Kafou (Ayiti), 22 jiyè 2024 [AlterPresse] --- Dimanch 21 jiyè 2024 la, gang ak zam asasinen ak bal, nan sant espò komin Kafou a, Frantzy Francillon, yon ansyen foutbolè, ki te vin antrenè football, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Gang ak zam sa yo blese tou anpil lòt moun ak bal, nan yon atak yo fè nan sant espò komin Kafou a. [ppsf rc apr 22/07/2024 10:30]
