Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Anpil anpil moun di yo pa kapab ankò anba pwomès bèl diskou, detan gang kriminèl yo ap rapousuiv zak laterè yo san gade dèyè

Pòtoprens, 14 jiyè 2024 [AlterPresse] --- Depi plizyè mwa, gang ak zam Latibonit yo, sitou baz Gran grif Savyen yo, pèsiste nan kò sasináy ak dechèpiyáy sou chofè ak pasaje sou wout nasyonal nimewo 1 an. Lapolis poko janm pran dispozisyon pou met bout nan zak laterè sa yo.

Malgre gen yon ekip tranzisyon ki pran mayèt politik la depi plizyè semenn, anyen poko janm fèt, jis rive mitan mwa jiyè 2024 la, pou met bout nan sitiyasyon laterè yo sou teritwa Ayiti a. Douvan dispozisyon lapolis nasyonal la poko janm pran pou kwape yo, gang ak zam yo kontinye layite zak vyolans yo, nan asasinen, kidnape ak dechèpiye popilasyon an rèd mare. Se dizon anpil anpil moun nan popilasyon an, k ap mande ki lè y ap gen yon souf nan lavi chak jou yo.

Anpil anpil fanm ak gason kontinye di yo bouke anba move sitiyasyon ak move kondisyon lavi y ap sibi yo. Estrikti leta yo parèt bloke. Yo pa fè anyen kont zak malfektè kriminèl yo.

Ki jan ekip tranzisyon an ka di estrikti leta yo rive rekipere lopital jeneral Pòtoprens lan, alòske tout zòn ki viwonnen lopital lan toujou anba kontwòl gang ak zam yo ? Peyi d Ayiti pa bezwen fè wè nan medya. Se pito bon jan aksyon pou kwape zak laterè gang ak zam yo, pou tabli sekirite tout bon vre sou teritwa Ayiti, tout moun ap tann. Se pinga Inyon nasyonal nòmalyen ayisyen yo (Unnoh), pa lentèmedyè sendikalis pwofesè Josue Merilien, bay ekip tranzisyon an.

Gen anpil anpil moun, ki te rete anba lavil Pòtoprens lan, ki ta vle retounen lakay yo. Popilasyon an bezwen jwenn sekirite ak tout lòt kondisyon nesesè pou l viv san kè sote. Pawòl Garry Conille yo depaman ak tribilasyon avèk madoulè popilasyon an ap sibi chak jou, anba men gang ak zam yo. Poko gen anyen ki fèt pou atake gang ak zam yo tout bon vre. Gang ak zam yo kontinye santi yo alèz pou rapousuiv tout kalite move zak kriminèl yo sou teritwa Ayiti a. Popilasyon an dwe rete veyatif pou evite se ta plan kominote entènasyonal la Garry Conille vin aplike, olye l satisfè revandikasyon fondamantal popilasyon yo. Se konsiderasyon Inyon nasyonal nòmalyen ayisyen yo (Unnoh).

Ki lè pri gaz lan va desann tout bon sou teritwa Ayiti a ? Ki lè popilasyon an ap kapab jwenn dola li genyen nan bank yo, pou mennen ativite l yo ? Bank komès yo derefize nètalkole bay popilasyon an dola, li gen nan men l yo. Bank tout bank yo (bank santral) pa janm di anyen sou kozman sa a. Se kout rèl Inyon nasyonal nòmalyen ayisyen yo nan yon kozman ak laprès.

Se toujou pwomès ak bèl diskou. Toulèjou, depi plizyè semenn, ni Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), ni gouvènman tranzisyon an ap plede ekri sou rezo sosyal yo kouman yo gen reyinyon ak divès kalte sektè, sou divès kalte kozman. Men, jiska prezan, ni youn ni lòt poko di ki aksyon yo fè pou chanje kondisyon lavi popilasyon an tout bon.

Garry Conille pwomèt ankò ekip tranzisyon an pral aji kont zam lalwa pa rekonèt yo, yo kontinye simaye sou teritwa Ayiti a. Yo di yo pral pran dispozisyon pou pakèt milye moun ki kite kay yo, akoz laterè gang ak zam yo, retounen lakay yo. Fè lapè ak kè poze retounen nan tout peyi a. Se lòt pwomès ankò Garry Conille, ki t ap patisipe, vandredi 12 jiyè 2024 la, nan yon reyinyon sou sitiyasyon dwa moun yo. Se sa yo rele ekzamen inivèsèl sou chak peryòd, yo toujou fè nan chak peyi pou gade nan ki nivo dwa moun ye ak ki jefò ki fèt pou respekte dwa moun yo.

Sou baz dekrè 27 me 2024 la, Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) ekri, semenn pase, plizyè sektè pou mande yo chwazi yon delege, ki ta dwe vin anchaje Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep).

Tout sektè ki konnsènen yo ta dwe fè jefò chwazi yon fanm kòm delege, pou reprezante yo andedan Konsèy elektoral pwovizwa a.

Fòk se ta yon moun onèt, ki gen konpetans ak esperyans pwofesyonèl, ki montre li gen yon lespri endepandan, ki pa anba sanksyon kominote entènasyonal la. Moun yo va chwazi yo dwe an mezi ak gen kapasite pou konprann sitiyasyon, ki genyen kounye a nan peyi d Ayiti. Li dwe bay prèv li te pran angajman konsekan anfavè pwomosyon ak respè dwa moun yo, anfavè yon sosyete ki chita sou demokrasi ak lalwa, nan dènye lane ki sot pase yo. Se kèk pami kritè, delege yo ta dwe genyen pou vin manm Konsèy elektoral pwovizwa, yo pral met kanpe a. Se ekzijans Konsèy prezidan pou tranzisyon an.

Dwe gen dispozisyon konsekan kont tout mannigans koken, ki va pèmèt se ta magouyè ak raketè ki ta pran direksyon Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep) ankò. Se prekosyon nesesè sa a pou evite peyi d Ayiti konnen ankò move eleksyon, ki ka plonje l nan plis katyouboumbe toujou. Se avètisman Inyon nasyonal nòmalyen ayisyen yo (Unnoh) bay Konsèy prezidan pou tranzisyon an, nan yon kozman ak laprès.

Konsèy prezidan pou tranzisyon an ta dwe gade ki jan, nan diskisyon ak gouvènman peyi Etazini a, li ta ka fè lwa Hope lan, ki bout depi dat 25 jen 2024 la, ta kontinye anfavè peyi d Ayiti. Lwa Hope lan bay faktori, ki tabli nan peyi d Ayiti yo, avantáy espesyal pou voye nan peyi Etazini rad ak divès lòt kalte pwodui yo fè nan izin yo nan peyi d Ayiti. Se rekòmnadasyon Asosyasyon endistri peyi d Ayiti yo, ki te chita pale ak Konsèy prezidan pou tranzisyon an, vandredi 12 jiyè 2024 la.

Se vandredi 12 jiyè 2024 la Garry Conille ak plizyè minis gouvènman tranzisyon an t al di ki byen yo posede, sa yo rele deklarasyon patrimwán nan, jan lalwa fevriye 2008 lan ekzije l lan.

Anbasadris peyi Etazini nan Òganizasyon Nasyon zini yo, Linda Thomas-Greenfield, lonje dwèt sou lòt manm Konsèy sekirite Nasyon zini yo, ki ta bloke jefò gouvènman ameriken an pou fè suivi sou sanksyon li te deja pran kont ansyen senatè Youri Latortue yo. Se sa jounal ameriken Miami Herald rapòte.

Vandredi 12 jiyè 2024 la, Konsèy sekirite Òganizasyon Nasyon zini yo pwolonje pou yon lòt lane ankò, jis rive nan dat 15 jiyè 2025, manda Biwo entegre Nasyon zini yo nan peyi d Ayiti (Binuh). [ppsf emb rc apr 14/07/2024 12:42]