Español English French Kwéyol

Ayiti : Gouvènman an deklare etadijans sekiritè nan 14 komin ki anba men gang nan peyi a

Pòtoprens, 17 jiyè 2024 [AlterPresse] --- Premye minis Garry Conille anonse aswè 17 jiyè 2024 la gouvènman li a anonse etadijans sekiritè nan 14 komin gang kontwole nan peyi Ayiti.

Apre li drese yon bilan katastwòf laterè gang yo simen nan peyi a, Garry Conille fè konnen tout fòs lòd yo ap patisipe nan batay pou derasinen gang yonan peyi a. Lapolis, lame ak fòs miltinasyonal ap pote kole anfas bandi yo.

Conille mande popilasyon an mache kontre ak fòs lòd yo epi rete atantif ak veyatif, pandan li mande bandi yo, yon lòt fwa ankò pou depoze zam yo epi rekonèt otorite Leta.



Premye minis la di Ayiti kase koub nèt nan batay kont gang yo, yon batay ki kab long, men « pèp la pap pèdi batay sa a », dapre chèf gouvènman an.

Garry Conille fè anons sa a yon jou apre yon kontenjan 200 polisye keyan vin jwenn 200 ki te deja la depi finisman mwa jen.

Lapolis ansanm ak fòs Kenyan yo fè patwouy ansanm nan sant vil Pòtoprens la nan jounen 17 jiyè a. Yo te nan yon dizèn gwo blende, dapre konsta jounalis. [apr 17/07/2024 21:30]