Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Limyè poko janm fèt sou masak 23 jiiyè 1987 la nan Jan Rabèl 37 lane apre, ministè kondisyon fanm estomake sou kadejak ak kò sasinay sou yon ti fi 13 lane nan Laskawobas

Jan Rabèl (Ayiti), 23jiiyè 2024 [AlterPresse] --- 23 jiyè 1987 – 23 jiyè 2024, 37 lane apre, limyè poko janm fèt tout bon, pou mennen nan jistis ak reparasyon sou masak plizyè peyizan yo te sibi nan Jan Rabèl, depatman Nòdwès peyi d Ayiti.

Nou kontinye mande jistis pou tout peyizan ki te viktim nan masak 23 jiiyè 1987 la nan Jan Rabèl. Leta a dwe bay ankadreman ki pèmèt peyizan yo jwenn bon jan semans, angrè ak lòt aknpáyman nesesè pou yo fè jaden yo. Se revandikasyon òganizasyon Tèt kole ti peyizan sou AlterPresse ak AlterRadio.

Pa gen ase manje pou bay moun ki sètoblije deplase kouri kite lakay yo, vin pran refij nan depatman Nip lan, akoz laterè gang ak zam yo, Se depi lontan Leta bandonnen fanm ak gason peyizan yo. Se kout rèl branch nan Nip òganizasyon tèt kole ti peyizan sou AlterPresse ak AlterRadio.

Avèk vyolans gang ak zam yo, kondisyon lavi peyizan yo vin pi konplike. Anpil timoun pa ka ale nan ekzamen ofisyèl Leta yo, paske yo pa t ale lekòl. Anpil peyizan pa rive jwenn lasante kòmsadwa. Leta a dwe kreye kondisyon ki pèmèt peyizan yo jwenn sèvis lasante, lekòl pou pitit yo ak tout lòt kalte sèvis ki ride kominote peyizan yo viv san kè sote.

Gen plis pase 300 mil fanm ak ti fi, ki sètoblije deplase akoz laterè ak lòt zak vyolans gang ak zam yo. Plizyè milye fanm ak ti fi sa yo pa jwenn ni pwoteksyon, ni sèvis fondamantal yo bezwen yo. Se sa Nasyon zini fè konnen nan yon rapò dimanch 21 jiyè 2024 la.

Disi mwa janvye 2025 la, gen plis pase 2 milyon edmi moun k ap bezwen resevwa yon asistans lamanjáy nan peyi d Ayiti. Se avètisman Nasyon zini, nan yon rapò yo rann piblik dimanch 21 jiyè 2024 la.

Ministè kondisyon fanm ak dwa fanm yo ekzije limyè fèt sou kadejak plizyè gason fè sou yon ti fi 13 lane, epi ki asasinen l mèkredi 17 jiyè 2024 la nan Laskawobas, depatman Plato santral.

Se ta bòpè ti fi a, ki ta mete ansanm ak yo lòt endividi, pou asasinen ti fi a epi al lage kò l nan yon twou nan Laskawobas. Tout popilasyon an pa dwe sitire mòd zak konsa nan lantouray yo. Yo dwe denonse agresè yo, pou pèmèt Lajistis fè arete yo epi ba yo pinisyon yo merite, jan lalwa prevwa sa. Se rekòmandasyon ministè kondisyon fanm ak dwa fanm yo.

Pou premye jounen lendi 22 jiyè 2024 la, ekzamen ofisyèl 9vyèm ane fondamantal yo, ekzamen lekòl nòmal enstititè yo ak sant edikasyon fanmi yo byen pase. Se konsiderasyon minis ledikasyon nasyonal la, Augustin Antoine, ki te vizite plizyè sant ekzamen nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan.

Se plis pase 183 mil elèv, jèn fi ak jèn gason, k ap konpoze nan ekzamen 9vyèm ane fondamantal yo, depi lendi 22 jiyè 2024 la, sou teritwa Ayiti a. Gen plis pase 2 mil 700 kandida, k ap konpoze pou Lekòl nòmal enstititè yo. Epi gen 451 elèv k ap konpoze pou Sant edikasyon fanmi yo.

Sosyete a dwe rete veyatif sou demach pou chwazi fanm ak gason, ki pral manm Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep). Nan sans sa a, Konsèy prezidan pou tranzisyonn an ak gouvènman Garry Conille lan dwe respekte sa k ekri nan akò 3 avril 2024 la, tabli estrikti kontwòl aksyon gouvènman an, kanpe komite ki pou prepare konferans nasyonal granmoun nan epi òganize eleksyon lib pou gen nouvo otorite, sou baz Konstitisyon an. Se rekòmandasyon Tèt kole Ti peyizan, nan yon nòt pou laprès.

Kay Fanm, Solidarite fanm ayisyèn/Sofa, Fanm Deside, Fondasyon Toya ak feminis endepandan Sabine Manigat denonse fason gwoponyèt, ki sanble pa klè, nan demach Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) pou jwenn delege, ki ta sipoze vin manm Konsèy elektoral pwovizwa a.

Nou kapab patisipe nan demach pou ta voye delege andedan Konsèy elektoral pwovizwa a, depi gen konfyans nan demach Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Se sa òganizasyon fanm sa yo ak feminis endepandan Sabine Manigat di.

60 milyon dola ameriken an diplis. Plis machin blende bay fòs miltinasyonal pou kore sekirite a nan peyi d Ayiti. Se bourad gouvènman peyi Etazini a pral bay peyi d Ayiti pou ride l fè fas kare ak laterè gang ak zam yo, kwape grangou, pote amelyorasyon nan sèvis distribisyon dlo nan peyi a. Se pwomès reprezantan ameriken douvan Òganizasyon Nasyon zini yo, anbasadris Linda Thomas-Greenfield, nan vizit ofisyèl li fè Pòtoprens lendi 22 jiyè 2024 la.

Nan vizit ofisyèl, lendi 22 jiyè 2024 la, anbasadris peyi Etazini douvan Òganizasyon Nasyon zini yo, Linda Thomas-Greenfield, te chita pale, nan Pòtoprens, ak Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), ansanm ak premye minis Garry Conille. Kore jefò pase men nan fason jesyon Leta a ap fèt. Bay bourad nan met bout nan zak laterè gang ak zam yo ak garanti pwoteksyon dwa moun yo. Ankouraje tranzisyon demokrasi a rive byen pase nan peyi d Ayiti. Se angajman gouvènman peyi Etazini a, anbasadris Linda Thomas-Greeenfield fè konnen li te vin redi, nan vizit ofisyèl lendi 22 jiyè 2024 la nan Pòtoprens. [ppsf rc apr 23/07/2024 14:24]