Pedernales (Repiblik Dominiken), 9 jiyè 2024 [AlteerPresse] --- Madi 9 jiyè 2024 la, lajistis Repiblik Dominiken arete natif natal dominiken Hungría Díaz, yo sispèk nan kò sasináy madi 2 jiyè 2024 la sou 2 natif natal Ayiti Jean Duverssaint, 65 lane, ak Maurice Delia, 49 lane. Se sa medya dominiken fotuto.net rapòte
Se sou yon fèm, yon plantasyon ki pou li, ki se pwopriyete l, Hungría Díaz te asasinen ak bal 2 natif natal Ayiti yo, Jean Duverssaint ak Maurice Delia, madi 2 jyè 2024 la nan Pedernales, pa twò len fwontyè Ansapit, peyi d Ayiti. Hungría Díaz, se papa yon komisè gouvènman fanm, ki rele María Díaz Corcino. Se sa medya dominiken fotuto.net presize.
Anbasad peyi d Ayiti nan Repiblik Dominiken ap travay sou dosye jèn fanm Saint Mira Milien, ki mouri sou wout jedi 4 jiyè 2024 la detan otorite migrasyon dominiken yo t ap mennen l sou fwontyè. Anbasad peyi d Ayiti nan Repiblik Dominiken ap travay tou sou dosye Jean Duverssaint ak Maurice Delia, yon natif natal dominiken asasinen ak bal madi 2 jiyè 2024 la nan Pedernales, pa twò lwen fwontyè Ansapit la. Se sa ministè zafè etranje peyi d Ayiti fè konnen.
Ministè zafè etranje peyi d Ayiti mande otorite dominiken yo di peyi d Ayiti nan ki sikonstans 3 natif natal Ayiti sa yo mouri epi idantifye kriminèl yo. Ministè zafè etranje peyi d Ayiti di l estomake dèske 3 natif natal Ayiti, yon fanm ak 2 gason, sibi move tretman ankò sou teritwa Reepiblik Dominiken an.
Limyè dwe fèt sou lanmò jèn fanm migran Ayisyèn nan, Saint Mira Millien, jedi 4 jiyè 2024 la ak kò sasináy, madi 2 jiyè 2024 la nan Pedernales, sou migran Jean Duverssaint ak Maurice Delia. Fanmi moun sa yo dwe jwenn jistis. Se rekòmandasyon, depi samdi 6 jiyè 2024 la, platfòm Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (Garr), ki mande otorite 2 peyi yo, espesyalman anbasad d Ayiti nan Repiblik Dominiken, fè suivi konsekan sou dosye sa yo.
Garr mande tou òganis dwa moun nasyonal ak entènasyonal yo plis enstisyon entènasyonal yo kontinye leve kanpe kont zak maspináy ak tout lòt kalte abi, y ap fè fanm ak gason migran yo sibi sou teritwa Repiblik Dominiken an.
Lame Repiblik Dominiken enstale sou fwontyè avèk peyi d Ayiti a divès kalte ekipman, tankou dwón, pou anpeche bandi ak zam kouri kite Ayiti al eseye kache sou teritwa dominiken an. Se sa plizyè medya dominiken rapòte.
Gen plis pase 4 mil 600 elèv, k ap suiv kou ratrapaj nan 12 sant, ministè ledikasyon nasyonal met kanpe nan depatman Nò peyi d Ayiti a. Anwetan depatman Plato santral, se plis pase 80 mil elèv k ap suiv kou ratrapaj sou tout teritwa Ayiti a, yon fason pou ride yo fè bon jan preparasyon pou ekzamen ofisyèl Leta jiyè 2024 yo. Se sa ministè ledikasyon nasyonal fè konnen.
Dwe gen pase men nan ministè agrikilti, ki ka pèmèt peyi d Ayiti granmoun tèt li nan zafè lamanjáy. Se kèk pami rekòmandasyon òganizasyon Pwomosyon pou devlopman (Promodev) nan yon lèt tou louvri báy Konséy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) ak gouvènman tranzisyon an.
Manke kòdinasyon nan fason ministè agrikilti a ap mache. Se pou sa dwe gen bon jan pase men nan estrikti ministè agrikilti a. Dwe gen reparasyon nan tout sa ki ka pèmèt lawouzáy jaden yo. Ministè agrikilti dwe pèmèt tout moun k ap fè jaden rive jwenn semans, angrè ak tout pwodui k ap kwape ti bèt, lapès ak tout lòt kalte maladi k ap detwi jaden yo. Yo dwe met kanpe tou pwogram rechèch, fòmasyon ak bourad konsekan pou tout sila k ap fè jaden. Fòk gen jefò pou pèmèt fèm agrikilti yo rive kanpe djanm. Dispozisyon dwe pran pou anpeche konstriksyon kay nan espas ki konn fè jaden, ki ka bay manje. Sekirite dwe blayi toupatou pou lamanjáy yo ka monte desann divès kote sou teritwa Ayiti a. Dwe gen patisipasynn òganizasyon nan sosyete a nan tout plan batay pou agrikilti peyi a. Tout dispozisyon dwe pran pou fè peyi d Ayiti grannmoun nan zafè lamanjáy. Se divès pwopozisyon òganizasyon Pwomosyon pou devlopman (Promodev), nan yon lèt tou louvri báy Konsèy prezidan pou tranzisyon ak ak gouvènman tranzisyon an.
Jistis ak reparasyon pou tout pakèt milye moun, ki viktim zak laterè gang ak zam yo ant lane 2028 pou rive lane 2024 la. Se demann plizyè òganizasyonn dwa moun nan yon lèt tou louvri báy gouvènman tranzisyon an.
Pa dwe gen dispozisyon amnisti pou okenn bandi k ap simen laterè san gade dèyè sou teritwa Ayiti a. Zewo tolerans pou ajan fòs miltniasyonal pou kore sekirite a, ki ta mele nan zak maspináy dwa moun sou teritwa a. Dwe gen dispozisyon konsekan pou batay kont koripsyon, tankou blanchi lajan avèk wout kwochi ak lajan leta. Dwe gen bon jan kondisyon sekirite pou mennen nan eleksyon. Se dizon Ògannizasyon Sèk refleksyon, komisyon legliz katolik women Jistis ak lapè/ Jilap, òganizasyon feminis Nègès Mawon, Platfòm òganizasyon ayisyen dwa moun yo / Pohdh ak Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo / Rnddh, nan yon lèt tou louvri bay gouvènman trazisyon an.
Konsèy siperyè pouvwa lajistis la (Cspj) ta dwe voye bay Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) yon dokiman, ki di kouman lajistis peyi d Ayiti a ap mache, tout pwoblèm ki genyen nan sistèm lajistis la ak bidjè sistèm lajistis la. Se sa k soti nan yon reyinyon boukantáy enfòmasyon, Kpt a te genyen semenn sa a ak prezidan Cspj a Jean Joseph Lebrun.
Pakè tribinal sivil Pòtoprens lan p ap tounen ni yon poliklinik, ni yon boutik. Se avètisman nouvo komisè gouvènman tribinnal sivil Pòtoprens lan, Lionel Constant Bourgoin, nan moman enstalasyon l lendi 8 jiyè 2024 la.
Depi l resevwa demann pou sa, lapolis nasyonal la dwe aji san pèdi tan, pi vit posib, kont tout move aksyon ki ta fèt nan zòn ki sou kont pakè tribinal sivil Pòtoprens lan. Lapolis la dwe mete pakè tribinal sivil Pòtoprens lan okouran de tout move zak, ki fèt nan tout zòn ki sou kont pakè tribinal sivil Pòtoprens lan. Majistra yo p ap asosye avoka yo, nan zafè y ap plede yo. Majistra yo pral fè sa lalwa di nan tout ka y ap gen pou travay sou yo. Avoka yo dwe ekzèse metye yo a kòm oksilyè lajistis. Avoka yo dwe tabli bon jan relasyon pwofesyonèl ak pakè tribinal sivil Pòtoprens lan. Se ekzijans nouvo komisè gouvènman tribinal sivil Pòtoprens lan, Lionel Constant Bourgoin, ki pwomèt li pral goumen kont enpinite ak tout zak maspinay dwa moun. Lionel Constant Bourgoin te chèf pakè tribinal sivil Pòtoprens lan pou yon ti bout tan nan mwa desanm 2011. Ant 1999 pou rive lane 2003, li te chèf pakè tribinal sivil Jakmèl, depatman Sidès. Yo te lonmen l direktè lekòl majistra-jij yo nan mwa novanm 2008. Yo te lonmen l direktè jeneral Inite lit kont koripsyon (Ulcc) nan mwa avril 2016. Ionel Constant Bourgin te direktè tou sèvis enspeksyon lajistis andedan Konsèy siperyè pouvwa lajistis la (Cspj).
Madi 9 jiyè 2024 la, ansanm ak yon manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), premye minis Garry Conille te vizite espas Lopital jeneral Pòtoprens lan
Depi dimanch swa 7 jiyè 2024 la, nou reprann kontwòl total kapital espas lopital jeneral Pòtoprens lan, gang ak zam te konn itilize pou fè atak sou Palè nasyonal ak lòt biwo leta nan sant vil Pòtoprens lan. Nou ranfòse tou baz Brigad operasyon ak entèvansyon depatman yo (Boid) nan Fò nasyonal Pòtoprens lan. Koze teritwa pèdi yo dwe fini sou tout teritwa Ayiti a. Se pwomès direktè jeneral pou yon bout tan lapolis nasyonal la Rameau Normil, nan yon kozman ak laprès lendi 8 jiyè 2024 la
Dimanch 7 jiyè 2024 la, lapolis nasyonal d Ayiti arete nan komin Dèlma Myrtil Marcelin, ki bay tèt li non Arab. Arab te sove nan penitansye nasyonal, nan moman atak gang ak zam samdi 2 mas 2024 la. Nan plizyè videyo sou rezo sosyal yo, Myrtil Marcelin, ki bay tèt li non Arab, te toujou ap parèt kore zak laterè gang ak zam Viv ansanm yo ap plede fè sou teritwa Ayiti a, sitou nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan. [ppsf emb rc apr 09/07/2024 14:11]