Español English French Kwéyol

Ayiti-Eleksyon : Alapapòt, kesyon konfyans la

Gotson Pierre

Pòtoprens 21 jiyè 2024 [AlterPresse] --- Eleksyon koumanse pran yon plas kòm sijè enpòtan nan aktyalite a. Men gen gwo pwoblèm ki dwe jwenn yon kòmansman solisyon omwen pou dwa sitwayen ak sitwayèn pou patisipe nan eleksyon kab respekte.

Si eleksyon t ap fèt jodi a, se sèlman 3 moun sou 10 ki t ap pran chimen biwo vòt, dapre yon ankèt Policité ak Internews. Rezilta soti 15 jiyè a nan Pòtoprens.



Yonn nan rezon ki fè moun yo pa ta enterese al vote, se pwoblèm ensekirite.

Yon lòt eleman enpòtan, se mefyans. Sèlman 2 moun sou 100 fè sistèm elektoral la konfyans.

Kisa k pou ta fèt pou vire tandans sa epi mete sitwayen ak sitwayèn yo an konfyans ? [gp apr 21/07/2024 15 :00]



Abonnez-vous à la chaîne Youtube de la Plateforme AlterPresse/AlterRadio - CLIQUEZ ICI


Suivez la chaîne AlterPresse/AlterRadio sur WhatsApp - CLIQUEZ ICI


Suivez AlterPresse sur X