Beladè (Ayiti), 7 jiyè 2024 [AlterPresse] --- Saint Mira Mjillien, yon jèm fanm 23 lane, yon natif natal Ayiti ki te malad, mouri jedi 4 jiyè 2024 la, nan yon kamyon migrasyon Repiblik Dominiken, sou wout ant Haina (Santo Domingo) ak fwontyè El Carrizal/Comendador (pwovens Elías Piña), pa twò lwen fwontyè Beladè. Se sa platfòm Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (Garr) denonse.
Saint Mira Millien te fèt nan vil Sodo, depatman Plato Santral. Otorite migrasyon dominiken yo te arete l mèkredi 3 jiyè 2024 la, nan zòn Duarte, Santo Domingo, nan moman li ta prale lopital, paske l te malad. Ajan migrasyon dominiken yo te fèmen l nan prizon, san yo pa t ba l okenn laswenyáy nesesè yo. Eta sante l vin deteryore epi l mouri nan yon kamyon migrasyon dominiken, ki t ap eseye vin lage l sou fwontyè Beladè a. Men, ajan pwoteksyon aysiyen ki sou fwontyè Beeladè a te anpeche ajan migrasyon dominiken yo lage kadav Saint Mira Millien sou fwontyè Beladè a. Konsa, ajan migrasyon dominiken yo te sètoblije retounen ak kadav Saint Mira Millien an. Malgre plizyè temwayay, ki montre se nan kamyon migrasyon dominiken yo Saint Mira Millien te mouri jedi 4 jiyè 2024 la, otorite migrasyon dominiken yo fè konprann se ta lopital fanm natif natal Ayiti sa a ta mouri. Se sa platfòm Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (Garr) rapòte.
Madi 2 jiyè 2024, vè 6zè apremidi, yon natif natal dominiken asasinen ak bal 2 natif natal Ayisyen Jean Duverssaint, 65 lane, ak Maurice Delia, 49 lane. Kò sasináy sa a fèt nan zòn Paso Cena, Pedernales/Repiblik Dominiken, pa twò lwen fwontyè Ansapit. Se yon lòt kout rèl ankò platfòm Gwwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (Garr).
Nan moman gwo lapli siklòn Beryl la te lakoz yo, madi 2 jiyè 2024 la, Jean Duverssaint ak Maurice Delia t al chèche bwa pou limen. Se konsa, yon natif natal dominiken, ki konnen yo, ki ta rele Hungria Diaz, ta lage yo atè ak bal. Se sa temwen rapòte bay platfòm Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo / Garr. Malgre demach fanmi viktim yo bò kote otorite dominiken yo, yo kouri antere byenn vit an kachèt kò Jean Duverssaint ak Maurice Delia, nan simityè lakomin Pedernales. Yo di yo te fè otopsi, men yo poko bay rezilta otopsi a.
Otorite dominiken yo dwe sispann trete fam ak gason migran yo tankou zwazo, tankou bèt. Tanzantan, yo lage atè fanm ak gason migran yo pou nenpòt ti krik, nenpòt ti krak. Anpil fwa, zak maspináy ak lòt abi sou fanm ak gason migran yo, otorite dominiken yo fè yo pou fè rakèt sou moun sa yo. Anplis, gen yon diskou rayisans kont fanm ak gason migran y ap gaye rèd mare nan mitan popilasyon dominiken an. Se lòt konsiderasyon platfòm Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (Garr).
Limyè dwe fèt sou lanmò jèn fanm migran Ayisyèn nan, Saint Mira Millien, jedi 4 jiyè 2024 la ak kò sasináy, madi 2 jiyè 2024 la nan Pedernales, sou migran Jean Duverssaint ak Maurice Delia. Fanmi moun sa yo dwe jwenn jistis. Se rekòmandasyon platfòm Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (Garr), ki mande otorite 2 peyi yo, espesyalman anbasad d Ayiti nan Repiblik Dominiken, fè suivi konsekan sou dosye sa yo.
Garr mande tou òganis dwa moun nasyonal ak entènasyonal yo plis enstisyon entènasyonal yo kontinye leve kanpe kont zak maspináy ak tout lòt kalte abi, y ap fè fanm ak gason migran yo sibi sou teritwa Repiblik Dominiken an.
7 jiyè 2021 – 7 jiyè 2024, sa fè 3 lane depi kò sasináy sou Jovenel Moïse lan nan Pèlren, komin Petyonvil. Nan yon desizyon li pran nan dat 25 janvye 2024, kabinè enstriksyon nan Pòtoprens mande jije 51 moun nan yon pwosè kriminèl sou kò sasináy sa a.
Martine Joseph Moïse, madanm defen Jovenel Moïse, ansyen premye minis Claude Joseph ak ansyen direktè jeneral lapolis nasyonal la Leon Charles sou lis 51 moun, kabinè enstriksyon mande jije nan yon pwosè kriminèl.
Joseph Vincent, ki gen nasyonalite Ayisyen ak Ameriken, ansyen senatè ayisyen John Joel Joseph, biznismann ki gen nasyonalite Ayisyen ak Chilyen Rodophe Jaar ak militè kolonbyen ki nan retrèt German Rivera : se 4 moun sa yo lajistis peyi Etazini kondane pou pase tout rès lavi yo nan prizon ameriken, pou patisipasyon yo nan kò sasináy 7 jiyè 2021 an sou ansyen prezidan Jovenel Moïse lan.
Lajistis dwe fè limyè sou kò sasináy 7 jiyè 2021 an, ki sanble ak yon zak rayisans, ak yon zak rasis/prejije. Se konsiderasyon plizyè ansyen minis Jovenel Moise, ki fonn tèt yo nan yon gwoup yo rele « Zanmi Jovennel Moïse yo » depi kò sasináy sou Jovenel Moïse lan.
Lajistis dwe pran tout dispozisyon pou arete tout moun, ki arevwa ak kò sasináy 7 jiyè 2021 sou Jovenel Moise lan. Se demann Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) bay ministè lajistis, nan yon seremoni espesyal dimanch 7 jiyè 2024 la, okazyon 3 lane depi kò sasináy sou Jovenel Moise lan.
Alòske nou nan mwa jiyè 2024, anyen poko fèt pou kwape gang ak zam yo, k ap simen laterè rèd mare nan peyi d Ayiti depi plis pase 3 lane, depi lane 2021. Ni Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) ki enstale ofisyèlman depi dat 25 avril 2024 la, ni gouvènman Garry Conille lan, ki pran mayèt politik la depi dat mèkredi 12 jen 2024 la, poko pran okenn dispozisyon konsekan pou met bout nan kò sasináay, zak dechèpiyáy ak rakèt, gang ak zam yo ap plede fè sou popilasyon an (espesyalaman chofè transpò piblik yo, machann yo) divès kote sou teritwa Ayiti a.
Gen limit nan tan n ap bay gang kriminèl yo pou yo depoze zam yo. Plizyè milye viktim anba men gang ak zam yo pral jwenn jistis ak reparasyon.Se yon lòt pwomès ankò Garry Conille fè samdi 6 jiyè 2024 la, nan yon kozman ak laprès apre l fin pase 9 jou nan peyi Etazini, soti vandredi 28 jen pou rive samdi 6 jiyè 2024.
Pèp ayisyen an p ap pèdi batay sa a. Priyorite gouvènman tranzisyon an, se pèmèt sekirite blayi ak retabli otorite Leta a. Se pèmèt plizyè milye moun, ki sètoblije kouri kite kay yo akoz laterè gang ak zam yo, retounen lakay yo. Se pèmèt moun mache libelibè toupatou sou teritwa Ayiti a. Se ranfòse sistèm lajistis la ak fè tout viktim yo jwenn jistis ak reparasyon. Se deklarasyon Garry Conille.
Samdi 6 jiyè 2024 la, yon avyon lame peyi Etazini pote vini ankò nan peyi d Ayiti yon kantite machin blinde (yo poko di konyen), ki ta dwe sèvi nan operasyon fòs miltinasyonal pou kore sekirite a nan peyi d Ayiti. Se sa plizyè medya rapòte.
Komisè polis Michel Ange Louis-Jeune, se nouvo pòtvwa lapolis nasyonal d Ayiti a. Li ranplase komisè Garry Desrosiers, direksyo jeneral lapolis la transfere nan direksyon planifikasyon estrateji devlopman lapolis nasyonal la. Se sa lapolis nasyonal la fè konnen.
3 mwa apre yon nouvo tranzisyon koumanse nan peyi d Ayiti, ki jan Inyon patriyòt Maryen (Ipam), ki tabli nan depatman Nò ak Nòdès, konsidere sitiyasyon an ? Eleman repons avèk ansyen depite Hugues Celestin, youn nan dirijan Ipma yo, nan emisyon TiChèzBa, ki pase sou AlterRadio 106.1 Fm ak divès lòt platfòm entènèt.
Ta dwe gen pase men nan fason kominote entènasyonal la ap pote akonpáyman bay peyi d Ayiti. Vizyon ak plan batay gouvènman tranzisyon an, jan sa di nan akò 3 avri 2024 la. Se sa Garry Conille di l t al defann, nan vwayáy 9 jou, li fè nan peyi Etazini, ant vandredi 28 jen pou rive samdi 6 jiyè 2024 la.
Ekip tranzisyon an dwe di popilasyon an nan ki kondisyon, sou ki kritè y ap lonmen moun nan administrasyon piblik la. Plis gen transparans, se mwens va gen koripsyon. Se mwens va gen sa k pa sa ak bagay kwochi nan Leta. Se pozisyon pati politik Fanmi Lavalas.
Ni fòs politik yo, ni fòs ekonomik yo te antann yo, nan mwa avril 2024 la, pou kondi yon tranzisyon ki koupe fache ak zak koripsyon. Dwe gen dispozisyon pou anpeche tout moun ki nan sa k pa sa yo kontinye fè brigandáy nan administrasyon piblik la, Wòl Leta a, se bay tout moun bon jan sèvis. Pòs nan Leta yo pa la pou vann, ni pou machande. Peyi d Ayiti bezwen anplwaye Leta ki gen konpetans, ki onèt. Depi jodi a, nou dwe koupe fache ak zak koripsyon, ak sa k pa sa nan administrasyon piblik la. Pou tranzisyon an rive nan bon jan eleksyon, dwe gen bon jan sekirite toupatou. Se deklarasyon pati politik Fanmi lavalas. [ppsf emb rc apr 07/07/2024 13:30]