Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Move kondisyon lijyèn ak lapwòptáy nan sant k ap resevwa fanm ak ti fi deplase yo nan Pòtoprens, nesesite estrateji espesyal ki ale pi lwen pase jesyon ijans nan kriz imanitè a

Pòtoprens, 17 jiyè 2024 [AlterPresse] --- 17 jiyè 2024 la fè 30 lane (se te 17 jiyè 1994) depi yon gwoup lwijanboje gwoup Hutu te masakre prèske yon milyon moun gwoup Tutsi nan peyi Rwanda, nan yon avari san yo te koumanse nan dat 7 avril 1994.

Dimanch 7 avril 2024 la te fè 30 lane depi yon gwoup lwijanboje gwoup Hutu te koumanse masakre gwoup Tutsi yo nan peyi Rwanda, an Afrik. Ant 800 mil pou rive yon milyon moun te mouri asasinen nan masak 1994 lan nan Rwanda, ant dat 7 avril pou rive 17 jiyè 1994. Gwo masak sa a te fèt apre zatrap 6 avril 1994 la, kote yon misil te kraze, anlè aryopò Kigali a, kapital peyi Burundi, yon avyon ki te gen ladan prezidan Rwanda a Juvénal Habyarimana ak prezidan Burundi a Cyprien Naryamira, yo toulède ki te mouri asasinen nan dat sa a.

Ekip tranzisyon an ta dwe pran tout dispozisyon nesesè pou annpeche fanm ak ti fi yo kontinye sibi zak vyolans sou teritwa Ayiti a. Gen danje pou fanm ak ti fi yo ta resevwa bal mawon, lè gen kout zam k ap tire alantou kote yo refijye yo. Sant k ap resevwa fanm yo dwe ranfòse estrikti, ki ka pèmèt yo pote solisyon konsekan nan pwoblèm fanm ak ti fi yo. Se kout rèl Loni fanm nan yon ranmase li fè soti nan dat 16 jiyè 2024 la.

Pa gen ase limyè, ni bon twalèt, ni bon kondisyon lijyèn ak lapwòptáy nan sant k ap resevwa fanm ak ti fi yo ki sètoblije deplase kite lakay yo nan Pòtoprens, akoz laterè gang ak zam yo. Se yon sitiyasyon ki lakoz fanm ak ti fi yo vin plis espoze pou yo trape enfeksyon ak lòt kalte maladi. Fòs miltinasyonal, k ap tabli nan peyi a, ta dwe pran dispozisyon ki ka garanti pwoteksyon fanm ak ti fi sou teritwa Ayiti a. Se rekòmandasyon Loni fanm, nan yon ranmase li fè soti nan dat madi 16 jiyè 2024 la.

Dwe gen konsiderasyon espesyal ak lòt kalte estrateji, ki ale pi lwen pase jesyon ijans nan kriz imanitè k ap brase bil peyi d Ayiti, jounen jodi a. Dwe gen dispozisyon pou met bout nan laterè gang ak zam yo. Se rekòmandasyon plizyè fonksyonè Nasyon zini ak Inyon peyi Ewòp yo, ki te vizite peyi d Ayiti semenn pase.

Lapè, k ap pèmèt timoun yo ale lekòl, k ap pèmèt peyizan fè jaden yo, k ap pèmèt tout moun jwenn tout kalte sèvis ki pi enpòtan yo, tankou lasante. Dispozisyon pou asire pwoteksyon fanm ak timoun, ki anba gwo madoulè depi plizyè mwa. Se lòt rekòmandasyon plizyè fonksyonè Nasyon zini ak Inyon peyi Ewòp yo, ki te vizite peyi d Ayiti semenn pase.

Tout famasi ministè sante piblik rekonèt yo dwe met yon ansèy byen klè, pou tout moun ka byen wè yo sou teritwa Ayiti a. Se yon fason pou ranfòse sekirite popilasyon an nan fason li ka jwenn medikaman ak jan y ap distribye medikaman nan peyi a. Se yon desizyon ministè sante piblik di l pran depi nan dat 5 jiyè 2024. Men, se lendi 15 jiyè 2024 la li fè konnen li te pran desizyon sa a.

Ministè sante piblik fè konnen li vle garanti konfyans popilasyon an nan medikaman, l ap achte nan tout famasi sou teritwa nasyonal la. Ministè sante piblik mande tout moun rete veyatif lè yo va chwazi yon famasi, kote yo pral achte medikaman yo bezwen yo.

Sou chak 3 jounalis, gen 2 ki sibi menas ak presyon lè y ap travay sou kozman politik yo nan peyi d Ayiti. Jounalis yo ap fè fas rèd mare ak pwoblèm sekirite a. Yo gen lakrentif pou yo pa sibi anba agresyon,ak mannèv kaponnáy ak depi y ap travay sou dosye politik yo. Se kèk pami eleman, ki soti nan yon etid òganizasyon Policite, Internews ak Enstiti Panos te fè.

Se nan mwa janvye 2024 la òganizasyon Policite, Internews ak Enstiti Panos te fè etid sa a sou bezwen fanm ak gason Ayisyen yo, ki jan yo konprann sistèm politik peyi d Ayiti a ak defi jounalis yo dwe leve nan travay y ap fè sou kozman politik nan peyi d Ayiti. Etid lan te chita tou sou ki sa popilasyon an bezwen konnen anvan, pandan ak apre eleksyon nan peyi d Ayiti.

Medya yo dwe kontinye travay sou kesyon sekirite a. Medya yo dwe òganize brase lide ak tout sila, fanm kou gason, ki candida, sou pwogram ak pwojè yo genyen lè va gen eleksyon sou teritwa Ayiti a. Se kèk lòt rekòmandasyon òganizasyon Policite, Internews ak Enstiti Panos, nan yon etid yo te fè nan mwa janvye 2024 la (Son jounalis Germina Pierre-Louis ki te jwe wòl konsitan nan etid sa a.

Apre eleksyon ki te fèt madi 16 jiyè 2024 la, dwayen tribinal sivil Ench lan, depatman Plato santral, jij Wando Saint-Villier, pral kontinye jwe wòl delege tribinal sivil nan peyi d Ayiti yo andedan Konsèy siperyè pouvwa lajistis la (Cspj). Se pral dezyèm manda 3 lane (ant premye oktòb 2024 pou rive premye oktòb 2027) Wando Saint Villier, kòm delege tribinal sivil yo andedan Cspj apre premye manda l ant premye oktòb 2021 pou rive premye oktòb 2024 la.

Depi madi 9 jiyè 2024 la, jij Noe Massillon te gen lamayòl nan eleksyon pou chwazi delege lakou dapèl yo andedan Konsèy siperyè pouvwa lajistis la (Cspj).

Se madi 23 jiyè 2024 k ap vini a ap gen eleksyon pou chwazi delege tribinal depè yo andedan Konsèy siperyè pouvwa lajistis la (Cspj).

Ki dispozisyon y ap pran pou fè suivi sou desizyon, yo te pran nan 2 jounen retrèt vandredi 21 ak samdi 22 jen 2024 yo. Jwenn bon jan amoni nan plan batay gouvènman tranzisyon an. Defini estrateji pou gwo chantye gouvènman tranzisyon an. Se dosye sa yo ki te nan diskisyon dezyèm reyinyon Konsèy gouvènman an, Garry Conille te dirije maadi 16 jiyè 2024 la. Se sa biwo premye minis la fè konnen sou rezo sosyal yo.

Toulèjou, gouvènman tranzisyon Garry Conille la fè konnen l ap rapousuiv seri diskisyon l yo ak divès sektè, san popilasyon an poko janm wè rezilta diskisyon ak chita pale sa yo nan sa k ap pase sou teren an. [ppsf rc apr 17/07/2024 14:53]