Gantye (Ayiti), 22 jiyè 2024 [AlterPresse] --- Dimanch 21 jiyè 2024 la, gang ak zam 400 mawozo kwadèboukè yo asasinen 4 moun nan laterè y al fè ankò nan komin Gantye, deptman Lwès la, sou wout ale vini sou fwontyè Malpas la. Gang ak zam yo gen tan met dife ak sakaje komisarya lapolis Gantye a. Se sa plizyè medya rapòte.
Gen anpil anpil moun Gantye, ki sètoblije kouri pou evite yo ta viktim nan zak laterè gang ak zam 400 mawozo yo.
Dimanch 21 jiyè 2024 la, gang ak zam asasinen ak bal ansyen foutbolè, ki te vin antrenè, Frantzy Francillon. Yo blese tou anpil lòt moun ak bal, nan yon atak yo fè nan sant espò komin Kafou a.
Depi semenn pase, pa gen machin ki fè ale vini nan Sid peyi d Ayiti, akoz operasyon lapolis kont gang ak zam nan Mèje ak Gresye, sou wout nasyonal nimewo 2 a.
Lendi maten 22 jiyè 2024 la, estasyon machin nan zòn Sen Chal, komin Kafou, te vid. Chofè transpò piblik yo pa vin chaje, akoz operasyon lapolis nasyonal la ap mennen kont gang ak zam yo nan Mèje ak Gresye. Pa gen machin pwovens, ki sot nan Sid la, ki rive nan komin Kafou. Se temwayáy AlterPresse ak AlterRadio jwen.)
Depi mitan mwa avril 2024 la, moun komin Kafou lage de bra pandye. Lapolis nasyonal la pa prezan nan komin Kafou, depi lè gang ak zam yo te fè atak sou komisarya polis Omega a ak pòs polis Sen Chal la nan Kafou.
Lendi 22 jiyè 2024 la, anbasadris peyi Etazini douvan Òganizasyon Nasyon zini yo, Linda Thomas-Greenfield, chita pale, nan Pòtoprens, ak kòdonatè aksyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), Edgard Leblanc Fils, ansanm ak premye minis Garry Conille.
Se yon vizit ofisyèl anbasadris ameriken Linda Thomas-Greenfield fè lendi 22 jiyè 2024 la nan Pòtoprens. Kore jefò pase men nan fason jesyon Leta a ap fèt. Bay bourad nan met bout nan zak laterè gang ak zam yo ak garanti pwoteksyon dwa moun yo. Ankouraje tranzisyon demokrasi a rive byen pase nan peyi d Ayiti. Se angajman gouvènman peyi Etazini a, anbasadris Linda Thomas-Greeenfield fè konnen li te vin redi, nan vizit ofisyèl lendi 22 jiyè 2024 la nan Pòtoprens.
Anplis anbasadris Linda Thomas-Greenfield, delegasyon gouvènman peyi Etazini, ki vini lendi 22 jiyè 2024 la nan Pòtoprens, te gen sekretè leta an apre pou zafè Amerik yo Brian Andrew Nichols.
Rann piblik dokiman referans tranzisyon an, tankou akò 3 avril 2024 la. Respekte tout sa k prevwa nan peryòd tranzisyon an. Aji ak transparans, nan rann popilasyon an kont sou tout sa y ap fè yo. Se ekzijans plizyè òganizasyon fanm (Kay Fanm, Solidarite fanm ayisyèn/Sofa, Fanm Deside, Fondasyon Toya) ak feminis endepandan Sabine Manigat fè ekip tranzisyon an.
Kay Fanm, Solidarite fanm ayisyèn/Sofa, Fanm Deside, Fondasyon Toya ak feminis endepandan Sabine Manigat denonse fason gwoponyèt, ki sanble pa klè, nan demach Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) pou jwenn delege, ki ta sipoze vin manm Konsèy elektoral pwovizwa a.
Nou kapab patisipe nan demach pou ta voye delege andedan Konsèy elektoral pwovizwa a, depi gen konfyans nan demach Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Se sa òganizasyon fanm sa yo ak feminis endepandan Sabine Manigat di.
Depi 2 semenn, gen wounou wounou ak chire pit, ki parèt andedan divès sektè, sou demach Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) ki mande plizyè sektè chwazi yon delege fanm oswa gason, pou voye andedan Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep) yo pral monte a. Se enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti (Binuh) pral bay lapolis nasyonal d Ayiti a bourad lajan kòm sipò pou plis pase 780 polisye nasyonal, pami yo 112 fanm, ki andedan Inite espesyal lapolis yo k ap goumen kont gang ak zam yo. Se sa k ekri nan yon akò Binuh siyen, vandredi 19 jiyè 2024 la, ak gouvènman tranzisyon an nan peyi d Ayiti.
Peyi d Ayiti ka konte sou sistèm Nasyon zini an kòm patnè, nan jefò k ap fèt pou fè pwomosyon lapè, pou lalwa layite kòmsadwa ak pou evite zak brigandáy yo. Se konsiderasyon chèf Binuh an, natif natal peyi Ekwatè Maria Isabel Salvador. Se sa Binuh ekri sou kont X li, apre yo siyen akò 19 jiyè 2024 la ak gouvènman tranzisyon an. [ppsf rc apr 22/07/2024 14:41]