Pòtoprens, 22 jiyè 2024 [AlterPresse] --- Tout dispozisyon pran pou ekzamen ofisyèl Leta, k ap koumanse apati lendi 22 jiyè 2024 la sou teritwa Ayiti a. Se garanti minis ledikasyon nasyonal la, Augustin Antoine, bay nan yon kozman ak laprès jedi 18 jiyè 2024 la.
Li fè konnen, peryòd ekzamen ofisyèl Leta yo, se yon gwo randevou Leta peyi d Ayiti genyen ak jèn yo, fi kou gason, pou fè evalyasyon aprantisay yo. Se yon randevou tout sosyete a pa ka rate, malgre tout difikilte yo. Ekzamen ofisyèl yo, se dabò zafè Leta, men tou se zafè tout sosyete a.
Se pou sa, dapre minis la, ministè l ap dirije a mande tout moun, tout sila ki konsènen yo, kole zepòl ak zepòl pou pèmèt operasyon ekzamen yo byen pase, nan enterè tout jèn fi ak gason kandida, ki pral konpoze yo.
Nan finisman semenn pase a, se te sèlman kèk lekòl, ki pot ko jwenn fich ekzamen pou bay elèv yo, dapre direktè jeneral Biwo nasyonal ekzamen Leta yo, Renan Michel, ki te fè konnen tout bagay te deja pare pou ekzamen ofisyèl Leta yo, nan kozman ak laprès jedi 18 jiyè 2024 la.
Kandida, ki te sètoblije kite yon depatman pou ale nan yon lòt depatman, akòz laterè ak lòt vyolans gang ak zam yo, ta dwe fè jefò al pran fich ekzamen yo prese prese, nan direksyon depatman lekòl, kote yo ye kounye a. Se yon fason pou otorite ledikasyon nan depatman yo ki te gen pou di yo ki kote yo pral konpoze.
Se plis pase 183 mil elèv, jèn fi ak jèn gason, ki pral konpoze nan ekzamen 9vyèm ane fondamantal yo apati lendi 22 jiyè 2024 la sou teritwa Ayiti a. Ap gen plis pase 2 mil 700 kandida, k ap konpoze pou Lekòl nòmal enstititè yo. Epi ap gen 451 elèv k ap konpoze pou Sant edikasyon fanmi yo. [apr 22/07/2024 10 :00]