Pedernales (Repiblik Dominiken, 10 jiyè 2024 [AlterPresse] --- Se sèlman 3 mwa prizon jij enstriksyon dominiken Edy Yovany Rodriguez Muñoz deside kòm santans pou Hungría Díaz, 88 lane, yo sispèk ki te asasinen ak bal, madi 2 jiyè 2024 la, natif natal Ayiti Jean Duverssaint, 65 lane, ak Maurice Delia, 49 lane. Se sa medya dominiken fotuto.net rapòte. Se sou plantasyon l nan Pedernales, pa twò lwen fwontyè Ansapit nan peyi d Ayiti, Hungría Díaz te louvri kout zam sou 2 natif natal Ayiti sa yo.
Èske nouvo desizyon 9 jiyè 2024 la, lajistis dominiken pran an sou ka moun ki asasinen migran, p ap kontinye ankouraje yo pilonnen dwa fanm ak gason migran yo, pa ba yo valè kòm moun, sou teritwa Repiblik Dominiken an ? Se kesyon plizyè òganis dwa moun ap poze pa sèlman jodi a, men tou depi plizyè lane, avèk pil ak pakèt agresyon fanm ak gason migran yo ap sibi nan Repiblik Dominiken.
Se madi 9 jiyè 2024 la, 8 jou apre, lajistis Repiblik Dominiken te arete natif natal dominiken Hungría Díaz, yo sispèk nan kò sasináy madi 2 jiyè 2024 la sou 2 natif natal Ayiti Jean Duverssaint, 65 lane, ak Maurice Delia, 49 lane.
Se sou yon fèm, yon plantasyon ki pou li, ki se pwopriyete l, Hungría Díaz te asasinen ak bal 2 natif natal Ayiti yo, Jean Duverssaint ak Maurice Delia, madi 2 jyè 2024 la nan Pedernales, pa twò len fwontyè Ansapit, peyi d Ayiti. Hungría Díaz, se papa yon komisè gouvènman fanm, ki rele María Díaz Corcino. Se sa medya dominiken fotuto.net presize.
Poko gen reyaksyon bò kote otorite peyi d Ayiti yo, espesyalman ministè zafè etranje, apre desizyon sèlman 3 mwa prizon pou natif natal dominiken Hungría Díaz, yo akize nan kò sasináy madi 2 jiyè 2024 la sou Jean Duverssaint, 65 lane, ak Maurice Delia, 49 lane.
Anbasad peyi d Ayiti nan Repiblik Dominiken ap travay sou dosye jèn fanm Saint Mira Milien, ki mouri sou wout jedi 4 jiyè 2024 la detan otorite migrasyon dominiken yo t ap mennen l sou fwontyè. Anbasad peyi d Ayiti nan Repiblik Dominiken ap travay tou sou dosye Jean Duverssaint ak Maurice Delia, Ki mouri sasineen anba bal yon natif natal dominiken te tire sou yo, madi 2 jiyè 2024 la nan Pedernales, pa twò lwen fwontyè Ansapit la. Se sa ministè zafè etranje peyi d Ayiti te fè konnen madi 9 jiyè 2024 la.
Ministè zafè etranje peyi d Ayiti te tou mande otorite dominiken yo di peyi d Ayiti nan ki sikonstans 3 natif natal Ayiti mouri, semenn pase sou teritwa dominiken an, epi idantifye kriminèl yo. Ministè zafè etranje peyi d Ayiti di l estomake dèske 3 natif natal Ayiti, yon fanm ak 2 gason, sibi move tretman ankò sou teritwa Repiblik Dominiken an.
Limyè dwe fèt sou lanmò jèn fanm migran Ayisyèn nan, Saint Mira Millien, jedi 4 jiyè 2024 la ak kò sasináy, madi 2 jiyè 2024 la nan Pedernales, sou migran Jean Duverssaint ak Maurice Delia. Fanmi moun sa yo dwe jwenn jistis. Se rekòmandasyon, depi samdi 6 jiyè 2024 la, platfòm Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (Garr). Garr te mande otorite 2 peyi yo, espesyalman anbasad d Ayiti nan Repiblik Dominiken, fè suivi konsekan sou dosye sa yo.
Ministè ledikasyon nasyonal dwe pran dispozisyon pou ride elèv lekòl, k ap sibi anba laterè gang ak zam yo divès kote, ta kapab al konpoze nan ekzamen ofisyèl finisman mwa jiyè 2024 yo. Se kout rel Inyon paran elèv pwogresis Ayisyen yo (Upeph) nan yon let tou louvri.
Ministè ledikasyon nasyonal ta dwe mande tout direksyon, li genyen nan tout depaatman peyi a, met kanpe sant espesyal pou resevwa tout elèv 9vyèm ane fondamantal ak Ns4 yo, ki vin refijye nan komin yo akoz laterè gang ak zam yo. Gade ki dispozisyon ki ka pran nan ka plizyè lekòl prive, ki pa t kapab louvri pòt yo pou resevwa elèv pandan 4-5 mwa, akoz laterè gang ak zam yo. Men tou, gade ki dispozisyon ki ka pran, nan ka direksyon lekòl prive k ap fè paran elèv yo ekzijans pou peye tout ane lekòl lan, sou pretès yo te travay sou entènèt. Ministè ledikasyon nasyonal ta dwe tou pran dispozisyon pou pèmèt elèv Ns4, ki pa t pase lane 2023 yo, paske li pa t òganize sesyon rekonpoze, al rekonpoze. Se revandikasyon Inyon paran elev pwogresis Ayisyen yo (Upeph) nan yon let tou louvri.
Mèkredi 10 jiyè 2024 laa, gwoup lokal Altènatiba, k ap feraye sou anviwónman an, te òganize, nan Sen Mak ak Vèrèt, depatman Latibonit, aktivite mobilizasyon, ki sèvi ak teyat, pou fè sansiblizasyon sou danje, bwat fom yo genyen sou lavi moun, bèt ak sou anviwónman an. Moun ki t ap patisipe yo te denonse politik manfouben Leta, ki pa aplike dispozisyon li te pran nan dat 10 jiyè 2013 la, pou entèdi yo kòmande, fè komès ak distribye materyèl fom sou teritwa Ayiti a.
Tout bwat ki pot non fom (bwat poliestirèn, estiwofom, nan langaj teknik), moun k ap fè komès yo konn mete manje bay moun divès kote sou teritwwa Ayiti a, se pwazon. Se gwo danje pou lasante moun, bèt ak anviwónman an. Nan tèt kole ak Gwoup aksyon frankofón pou anviwónman (Gafe) ak lòt patnè, se avètisman, Mouvman nasyonal sitwayen sou anviwónman ki rele Altènatiba/Ayiti te bay nan finisman yon woumble, yo te fè nan Pòtoprens nan dat 17 ak 18 novanm 2023.
Materyèl ki rele fom nan, se ak pwodui gaz yo fè l. Materyèl ki rele fom nan, se yon pwodui ki báy moun kansè, maladi latranblad yo rele Pakennsonn nan ak kansè nan san. Moun, ki gen anpil fom / yo rele poliestirèn, estiwofom, nan langaj teknik / nan lantouráy yo, yo dekourvi moun sa yo vin pèdi kapasite pou yo byen wè koulè. Materyèl ki rele fom nan lakoz moun k ap sèvi avè l yo vin santi yo gen fatig, vin parèt tankou moun ki sou, ki pèdi lakat. Materyèl ki rele fom nan anpeche moun rive konsantre yo sou sa y ap fè. Yo fè moun pèdi ekilib yo. Chalè likid ak manje cho nan estiwofòm yo bay yon melanj, ki pote pwazon nan san ak nan kò moun. Lè yo met manje nan bwat fom epi chofe l nan materyèl yo rele maykwowev (microwave) lan, gen transfòmasyon ki vin fèt nan manje a. Konsa, tout vitamin A ki te nan manje a vin dekonpoze, vin disparèt. Kidonk, materyèl ki rele fom nan charye move konsekans sou lavi moun, bèt ak sou anviwónman an. Se avètisman plizyè patnè k ap feraye sou anviwónman an, tankou Gwoup aksyon frankofón pou anviwónman / Gafe ak Mouvman nasyonal sitwayen sou anviwónman ki rele Altènatiba/Ayiti te bay apre yon woumble, yo te fè nan Pòtoprens nan dat 17 ak 18 novanm 2023.
Apati enfòmasyon sa yo, gen ijans pou rès soyete Ayiti a ta kore demach fanm ak gason, ki te koumanse depoze plent lajistis, depi dat 10 jiyè 2023 a, kont azipwopo ak danje plizyè kalte maladi, tankou kansè, materyèl ki rele fom nan (poliestirèn, estiwofom, nan langaj teknik) ka lakoz sou lasante moun, bèt ak anviwónman an.
Nan yon petisyon, depi lane 2015, Gwoup aksyon frankofón pou anviwonman / Gafe te voye kout rèl anmwe kont danje materyèl fom nan. Se sa k esplike, chak lane, dat 10 jiyè a se jounen mobilizasyon kont fom. Chak lane, 10 jiyè se jounen moublizasyon pou ankouraje fanm ak gason sispann itilize fom nan lavi chak jou yo. 10 jiyè a tounen yon jounen pou ankouraje fanm ak gason chwazi sa ki byen, bon jan altènativ lokal, olye yo sèvi ak bwat materyèl pwazonnen. Tankou Leta 18 zile Karayib yo te pran l deja, enfòmasyon sa yo montre nesesite pou leta peyi d Ayiti ta pran dispozsiyon pou anpeche yo kòmande materyèl fom yo, pou anpeche yo vann ak distribye materyèl fom yo. Epitou bay fanm ak gason, bay òganizasyon nan sosyete a bon jan akonpáyman, pou yo rive jwenn bon jan altènativ lokal, ki bon mache. Se dizon Gwoup aksyon frankofòn pou anviwónman (Gafe)
10 jiyè 2013, leta Ayiti te pran desizyon entèdi yo kòmande tout materyèl fom yo (sachè, bwat manje elatriye), men tou pou pa fè komès ak materyèl fom yo, pou anpeche materyèl sa yo ta kontaminen anviwónman peyi d Ayiti a.
Leta nan 18 zile Karayib yo te siyen akò Katajèn/Kolonbi 24 mas 1983 a, pou pwoteje lanmè Karayib yo kont tout kalte pwazon ak pwodui pwazonnen.
Gade ki jan sa ye nan divès enstisyon leta. Se te objektif yon virewon Garry Conille te fè, madi 9 jiyè 2024 la, nan plizyè enstitisyon (Lopital jeneral Pòtoprens, aryopò entènasyonal Pòtoprens, direksyon jeneral imigrasyon, biwo Ofis nasyonal idantifikasyon (Oni)
Ki kalte akonpáyman ekip tranzisyon an ka bay pou pote amelyorasyon nan kondisyon traváy travayèz ak travayè yo. Tande revandikasyon ouvriyèz, ouvriye, ti machann, grefye, elatriye. Se sa k te nan diskisyon nan yon reyinyon, madi 9 jiyè 2024 la, ant Garry Conille, minis zafè sosyal Georges Wilbert Franck ak delege divès sektè traváy nan biwo premye minis la. [ppsf emb rc apr 10/07/2024 14:56]
