Español English French Kwéyol

Ayiti-Politik : Konsèy prezidansyèl tranzisyon an fè yon « koudeta kont Akò 3 avril la », dapre gwoup Montana

Kominike Biwo suivi Akò Montana

Dokiman sa a rive jwenn AlterPresse 27 jiyè 2024

BSA a konstate depi Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon-KPT a enstale, nan solidarite manm yo yon ak lòt, yo deside trayi lespri konsansis la, valè etik yo, respè angajman pou kanpe gaspiyay lajan Leta, pou batay kont koripsyon ak enpinite, pou bay viktim yo jistis, pou retabli diyite Leta a, yon ansanm prensip ki se fondman Akò 3 avril 2024 la. Chak semèn se deblozay popilasyon ap tande anndan KPT a oswa nan relasyon l ak Chèf gouvènman an, san li pa wè aklè ki aksyon yo pran pou retire peyi a nan ensekirite, enpinite, soufrans ak lamizè gang ak sapat ak gang ak kravat foure l depi plizyè lane.

Ansanm manm Konsèy la fè yon koudeta kont Akò 3 avril la, ki se kad jiridik ak enstitisyonèl tranzisyon an, nan vyole l ak pa pibliye l. Nan tèt kole ak gouvènman demisyonè a, yo voye jete dokiman sou òganizasyon ak fonksyonman KPT a ki se rezilta konsansis 3 avril la pou bay tèt yo yon lòt manda nan yon dekrè ki pa janm site Akò 3 avril la ni nan viza yo ni nan konsideran yo epi lage tout pwosesis tranzisyon an nan ilejitimite, enpwovizasyon ak enfòmalite.

Nan mitan pakèt rimè sou detounman kòb sèvis entelijans Palè Nasyonal, rimè sou Konseye k ap pran lajan nan men oligak pou vann yo pòs Premye minis, se nan anbyans sa a, tout manm KPT a chwazi Gary Conille kòm Chèf gouvènman an, san respekte mekanis Akò 3 avril la te prevwa, nan blakawout sou kritè yo, san kominikasyon ak popilasyon an. Yo antann yo ak Premye Minis la pou fòme Kabinè ministeryèl la, san yo pa enplike ansanm sosyete òganize a jan sa te prevwa nan Akò a. Yo separe gato a, chak moun pran ti pati pa l nan ministè yo pandan pòs direksyon jeneral ap vann alakriye piblik.

Pwojè politik KPT a poko ka devwale a, l ap eseye kache l, nan fè kòm si l ap mete kanpe ògàn Akò 3 avril la te prevwa yo. KPT a santi ti bout konfyans popilasyon an te genyen nan li a, kòmanse tounen endiyasyon. KPT a pa gen kouraj pou l monte Konsèy Nasyonal Sekirite ki gen manda pou sèvi entèfas ak entènasyonal la sou kesyon asistans pou sekirite nasyonal. L ap kite sitiyasyon an pouri pou moun serye pa vin antre nan Ògan Kontwòl Aksyon Gouvènmantal la li pè mete anplas la tou. Konsèy la lage peyi a nan yon lòt kriz nan fason l ap monte Konsèy Elektoral Pwovizwa-KEP a. Demach patizan pou kontwole enstans elektoral la, bridsoukou sa a vin alimante divizyon nan mitan òganizasyon nan sektè ki enplike nan monte KEP a, yon fason pou chak manm KPT a ka gen konseye elektoral pal nan pòch li, pou garanti apre yo se yo. Pou BSA a, kriz elektoral k ap kòmanse la a, prał prolonje kriz politik la si sosyete a pa mete yon ola.

Se nan menm demach koudeta kont Akò 3 avril la, pou chita plan politik KPT a, li pibliye yon dekrè sou Komite Pilotaj Konferans Nasyonal la, san konsiltasyon ak òganizasyon nan sosyete a, sou baz relasyon pèsonèl ak akwentans politik pa yo. Konferans nasyonal la se yon kesyon serye, fondamantal nan batay Nasyon an pou bay tèt li Leta ki pou mete l osèvis li. Okenn pati politik, okenn gwoup ou antite, okenn endividi pa ka pretann sèvi ak li pou regle zafè pa yo. KPT a ak Gouvènman an pa ka fè peyi a sa, nan chèche pèvèti gwo pwosesis konsiltasyon popilasyon an sou Konstitisyon peyi a, sou pwojè sosyete nasyon an ak sou relasyon Leta ak sosyete a. BSA a denonse pwojè antipatriyotik sa a.

Se nan mitan tout kalite traktasyon sa yo, nan demach pou twonpe pèp Ayisyen an sou vre objektif pa yo ki se jwi privilèj Leta epi pèmèt pouvwa tradisyonèl la renouvle tèt li, se nan kad sa a, eskandal koripsyon nan ranplasman Konsèy administrasyon BNC a pete nan figi sosyete a.

Pwoblèm yo tèlman grav, nan rankont anba chal lakay yon konseye ant Premye minis la ak kèk konseye e dirijan sektè yon lòt eskonbrit eklate. Non mezanmi, se twòp atò ! Sosyete a pap kapab kite pouvwa a kontinye trennen peyi a nan vilgarite, labou koripsyon ak enpinite sa a.

Tout sektè òganize nan sosyete a dwe mete fòs yo ansanm, mete divèjans sou kote, pou kanpe an kwa kont deriv ki genyen nan Konsèy Prezidansyèl la ak nan Gouvènman an. Sosyete a dwe ranmase karaktè l epi fè tout presyon pasifik ki nesesè pou ekzije:

• Piblikasyon, aplikasyon ak respè Akò 3 avril la ki gen konsiy klè pou batay pou yon etadedwa;

• Tout otorite ki endekse retire kò yo pou yo pa jennen travay lajistis ak lòt ògàn ki la pou goumen kont koripsyon ak enpinite;

• Ankèt administratif ak jidisyè fèt prese prese pou idantifye, jije ak sanksyone tout konwonpi nan KPT a, nan Gouvènman an ak nan Administrasyon piblik la anjeneral;

• Tout ògàn tranzisyon mete anplas nan respè mekanis konsiltasyon ki prevwa nan Akò 3 avril la;

• Fèy dewout Akò a devlope, pibliye epi mete annaplikasyon.

Si gen manm ki pa melanje nan detounen ak separe lajan sèvis entèlijans, ki pa nan vann pòs Leta, ki pa nan mande Prezidan BNC lajan pou l rete nan pòs li, ki pa mele nan fè presyon pou moun pa yo jwenn privilèj paspò diplomatik, ki mete yo an konfòmite ak lalwa, BSA a ap lanse yon apèl ba yo pou yo fè tande vwa yo sou zak malonèt sa yo.Yo dwe enfòme popilasyon an sou ki mezi yo menm y ap pran pou fasilite travay anketè yo ak lajitis. Silans pap lave pèsòn, se konplisite l ap tounen !

BSA a ap lanse yon apèl bay nou tout sektè siyatè Akò 3 avril la, pou nou bay pozisyon nou epi mande retrè tout delege n nan KPT a ki enplike nan eskandal yo pou pèmèt lajistis mennen ankèt li an tout endepandans.

BSA a mande sosyete a mare ren l pou fè presyon sou sektè siyatè Akò a ak sou pouvwa a pou koreksyon demokratik sa yo fèt touswit ni nan KPT ni nan Gouvènman an, pou tranzisyon an rive abouti kòmsadwa.

Entèlijans politik, òganizasyon, rezistans, mobilizasyon sitwayèn se limyè k ap klere chimen viktwa pèp la !

Magali Comeau Denis

Ernst Mathurin

Pierre Wilkens Cherismé

Jacques Ted Saint-Dic

Ginette Chérubin