Amerik latin ak Karayib (Ayiti), 4 jiyè 2024 [AlterPresse] --- Peyi Panama p ap sèvi tranzit ankò pou okenn fanm ak gason migran san papye. Se deklarasyon nouvo prezidan Panama a, José Raúl Mulino, nan premye diskou ofisyèl li, lendi premye jiyè 2024 la, pou l pran mayèt politik la jis rive prremye jiyè 2029.
Se pa yon deklarasyon ki siprann pèsonn moun. Se kòmsi peyi Panama ap chèche reparnn dwa granmoun li sou fwontyè li genyen nan Darien ak peyi Kolonbi a. Men tou, se kòmsi nouvo prezidan peyi Panama a ap pare pou l mennen lagè kont moun li konsidere kòm lenmi peyi a, ki se fanm ak gason migran yo, espesyalman fanm ak timoun migran yo. Se yon analiz kolaboratè AlterPresse ak AlterRadio Wooldy Edson Louidor.
Ou ka li analiz sa a nan espas entènèt AlterPresse la sou nouvo dispozisyon, gouvènman peyi Panama a anonse li pran sou fwontyè Darien nan, li genyen ak peyi Kolonbi a.
Se ta sou presyon gouvènman peyi Etazini, nouvo gouvènman Panama a ta deside pran yon seri dispozisyon pou anpeche fanm ak gason migran san papye, ki soti nan plizyè peyi tankou Ayiti, travèse fwontyè Darién nan, ant peyi Panama ak peyi Kolonbi. Se dizon divès espesyalis sou migrasyon nan Amerik yo.
Yon semenn anvan enstalasyon ofisyèl li, nouvo prezidan peyi Panama a, José Raúl Mulino, te di li pral siyen yon akò ak peyi Etazini pou anpeche fanm ak fason migran travèse fwontyè Darien nan. Jisteman, menm jou enstalasyon ofisyèl li, lendi premye jiyè 2024 la, nouvo prezidan Panama a José Raúl Mulino siyen yon antant ak peyi Etazini sou sa yo rele migrasyon ki pa regilye, kidonk pou anpeche fanm ak gason migran pase sou fwontyè Darien nan, peyi Panama genyen ak peyi Kolonbi a. Darién se yon gwo zòn marekaj ak forè, ki sou yon longè apeprè 160 kilomèt ak 50 kilomèt lajè, sou fwontyè peyi Kolonbi ak Panama.
Toulèjou, gen ant mil ak 2 mil fanm ak gason migran, ki soti nan peyi Venezyela, Ekwatè, Ayiti, k ap eseye travèse fwontyè Darién nan. Pi fò nan migran sa yo, se timoun ak fanm ki sibi divès kalte zak maspináy sou wout. Se sa Sèvis nasyonal fwontyè / Senafront peyi Panama rapòte semenn pase.
Mèkredi 3 jiyè 2024 la, Rektora Inivèsite Leta d Ayiti a siyen yon akò ak lekòl dwa ak syans ekonomik Gonayiv lan, pou gen pi bon jesyon nan Lekòl dwa ak syans ekonomik Gonayiv lan.
Akò sa a prevwa pral gen dispozisyon pou pèmèt pase men kontinye fèt kòmsadwa nan fason lekòl dwa ak syans ekonomik Gonayiv lan ap mache. Li prevwa tou bon jan dispozisyon pou kwape koripsyon, sa k pa sa, nan fakilte dwa ak syans ekonomik Gonayiv la. Epitou dwe gen bon jan relasyon ant Rektora Inivésite Leta d Ayiti a ak Lekòl dwa ak syans ekonomik Gonayiv la.
Tousuit apre yo te fin siyen akò 3 jiyè 2024 la, Rektora Inivèsite leta d Ayiti a enstale, pou yon manda 3 lane (soti 3 jiyè 2024 pou rive 3 jiyè 2027), yon komite jesyon 3 manm andedan Lekòl dwa ak syans ekonomik Gonayiv la.
Faustin Cupidon, Octelus Dorvilien ak Schadrack Saint-Hillien Thelusma, se 3 moun sa yo ki anchaje mennen bak lekòl dwa ak syans ekonomik Gonayiv la jis rive 3 jiyè 2027. Gen yon konsèy konsiltasyon 5 moun, ki soti nan òganizasyon Gonayiv yo, ki anchaje kore travay komite direksyon Lekòl dwwa ak syans ekonomik Gonayiv la.
Mèkredi 3 jiyè 2024 la, plizyè polisye Kenya, pami sa ki rive Pòtoprens yo madi 25 jen 2024 la, te fè yon virewon nan zòn Klèsin / kafou Rita, pa twò lwen direksyon jeneral lapolis nasyonal d Ayiti a.
Se dezyèm fwa polisye Kenya yo fè yon demonstrasyon nan lari zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Vandredi 28 jen 2024 la, nan tèt kole ak lapolis nasyonal d Ayiti a, polisye Kenya yo te fè yon virewon apye nan sant vil Pòtoprens lan, detan te gen machin blende ki t ap suiv yo.
Kontrèman ak premye enfòmasyon yo, ki te pale de yon premye gwoup 400 polisye Kenya, se pito apeprè 200 polisye peyi Kenya ki te antre nan peyi d Ayiti, madi 25 jen 2024 la. Gen lòt gwoup polisye Kenya k ap rive nan semenn k ap vini yo. Se deklarasyon premye minis Garry Conille nan yon entèvyou li báy Radyo Frans entènasyonal (Rfi), semenn sa a.
Gouvènman tranzisyon an poko ka di nan ki dat tout fòs miltinasyonal, k ap deplòtonnen sou teritwa Ayiti a, ap rive nan chif total kapital yo. Men, gen dispozisyon k ap pran pou deplòtonnay tout fòs miltinasyonal la fèt rapid rapid. Gen patnè entènasyonal ki deja pran angajman pou báy resous moun ak lajan, pou fòs miltinasyonal la deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. Se sa Garry Conille di nan entèvyou li bay Radyo Frans entènasyonal la (Rfi)
Misyon fòs miltinasyonal la, ki koumanse deplótonnen sou teritwa Ayiti a, se pote akonpáyman nesesè bay lapolis nasyonal d Ayiti a, ki pa janm sispann mennen operasyon sou teren an. Nan tèt kole ak polisye Kenya yo, se lapolis nasyonal la ak lame d Ayiti ki pral reprann kontwòl tout kote ki anba laterè gang ak zam yo. Se sa Garry Conille di nan entèvyou li báy Radyo Fras entènasyonal la (Rfi).
Se peyi d Ayiti ki pral deside limenm ki lè lapolis ak lame d Ayiti a ap bezwen akonpáyman nesesè yo. Se presizyon Garry Conille nan entèvyou sa a li bay Radyo Frans entènasyonal la (Rfi).
Konséy sekirite Òganizasyon Nasyon zini yo dwe kontinye pran sanksyon nesesè yo kont tout sila, k ap kore laterè gang kriminèl yo ak lajan avèk zam ak bal yo. Dwe gen plis kontwòl sou komès ak trafik zam ak bal, k ap soti nan peyi Etazini pou rantre sou teritwa Ayiti a. Se ekzijans reprezantan Lachin ak Larisi, nan reyinyon Konsèy sekirite Nasyon zini yo, mèkredi 3 jiyè 2024 la nan Nouyòk.
Jisteman, sitiyasyon sekirite nan peyi d Ayiti, dosye eleksyon, sanksyon kont tout sila k ap kore gang kriminèl yo ak lajan plis zam : se te sijè diksisyon, nan yon reyinyon Konsèy sekirite Nasyon zini yo, mèkredi 3 jiyè 2024 la.
Fòmasyon pou militè lame d Ayiti yo. Koperasyon ant peyi d Ayiti ak peyi Etazini nan zafè defans. Deplòtonnáy fòs miltinasyonal la sou teritwa Ayiti a. Se te sijè diskisyon, mèkredi 3 jiyè 2024 la, ant minis defans tranzisyon an Jean Marc Berthier ak anbasadè ameriken an nan peyi d Ayiti Dennis Bruce Hankins. Se sa ministè defans peyi d Ayiti fè konnen)
Listwa rich, ki genyen ant peyi d Ayiti ap Etazini, fè 2 peyi sa yo twouve yo nan yon relasyon makònáy, ki solid anpil. N ap kontinye traváy pou ranfòse makònáy sa yo, zanmitáy ak solidarite nan benefis 2 peyi yo. Se sa Garry Conille ekri sou kont X li, okazyon 248 lane lendepandans peyi Etazini (4 jiyè 1776 – 4 jiyè 2024 la. [ppsf emb rc apr 04/07/2024 14:43]