Pon Sonde (Latibonit, Ayiti) 15 jiyè 2024 [AlterPresse] --- 4 mwa anvan eleksyon pou prezidan madi 5 novanm 2024 la nan peyi Etazini, se gwo chòk jisteman nan peyi ameriken yo apre yon lwijanboje manke asasinen kandida pou prezidan Donald Trump, ki te nan kanpáy nan yon miting, samdi 13 jiyè 2024 la, nan Pennsylvania. Eleman analiz nan magazin Evenman, ki pase sou AlterRadio 106.1 Fm ak divès lòt platfòm entènèt.
Depi lane 2016 la, gen plis vyolans ak zam, yo anrejistre sou teritwa ameriken an, dapre divès rapò. Gen 4 Ameriken sou 10 ki deklare yo gen zam lakay yo, dapre yon rapò ki soti nan mwa dawout 2023. Gwoup moun ki nan kan repibliken yo deklare yo gen sekirite, depi yo gen zam nan men yo pèsonèlman. Se pa pozisyon gwoup ki nan kan demokrat yo, ki kwè yomenm posede yon zam fè bese nivo sekirite a sou teritwa ameriken an. Sou chak 100 moun nan peyi Etazini, ta gen plis pase 120 zam. Pou 341 milyon fanm ak gason, k ap viv nan peyi Etazini, yo te konte 393 milyon zam ki te gaye toupatou. Se sa yon rapò Inivèsite Jenèv, nan peyi Lasuis, te fè konnen nan lane 2018.
Mitan mwa jiyè 2024 la, gang ak gwo zam lou, k ap sèvi ak motosiklèt, rapousuiv zak laterè ak dechèpiyáy yo nan plizyè katye zòn metwopoliten Pòtoprens lan, depatman Lwès la, ak nan plizyè komin depatman Latibonit lan. Popilasyon an ap ret tann bon jan dispozisyon lapolis nasyonal d Ayiti a pou kwape zak kriminèl sa yo.
Ta gen plizyè moun ki mouri anba bal, nan moman lese frape, lendi maten 15 jiyè 2024 la, ant gang ak zam Gran Grif Savyen yo ak lapolis nasyonal la, nan zòn Pon Sonde ak Kafou Pèy, depatman Latibonit la. Se enfòmasyon Mouvman òganizasyon plantè pou devlopman Vale Latibonit (Modva) rapòte bay AlterPresse ak AlterRadio.
Lendi maten 15 jiyè 2024 la, gang ak zam Gran grif Savyen yo t al tire anpil kout zam sou pòs polis Pon Sonde a, sou wout nasyonal nimewo 1 an, depatman Latibonit. Gen polisye nasyonal, ki te soti nan plizyè komin, ki te rive fè fas kare ak gang ak zam Gran Grif Savyen sa yo.
Malgre tou, gang ak zam Gran grif Savyen yo boule tou plizyè machin nan Kafou Pèy, pa twò lwen Pon Sonde, kote toulèjou y ap dechèpiye chofè machin transpò piblik ak ti machann.
Depi plizyè mwa, gang ak zam Latibonit yo, sitou baz Gran grif Savyen yo, pèsiste nan kò sasináy ak dechèpiyáy sou chofè ak pasaje sou wout nasyonal nimewo 1 an.
Malgre gen yon ekip tranzisyon ki pran mayèt politik la depi plizyè semenn, anyen poko janm fèt, jis rive mitan mwa jiyè 2024 la, pou met bout nan sitiyasyon laterè yo sou teritwa Ayiti a. Douvan dispozisyon lapolis nasyonal la poko janm pran pou kwape yo, gang ak zam yo kontinye layite zak vyolans yo, nan asasinen, kidnape ak dechèpiye popilasyon an rèd mare. Se dizon anpil anpil moun nan popilasyon an, k ap mande ki lè y ap gen yon souf nan lavi chak jou yo.
Anpil anpil fanm ak gason kontinye di yo bouke anba move sitiyasyon ak move kondisyon lavi y ap sibi yo. Estrikti leta yo parèt bloke. Yo pa fè anyen kont zak malfektè kriminèl yo.
Dyalòg ak gang ak zam, se nan tribinal sa dwe fèt. Se dizon mèt avoka Camille Leblanc nan emisyon TiChèzBa, ki pase sou AlterRadio 106.1 Fm ak divès lòt platfòm entènèt.
Leta parèt pa prezan ditou pou ride popilasyon an fè fas kare ak move kondisyon lavi y ap sibi. Se sitiyasyon plizyè lokalite Benè, depatman Sidès.
Nan Benè, peyizan yo pa gen bon dlo pou bwè. Yo pa gen sant lasante. Yo pa gen pyès idantite. Timoun yo sètoblije rale anpil kilomèt pou y al sou ban lekòl. Lekòl yo yomenm pa gen bon jan resous moun ak materyèl. Epitou sezon plante yo pa menm jan ankò, avèk boulvès nan anviwónman an. Se kout rèl ajan kominotè Renald Joseph, ki rete nan lokalite Sorèl/Benè, nan emisyon EkoSosyal, ki pase sou AlterRadio 106.1 Fm ak divès lòt platfòm entènèt.
Ta dwe gen lekòl pwofesyonèl pou jenn fanm ak jenn gason, ki bezwen prepare demen yo nan Benè, depatman Sidès. Ta dwe gen dispozisyon pou ride fanm ak gason Benè yo fè pi byen jaden yo, ki se pi gwo resous nan Benè ak zòn ki viwonnen l yo. Se rekòmandasyon ajan kominotè Renald Joseph, ki rete nan lokalite Sorèl/Benè, nan emisyon EkoSosyal, ki pase sou AlterRadio 106.1 Fm ak divès lòt platfòm entènèt.
Nan moman Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) voye lèt bay divès gwoup pou voye delege andedan Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep), ta gen kontmaltaye ak chire pit ki koumanse parèt sou demach sa a, andedan divès sektè konsènen yo. Se sa AlterPresse ak AlterRadio aprann.
Nan sans sa a, Konferans pastè ayisyen yo (Copah) lonje dwèt sou Federasyon pwotestan d Ayiti yo, li akize ki pa fè okenn konsiltasyon ni chita pale pou ta chwazi yon delege fanm oswa gason, pou ale andedan Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep). Se pinga pastè Dorvila Normil, prezidan Copah sou AlterPresse ak AlterRadio.
Konpòtman Federasyon pwotestan d Ayiti yo ta fè krenn mannigans sispèk pou voye moun andedan Kep a. Dwe gen yon komisyon tout moun ladan, ki pou di nan ki kondisyon yo pral chwazi yon delege fanm oswa gason pou ale nan Kep a. Konferans pastè ayisyen yo / Copah di l pran angajman pou fòse yo respekte prensip demokrasi, transparans ak patisipasyon nan demach pou chwazi delege pwotestan yo, ki pou al reeprrezante yo andedan Konsèy elektoral pwovizwa a.
Dwe gen dispozisyon konsekan kont tout mannigans koken, ki va pèmèt se ta magouyè ak raketè ki ta pran direksyon Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep a) ankò. Prekosyon sa a nesesè anpil pou evite peyi d Ayiti konnen ankò move eleksyon, ki ka plonje l nan plis katyouboumbe toujou. Se avètisman Inyon nasyonal nòmalyen ayisyen yo (Unnoh) te bay Konsèy prezidan pou tranzisyon an, nan yon kozman ak laprès semenn pase. [ppsf rc apr 15/07/2024 14:51]