Español English French Kwéyol

Ayiti-Medya : Asosyasyon jounalis mande jounalis yo fè atansyon pou lavi yo epi pou yo gen konpòtman reskonsab

Pòtoprens, 18 jiyè 2024 [AlterPresse] --- Asosyasyon jounalis ayisyen (Ajh) ak Asosyasyon medya sou entènèt yo (Ahml) mande jounalis k ap feraye sou teren an pou yo gen konpòtman ki ede yo pwoteje lavi epi pou yo aji yon fason reskonsab nan kouvri aktivite ki konsène operasyon lapolis ak vyolans gang an Ayiti.

Asosyasyon yo lanse apèl sa a nan entèvyou ak AlterPresse/AlterRadio apre konsta sou fason jounalis yo te pote boure pandan lapolis ak fòs keyan ki nan Misyon miltinasyonal pou apiye sekirite a (Mmas) t ap deplòtonnen nan Pòtoprens 17 jiyè a.

Nou sezi wè ki jan yon pakèt jounalis mete lavi yo an danje, lè yo anvayi espas operasyon lapolis nasyonal la t ap mennen ak polisye Kenya yo, mèkredi 17 jiyè 2024 la, anba lavil la ak sou Gran Ri Pòtoprens la : se sa Jacques Desrosiers, sekretè jeneral Ajh deklare bay AlterPresse/AlterRadio.

Li mande polisye yo pou bare kote yo pa vle lòt moun vini ak franchi, nan moman y ap mennen operasyon yo.

Jounalis k ap feraye sou teren an dwe pwoteje lavi yo, dapre Godson Lubrun, alatèt Ahml.

Yo dwe gen yon konpòtman responsab ak pwofesyonèl, pou yo pa viktim nan ekzèsis travay yo, tankou nan moman twoke kòn lapolis ak gang ak zam yo.

Yon lòt aspè gen arevwa ak kalte enfòmasyon jounalis teren ki difize enfòmasyon sou rezo sosyal yo ap bay, nan moman gouvènman deklare etadsyèj sekiritè, depi 17 jiyè a, pou 14 komin ki anba men gang, pami yo 7 komin nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la.

Jounalis k ap feraye sou teren an dwe evite bay enfòmasyon k ap di bandi yo pozisyon fòs sekirite yo ak ki jan operasyon yo ap mache : se apèl sa a premye minis Garry Conille voye bay jounalis yo nan diskou li 17 jiyè nan aswè.

Sou baz yon plan batay y ap prepare depi plizyè semenn, lapolis nasyonal la, lame ansanm ak fòs miltinasyonal la, pral aji nan 14 komin, ki anba kontwòl gang ak zam yo, dapre sa Conille anonse. [apr 18/07/2024 15 :00]

Foto : Kopi ekran