Pòtoprens, 8 jiyè 2024 [AlterPresse] --- Nan premye wikenn mwa jiyè 2024 la, gen plizyè kò moun ki mouri yo dekourvi nan Petyonvil. An menm tan, gang ak zam kidnape anpil moun nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Se sa divès medya rapòte.
Samdi apremidi 6 jiyè 2024 la, endividi lapolis poko idantifye met dife nan Enstiti inivèsite Quisqueya Amerik (Inuka) nan komin Taba, depatman Lwès la.
Depi mwa mas 2024 la, gang ak zam yo vòlò anpil anpil materyèl epi kraze brize nan plizyè fakilte ak lekòl siperyè Inivésite leta d Ayiti yo. Yo kase tou plizyè lekòl, lopital ak sant lasante, bibliyotèk, biznis elatriye.
Alòske nou nan mwa jiyè 2024, anyen poko fèt pou kwape gang ak zam yo, k ap simen laterè rèd mare nan peyi d Ayiti depi plis pase 3 lane, depi lane 2021. Ni Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) ki enstale ofisyèlman depi dat 25 avril 2024 la, ni gouvènman Garry Conille lan, ki pran mayèt politik la depi dat mèkredi 12 jen 2024 la, poko pran okenn dispozisyon konsekan pou met bout nan kò sasináay, zak dechèpiyáy ak rakèt, gang ak zam yo ap plede fè sou popilasyon an (espesyalaman chofè transpò piblik yo, machann yo) divès kote sou teritwa Ayiti a.
Dimanch 7 jiyè 2024 la, lapolis nasyonal d Ayiti arete nan komin Dèlma Myrtil Marcelin, ki bay tèt li non Arab. Arab te sove nan penitansye nasyonal, nan moman atak gang ak zam samdi 2 mas 2024 la. Nan plizyè videyo sou rezo sosyal yo, Myrtil Marcelin, ki bay tèt li non Arab, te toujou ap parèt kore zak laterè gang ak zam Viv ansanm yo ap plede fè sou teritwa Ayiti a, sitou nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan.
Depi dimanch swa 7 jiyè 2024 la, nou reprann kontwòl total kapital espas lopital jeneral Pòtoprens lan, gang ak zam te konn itilize pou fè atak sou Palè nasyonal ak lòt biwo leta nan sant vil Pòtoprens lan. Nou ranfòse tou baz Brigad operasyon ak entèvansyon depatman yo (Boid) nan Fò nasyonal Pòtoprens lan. Koze teritwa pèdi yo dwe fini sou tout teritwa Ayiti a. Se pwomès direktè jeneral pou yon bout tan lapolis nasyonal la Rameau Normil, nan yon kozman ak laprès lendi 8 jiyè 2024 la.
Rekreyasyon an fini. Nou gen estrateji pou atake gang ak zam yo, paske nou konnen ki jan y ap aji. Tout polisye nasyonal yo gen lòd pou atake gang ak zam yo tout kote nan peyi a. Pa gen ni jou ni dat pou operasyon kont gang ak zam yo. Se leve n ap leve nou tande operasyon fèt pou kwape gang ak zam yo. San frè ak sè nou yo p ap koule pou granmesi. Anvan lontan, popilasyon an ap gen pou mache libelibè tout kote sou teritwa Ayiti a. Se lòt angajman Rameau Normil pran, nan kozman ak laprès lendi 8 jiyè 2024 la.
Lapolis nasyonal d Ayiti a te nan yon peryòd pwograme aksyon li pral fè, pou kwape gang ak zam yo. Nou chita pale plizyè fwa ak ekip polisye Kenya ki la yo sou ksyon sekirite a. Nou pran tout dispozisyon pou tout polisye nasyonal retounen nan pòs yo kòmsadwa. Se lòt pwomès Rameau Normil, nan kozman ak laprès lendi 8 jiyè 2024 la.
Nou dwe aji san pèdi tan sou koze sekirite a. Depi 2 lane, depi lane 2022, gen 7 komin ki pa gen polisye nasyonal ditou sou teritwa Ayiti a. Pòs polis sa yo, ki vid, te pèmèt gang ak zam yo atake pi fasil. N ap goumen pou pèmèt plizyè milye moun, ki te sètoblije kouri kite kay yo akoz laterè gang ak zam yo, retounen lakay yo. Se lòt deklarasyon Rameau Normil, kip a di ki komin ki pa gen polisye nasyonal depi lane 2022 a.
Nan operasyon nou pral fè ak lapolis nasyonal la pou kwape gang ak zam yo, n ap respekte lwa nasyonal ak entènasyonal yo, sou baz manda Konsèy sekirite Nasyon zini ban nou yo. Travay sa a dwe pèmèt lapè ak sekirite retounen sou tout teritwa Ayiti a. Se pwomès, sou bò pa l, chèf ekip polisye Kenya yo, Godfrey Otunge, nan kozman ak laprès lendi 8 jiyè 2024 la.
Olye pil pwomès ak diskou, Garry Conille ta dwe koumanse bay ekzanp l ap batay kont koripsyon, nan di popilasyon an konbyen lajan leta li depanse nan vwayáy 9 jou, li sot fè ant vandredi 28 jen pou rive samdi 6 jiyè 2024 la, nan peyi Etazini. Konsa, Kontrèman ak sa ki te konn fèt nan administrasyon politik anvan yo, li va montre l ap rann kont sou fason l ap jere lajan Leta yo. Se ekzijans rasanbleman òganizasyon Ansanm kont koripsyon, nan yon nòt avètisman pou attire atansyon chèf gouvènman tranzisyon an.
Ta dwe gen pase men nan fason kominote entènasyonal la ap pote akonpáyman bay peyi d Ayiti. Esplike vizyon ak plan batay gouvènman tranzisyon an, jan sa di nan akò 3 avril 2024 la. Se sa Garry Conille di l t al defann, nan vwayáy 9 jou, li fè nan peyi Etazini, ant vandredi 28 jen pou rive samdi 6 jiyè 2024 la.
Joverlein Moïse, youn nan pitit defen Jovenel Moïse, fè konnen li met kanpe sa l rele Asosyasyon lit kont enpinite ak lenjistis, okazyon 3 lane depi yon kòmando ak zam te asasinen papa l (se te nan dat 7 jiyè 2021) nan Pèlren, komin Petyonvil.
Se pou ankouraje lajistis fè limyè sou kò sasinay 7 jiyè 2021 an mwen vini ak òganizasyon Asosyasyon lit kont enpinite ak lenjistis. Se sa Joverlein Moïse di nan yon videyo li mete sou kont X li.
Martine Joseph Moïse, madanm defen Jovenel Moïse, ansyen premye minis Claude Joseph ak ansyen direktè jeneral lapolis nasyonal la Leon Charles sou lis 51 moun, kabinè enstriksyon mandem depi mwa janvye 2024 la, pou jije nan yon pwosè kriminèl.
Joseph Vincent, ki gen nasyonalite Ayisyen ak Ameriken, ansyen senatè ayisyen John Joel Joseph, biznismann ki gen nasyonalite Ayisyen ak Chilyen Rodophe Jaar, militè kolonbyen ki nan retrèt German Rivera, ansyen militè kolonbyen Mario Antonio Palacios Palacios ak biznismann ameriken Frederick Bergmann (lajistis peyi Etazini kondane nan mwa me 2024, dèske l te voye materyèl militè bay kòmando ki ta pral asasinen Jovenel Moïse lan) : se 6 moun sa yo lajistis peyi Etazini kondane pou pase tout rès lavi yo nan prizon ameriken, pou patisipasyon yo nan kò sasináy 7 jiyè 2021 an sou ansyen prezidan Jovenel Moïse lan.
Lajistis dwe fè limyè sou kò sasináy 7 jiyè 2021 an, ki sanble ak yon zak rayisans, ak yon zak rasis/prejije. Se konsiderasyon plizyè ansyen minis Jovenel Moise, ki fonn tèt yo nan yon gwoup yo rele « Zanmi Jovennel Moïse yo » depi kò sasináy sou Jovenel Moïse lan.
Lajistis dwe pran tout dispozisyon pou arete tout moun, ki arevwa ak kò sasináy 7 jiyè 2021 sou Jovenel Moise lan. Se demann Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) bay ministè lajistis, nan yon seremoni espesyal dimanch 7 jiyè 2024 la, okazyon 3 lane depi kò sasináy sou Jovenel Moise lan. [ppsf emb rc apr 08/07/2024 14:32]