Español English French Kwéyol

Ayiti : Lapolis twoke kòn li ak gang Gran Grif nan Pon Sonde ak Kafou Pèy, plizyè ka lanmò

Pòtoprens, 15 jiyè 2024 [AlterPresse] --- Ta gen plizyè moun ki mouri anba bal, nan moman lese frape, lendi maten 15 jiyè 2024 la, ant gang ak zam Gran Grif Savyen yo ak lapolis nasyonal la, nan zòn Pon Sonde ak Kafou Pèy, depatman Latibonit la. Se enfòmasyon Mouvman òganizasyon plantè pou devlopman Vale Latibonit (Modva) rapòte bay AlterPresse ak AlterRadio.

Lendi maten 15 jiyè 2024 la, gang ak zam Gran grif Savyen yo t al tire anpil kout zam sou pòs polis Pon Sonde a, sou wout nasyonal nimewo 1 an, depatman Latibonit. Gen polisye nasyonal, ki te soti nan plizyè komin, ki te rive fè fas kare ak gang ak zam Gran Grif Savyen sa yo

Malgre tou, gang ak zam Gran grif Savyen yo boule tou plizyè machin nan Kafou Pèy, pa twò lwen Pon Sonde, kote toulèjou y ap dechèpiye chofè machin transpò piblik ak ti machann

Depi plizyè mwa, gang ak zam Latibonit yo, sitou baz Gran grif Savyen yo, pèsiste nan kò sasináy ak dechèpiyáy sou chofè ak pasaje sou wout nasyonal nimewo 1 an. [aor 15/07/2024 18 :00]

Foto : Pnh/Achiv