Español English French Kwéyol

Ayiti : Gang ak zam asasinen 4 moun epi met dife nan komisarya polis Gantye a

Gantye (Ayiti), 22 jiyè 2024 [AlterPresse] --- Dimanch 21 jiyè 2024 la, gang ak zam 400 mawozo kwadèboukè yo asasinen 4 moun, nan laterè y al fè ankò nan komin Gantye, deptman Lwès la, sou wout ale vini sou fwontyè Malpas la.

Gang ak zam 400 mawozo yo gen tan met dife ak sakaje komisarya lapolis Gantye a.

Gen anpil anpil moun Gantye, ki sètoblije kouri, pou evite yo ta viktim nan zak laterè gang ak zam 400 mawozo yo

Gen anpil nan moun Gantye ki deplase al pran refij nan kominote Fon Parizyen, ki pa twò lwen fwontyè Malpas la. Se sa temwen rapòte bay AlterPresse ak AlterRadio.

Akoz zak laterè gang kriminèl 400 mawozo yo, gen apeprè 200 timoun ki sètoblije kite komin Gantye al konpoze nan komin Dèlma, lendi 22 jiyè 2024 la, nan ekzamen ofisyèl Leta 9vyèm ane fondamantal yo. [ppsf rc apr 22/07.2024 13:00]