Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Yon potomitan seksyon maketing Radyo Tele kiskeya mouri bridsoukou, tout dispozisyon pran pou ekzamen ofisyèl Leta yo apati lendi 22 jiyè 2024 la, plis pase 20 moun dwe al jije douvan tribinal kriminèl pou masak novanm 2018 yo nan Lasalin

Pòtoprens, 21 jiyè 2024 [AlterPresse] --- Justin Bien-Aime, moun te plis konnen sou non Kaporal, ki te jwe yon wòl enpòtan nan seksyon maketing Radyo Tele kiskeya, mouri bridsoukou, ak 69 lane sou tèt li, samdi maten 20 jiyè 2024 la. AlterPresse ak AlterRadio voye senpati l bay fanmi ak zanmi Justin Bien-Aime ansanm ak ekip Radyo Tele Kiskeya a.

Justin Bien-Aime te fèt nan dat 29 me 1955. Anvan l te vin nan Radyo Kiskeya, li te jwe yon wòl enpòtan tou nan seksyon maketing Radyo Haiti Inter.

Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) ak gouvènman trazisyon Garry Conile lan voye senpati yo bay fanmi moun ki mouri sou lanmè, pa twò lwen Okap ayisyen, byen bonè mèkredi maten 17 jiyè 2024 la. Kpt a ak Garry Conille pwomèt ankò yo pral pran dispozisyon pou amelyore kondisyon lavi, ki ka anpeche moun, ka pral chèche lavi miyò nan lòt peyi, konntinye pèdi lavi yo sou lanmè.

Yon kantite moun (yo poko gen chif ekzat) mouri ak disparèt, plizyè blese grav epi 37 lòt rive chape, byen bonè maten mèkredi 17 jiyè 2024 la (ant 4trè pou rive 5è dimaten), lè dife pete nan yon bato ki te fèk kite zòn Fò Sen Michel, Okap, depatman Nò. Bato a te sou wout pou ale nan Providenciales, sou zil Tik and Caicos, ki pa twò lwen Okap.

Bato a te chaje ak anpil fanm ak gason natif natal Ayiti, ki t ap pran direksyon Providenciales moun yo konn rele Provo, sou zil Tik and Caicos. Dife a te pran sou bato a, ki vin koule ak moun yo. Gen anpil anpil moun, ki te sou bato a, ki disparèt epi anpil lòt moun yo ki blese grav. Se temwayáy, moun ki rive chape nan aksidan bato sa a, ki te koule apre dife te pete sou li a.

Tout dispozisyon pran pou ekzamen ofisyèl Leta, k ap koumanse apati lendi 22 jiyè 2024 la sou teritwa Ayiti a. Se garanti minis ledikasyon nasyonal la, Augustin Antoine, bay nan yon kozman ak laprès jedi 18 jiyè 2024 la.

Peryòd ekzamen ofisyèl Leta yo, se yon gwo randevou Leta peyi d Ayiti genyen ak jèn yo, fi kou gason, pou fè evalyasyon aprantisay yo. Se yon randevou tout sosyete a pa ka rate, malgre tout difikilte yo. Ekzamen ofisyèl yo, se dabò zafè Leta, men tou se zafè tout sosyete a. Se pou sa ministè ledikasyon nasyonal mande tout moun, tout sila ki konsènen yo, kole zepòl ak zepòl pou pèmèt operasyon ekzamen yo byen pase, nan enterè tout jèn fi ak gason kandida, ki pral konpoze yo. Se konsiderasyon minis ledikasyon nasyonal, Augustn Antoine.

Nan finisman semenn pase a, se te sèlman kèk lekòl, ki pot ko jwenn fich ekzamen pou bay elèv yo. Ministè ledikasyon nasyonal fin fè travay pa l yo sou kesyon fich ekzamen pou elèv yo, nan tout distri lekòl yo. Se dizon direktè jeneral Biwo nasyonal ekzamen Leta yo, Renan Michel, ki fè konnen tout bagay deja pare pou ekzamen ofisyèl Leta yo, nan kozman ak laprès jedi 18 jiyè 2024 la.

Kandida, ki te sètoblije kite yon depatman pou ale nan yon lòt depatman, akoz laterè ak lòt vyolans gang ak zam yo, ta dwe fè jefò al pran fich ekzamen yo prese prese, nan direksyon depatman lekòl, kote yo ye kounye a. Se yon fason pou otorite ledikasyon nan depatman yo ka di yo ki kote yo pral konpoze. Se avétisman Direksyon jeneral Biwo ekzamen Leta yo.

Se plis pase 183 mil elèv, jèn fi ak jèn gason, ki pral konpoze nan ekzamen 9vyèm ane fondamantal yo apati lendi 22 jiyè 2024 la sou teritwa Ayiti a. Ap gen plis pase 2 mil 700 kandida, k ap konpoze pou Lekòl nòmal enstititè yo. Epi ap gen 451 elèv k ap konpoze pou Sant edikasyon fanmi yo.

Peyi d Ayiti nan finisman mwa jiyè 2024 la. Gouvènman tranzisyon an deklare eta ijans sekirite pou yon mwa (ant 17 jiyè 2024 pou rive 17 dawout 2024) nan 14 komin ak lokalite depatman Lwès ak Latibonit. Men, okenn dispozisyon poko pran tout bon pou kwape degenn gang kriminèl ak zam yo. Nan plizyè katye zòn metwopoliten Pòtoprens lan, gang kriminèl yo kontinye ap simen laterè. Yo kontinye resevwa zam ak bal, san anyen pa fèt pou met bout nan zak sa yo.

Nan yon desizyon li pran nan dat 24 jen 2024 la, kabinè enstriksyon jij Jean Wilner Morin voye plis pase 20 moun al jije douvan tribinal kriminèl, li akize ki gen arevwa ak masak lannuit madi 13 pou antre mèkredi 14 novanm 2018 lan nan Lasalin, Pòtoprens.

Chèf gang Jimmy Cherizier, ki bay tèt li non Babekyou, ansyen delege depatman Lwès Joseph Pierre Richard Duplan, ansyen direktè jeneral ministè enteryè Fednel Monchery, sou lis moun yon tribinal kriminèl dwe jije pou masak Lasalin novanm 2018 la.Atoufè yo te asasinen plis pase 75 moun, fè kadejak sou plis pase 30 fanm ak ti fi lannuit ,adi 13 pou antre mèkredi 14 novanm 2018 lan. Te gen plis pase 400 kay, kriminèl yo te kraze tou nan masak Lasalin novanm 2018 lan. Se sa rapò òganis dwa moun yo te di.

Gen plis pase 300 mil fanm ak ti fi, ki sètoblije deplase akoz laterè ak lòt zak vyolans gang ak zam yo, ki pa jwenn ni pwoteksyon, ni sèvis fondamantal yo bezwen yo. Se sa Nasyon zini fè konnen nan yon rapò dimanch 21 jiyè 2024 la.

Disi mwa janvye 2025 la, gen plis pase 2 milyon edmi moun k ap bezwen resevwa yon asistans lamanjáy nan peyi d Ayiti. Se rekòmandasyon Nasyon zini, nan yon rapò yo rann piblik dimanch 21 jiyè 2024 la.

Chimen an long pou rive retabli konfyans nan eleksyon yo nan peyi d Ayiti. Se eleman refleksyon AlterRadio semenn sa a.

Pandan demach eleksyon koumanse nan nivo Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), yon etid, ki te fèt nan mwa janvye 2024 la, montre kouman popilasyon an pa enterese ditou nan zafè eleksyon. Yvens Rumbold, direktè òganizasyon Policite, ki te patisipe nan etid mwa janvye 2024 la, ap bay detáy nan emisyon TiChèzBa, ki pase sou AlterRadio 106.1 Fm ak divès lòt platfòm entènèt.

Se nan mwa janvye 2024 la òganizasyon Policite, Internews ak Enstiti Panos te fè etid sa a sou bezwen fanm ak gason Ayisyen yo, ki jan yo konprann sistèm politik peyi d Ayiti a ak defi jounalis yo dwe leve nan travay y ap fè sou kozman politik nan peyi d Ayiti. Etid lan te chita tou sou ki sa popilasyon an bezwen konnen anvan, pandan ak apre eleksyon nan peyi d Ayiti.

Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) met kanpe yon komisyon 9 moun, ki anchaje travay sou nouvo kòd penal ki ta dwe genyen nan peyi d Ayiti

Enex Jean-Charles, Rene Magloire, Jean-Joseph Exume, Pierre-Richard Casimir, Patrick Pierre-Louis, pè Kenel Senatus, jij Wando Saint-Villier, Youdeline Cherizard ak Rubain Joseph, se moun sa yo ki pral travay pou fè rekòmandasyon nesesè sou nouvo kòd penal lan. [ppsf rc apr 21/07/2024 13:55]