depi mèkredi 17 jiyè 2024 la, nan 14 komin depatman Lwès ak Latibonit lan. Nan plizyè katye zòn metwopoliten Pòtoprens lan, gang ak zam yo kontinye resevwa zam ak bal, pou rapousuiv zak laterè yo.
Depi semenn pase jouk rive mekredi 24 jiye 2024 la, toujou pa gen machin ki fè ale vini nan Sid peyi d Ayiti, akoz operasyon lapolis kont gang ak zam nan Mèje ak Gresye, sou wout nasyonal nimewo 2 a.
Lendi maten 22 jiyè 2024 la, estasyon machin nan zòn Sen Chal, komin Kafou, te vid. Chofè transpò piblik yo pa vin chaje, akoz operasyon lapolis nasyonal la ap mennen kont gang ak zam yo nan Mèje ak Gresye. Pa gen machin pwovens, ki sot nan Sid la, ki rive nan komin Kafou. Se temwayáy AlterPresse ak AlterRadio jwenn.
Reflechi, fè pwopozisyon ak kòdinasyon aksyon, ki dwe fèt nan zafè eta ijans sekirite a nan 14 komin depatman Lwès ak Latibonit lan. Se te objektif yon reyinyon, madi 23 jiyè 2024 la, ant premye minis Garry Conille avèk lajistis Pòtoprens lan, ajan ekzekitif enterimè Pòtoprens yo, alatèt lapolis nasyonnal d Ayiti ak lame d Ayiti, plis lòt responsab biwo leta. Se sa biwo premye minis la di nan yon nòt.
Komite viktim masak novanm 2018 yo nan Lasalin / Pòtoprens ekzije yon pwosè, ki ka pèmèt lajistis bay tout moun ki konsènen yo pinisyon yo merite, yon fason pou viktim masak novanm 2028 yo ka jwenn jistis kòmsadwa. Se revandikasyon Komite viktim masak novanm 2018 yo nan Lasalin / Pòtoprens, nan yon kozman ak laprès madi 23 jiyè 2024 la.
Nan dat 24 jen 2024 la, kabinè enstriksyon jij Jean Wilner Morin te deside voye plis pase 20 moun al jije douvan tribinal kriminèl, li akize ki gen arevwa ak masak lannuit novanm 2018 yo nan Lasalin, Pòtoprens.
Ansyen delege depatman Lwès la Joseph Pierre-Richard Duplan, ansyen direktè jeneral ministè enteryè Fednel Monchery, chèf gang ak zam Jimmy Cherizier, ki bay tèt li non Babekyou, sou lis moun yon tribinal kriminèl dwe jije pou masak Lasalin novanm 2018 yo. Atoufè yo te asasinen plis pase 75 moun, fè kadejak sou plis pase 30 fanm ak ti fi. Te gen plis pase 400 kay, kriminèl yo te kraze tou nan masak Lasalin novanm 2018 yo. Se sa rapò òganis dwa moun yo te di.
Joseph Robinette (Joe) Biden, ki gen 81 lane jodi a (ki fèt nan dat 20 novanm 1942), yon karyè politik plis pase 50 lane, ki nan wout pou l fini. Eleman analiz nan emisyon Evenman, ki pase sou AlterRadio 106.1 Fm ak divès lòt platfòm entènèt.
Ant lane 1973, depi l gen 31 lane, pou rive lane 2009, Biden te senatè. Ant lane 2009 pou rive 2017, Biden te prezidan an apre peyi Etazini. Epi, dei 2021 pou rive 2025, Biden se prezidan Etazini. [ppsf rc pr 24/07/2024 14:41]