Español English French Kwéyol

Ayiti : 37 an masak Jan Rabèl 23 jiyè 1987, peyizan sonje

Nòt òganizasyon Tèt kole ti peyizan ayisyen

AlterPresse resevwa dokiman an

Jiyè 1987 - jiyè 2024, 37tyèm anivèse masak ti peyizan Janrabèl, Mawotyè ak Bochan

Soti ayè nan volontaris ak mank preparasyon politik rive jodi a nan afimasyon yon gwo eksplwa politik, MONTANA, enperyalis la, yon nivo timounri ak trayizon yon sèten elit politik rive kase fe, jodi a gen nesesite rapousib ak lit pou konstriksyon ak emèjans yon veritab mouvman sosyal ka yon Fwon Politik Ini e Popilè pou fè faskare komsadwa a agresyon konbine fòs enperyalis yo, oligachi lokal la ak tout alye yo. Gen nesesite netwayaj ak refom anpwofonde nan lakou a, pou peyizan malere ak malerèz, ouvriye ak lòt fòs travayè lavil ak nan mòn yo rive idantifye epi makonen yo toutbon ak vre fòs pwogresis ak demokratik alye yo pou enpoze pwòp pwojè ak lidèchip politik pa yo pou libere peyi a anba tout kalite védite k ap minen l. Se egzijans sa a nan moman an san ti peyizan Janrabèl, Mawotyè ak Bochan ki te koule 23 jiye 1987 fè tout oganizasyon peyizan pogresis, tout oganizasyon ouvriye ak sendikal ki pa jon, tout oganizasyon popile lavil ak nan bouk yo, tout pati ak oganizasyon politik lagoch ak pogresis ki rete fidèl nan vizyon ak pratik yo a lide chanjman revolisyone yo.

Gwoupman Tètansanm ak Ekip Misyonè Janrabel ak alye yo, Gwoupman Karitas Bitasyon ak Ekip Misyonè Bochan nan Podepè epi Gwoupman Peyizan ak Ekip Misyonè Bonbad, t ap pote nan Ba depatman Nodwes la, nan lane 1970-1980 yo, jem yon pwojè sosyo politik, kiltirel ak ekonomik altènatif. Yon pwojè altènatif ki te fè pè anpil, san aktè prensipal ki t ap anime pwojè sa a pat fin rann yo kont dimansyon freyè pwojè yo a te kreye nan pi wo nivo kan lenmi jire pep ayisyen an ki bò pa yo t ap mitonnen replik ak frap sovaj, nan kad aplikasyon politik dominasyon ak agresyon vyolan ki toujou nan mak fabrik yo.

Anfèt, pwojè altènatif sa a te pote nan kotof il yon pwojè politik pi global ki deja, nan epok la, te ranmase revandikasyon fondamantal ti peyizan yo ak lòt klas k ap sibi dominasyon ak eksplwatasyon nan sosyete ayisyen an. Nan batay yo ti peyizan yo t ap reklame yon Leta ki nan politik piblik li ta kapab aji sou mwayen pwodiksyon yo pou pèmèt ti peyizan demwatye ak fèmye gen aksè a bon venn tè ak kanal irigasyon, aksè a tè Leta, grandon ak grannèg te fè dappiyank sou yo nan move kondisyon, aksè a tè ak dlo pou peyizan pwodui pi plis pou ranfose ak poteje pwodiksyon agrikol nasyonal la ak pou soti peyi a anba anvayisman pwodui etranje ak manje sinistre. Ti peyizan Janrabel, Mawotyè ak Bochan t ap reklame yon Leta ki ta ka mete a dispozisyon popilasyon an bon jan lopital, dispansé, laboratwa, medikaman ak pèsonèl e enfrastrikti medikal nesesè e kalifye; lekòl primè, lise ak lekòl pwofesyonel gratis epi inivèsite Leta pou jèn yo. Se nan sans sa yo peyizan yo te leve kanpe nan Nodwes la kont taks mache, manje sinistre ak sistèm chef seksyon ak choukèt lawouze a, elt.

Gwoupman Tetansanm ak Ekip Misyone Ba Nodwès yo, pi espesyalman nan Janrabel ak Bochan pat kontante yo revandike selman, men gras ak inisyativ lokal gres kochon kuit kochon ak solidarite nasyonal ak entènasyonal, yo te rive mete kanpe tout yon seri inisyativ ekonomik, sosyal ak kiltirel pou te soutni batay peyizan yo t ap mennen. Inisyativ ak aktivite sa yo te sèvi pilye materyel ak enfrastrikti ki te kenbe vivan batay Gwoupman Tetansanm ak Ekip Misyone Janrabel ak Bochan yo t ap mennen nan Ba Nodwès la. Ajoute sou wo nivo konsyans politik yo te manifeste, inisyativ konkrè sa yo te pèmèt ti peyizan yo aten yon nivo oganizasyon, motivasyon ak kapasite mobilizasyon ekle ki rete petèt san parey jiska prezan nan tout istwa mouvman peyizan ayisyen an ak nan mouvman sosyal ayisyen an anjeneral.

Se tout atou sa yo ki te rann kan lenmi yo pè. Se sa ki te pouse anbasad meriken te voye David Lee, yon anplwaye nan konsila meriken al mennen ankèt sou aktivite Gwoupman Tètansanm yo ak Ekip Misyone Janrabel la, yon lane anviwon anvan masak la, nan dat 27 dawou 1986. Se sa tou ki esplike vizit jeneral Henri Namphy ansanm ak Alphonse Jean, gwo makout devan letènèl ki te kandida alaprezidans nan epok la pou te al remonte moral fòs makout yo nan Janrabel, yon mwa anvan avari san an, egzateman nan dat 14 jen 1987.

Jounen jodi a n ap asiste a menm kalite konplo sa yo, menm advèse ak lenmi jire pep ayisyen an ak anbasad meriken alatèt, mafya entenasyonal ak lokal yo, politisyen restavek ratdokale ak latriye tchoul yo ki rive monte gwoup gang teworis yo nan tout peyi a, espesyalman nan zòn metwopoliten Potoprens ak nan Latibonit pou simen laterè nan mitan popilasyon an epi bare tout mouvman potestasyon popilè nan peyi a. Se nan kad konplo entènasyonal sa a yo rive nwayote epi netralize Akò Montana k ap reziste toujou epi ki rete malgre tou jiska prezan yon altènativ pou nou menm ti peyizan ak tout pep ayisyen an.

Se gwo konplo entènasyonal sa yo ki esplike Konsey Prezidansyel Tranzisyon an ak gouvenman Conille lan pa pibliye Akò 3 avril la Akò Montana te enfliyanse anpil pou te sevi kòm baliz ak fey wout pouvwa tranzisyon ki anplas la, men k ap naje jiska prezan ant koripsyon ak tolerans menm sistèm enpinite k ap donnen krim san, ensekirite ak grangou lamizè nan mitan popilasyon an depi sou gouvenman PHTK yo rive jouk jodi a, san okenn pèspektiv yon minimom amelyorasyon nan toumant ak mizèrere popilasyon an.

Nan okazyon komemorasyon 37tyem anivese masak ti peyizan Janrabel ak Bochan yo TET KOLE TI PEYIZAN AYISYEN ap di Konsey Prezidansyel la ak gouvènman Conille lan li poko twò ta pou yo pran men yo pandan I ap raple yo prensipal obligasyon Akò 3 avril la fè yo: mete kanpe Konsey Nasyonal Sekirite (KNS); tabli Ogàn Kontwol Aksyon Gouvènman an (OKAG) sou baz yon laj konsiltasyon ak oganizasyon sosyete sivil la ak dyaspora a ; kanpe Komite Pilotaj Konferans Nasyonal la pou reyalize Konferans nasyonal souveren an epi oganize eleksyon lib e demokratik pou tabli nan peyi a nouvo otorite konstitisyonèl yo.

TET KOLE TI PEYIZAN AYISYEN ap pwofite lanse yon apèl a tout oganizasyon nan sosyete sivil la, a tout pati prenant ki te mete kanpe KPT a sou pye epi a tout sitwayen fanm kon gason, pou yon leve kanpe jeneral pou egzije Konsey Prezidansyel Tranzisyon an pibliye Akò 3 avril la kòm sel zouti konsansyèl ki ka bay Pouvwa Tranzisyon ki anplas la yon minimom respe ak lejitimite devan nasyon an.

TET KOLE TI PEYIZAN AYISYEN ap voye menm apèl la a ansanm sosyete a epi pi espesyalman a diferan oganizasyon ak enstitisyon ki gen reskonsblite fè chwa moun pou voye nan KPT a pou monte Konsey Elektoral Pwovizwa a, pou yo rete trè veyatif sou mòd apwoch sispek otorite yo vle enpoze pou rive nan chwa manm KEP yo. Mod apwöch sa a riske pwovoke plis kriz toujou nan peyi a. N ap souliyen nan sans sa a mache prese ki manifeste nan delè twò kout KPT a bay oganizasyon ak enstitisyon konsène yo pou yo ta rive antann yo sou chwa pèsonalite yap deziye pou fòme KEP a.

VIV Lit Peyizan yo

Viv Rezistans ak Batay Pèp Ayisyen

Aba tout konplo kap kap manniganse sou Peyi a Aba kontinye Pouvwa PHTK a
Aba dapiyanp k ap fèt sou Te Peyizan yo.

Pou TET KOLE TI PEYIZAN AYISYEN

Origène Louis Kodonate

Rosemene Valdema

Pierre Mary Louis Sekrete