Okay (Ayiti), 3 jiyè 2024 [AlterPresse] --- Nan 20 komin nan depatman Sid peyi d Ayiti a, siklòn Beryl lan lakoz anpil bato kraze ak plizyè jaden devaste. Gen gwo inondasyon Okay, nan Ikak ak nan Ilavach, ki anfas Okay la. Se yon ranmase pwoteksyon sivil nan Sid, ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Ranmase pwoteksyon sivil depatman Sid lan konsidere sitiyasyon siklon Bertyl lan lakoz nan Okay, Sen Lwi diSid, Tibiwon, Pò Sali, Kan Peren, Lèzanglè, Wòchabato, Aken, Ilavach, Kavayon, Tòbèk, Chantal, Disis, Okoto. Chadonyè, Manich, Sen Jan diSid, Anikè, Pòtapiman, Pwoteksyon sivil depatman Sid pa anrejistre okenn dega nan Fondèblan.
Sou 6 mwa, ant mwa janvye pou rive mwa jen 2024, gen plis pase 320 tranbleman tè, kip a pi wo pase nivo 4, ki souke peyi d Ayiti. Se depatman Nòdwès, Nip ak Lwès, ki te resevwa plis soukous pandan 6 premye mwa lane 2024 la. Se yon ranmase Biwo in ak enèji (Bme) peyi d Ayiti.
Inite ki anchaje kesyon tranbleman tè yo andedan Biwo min ak enèji kontinye mande popilasyon an respekte bon jan kondisyon sekirite lè y ap konstwi kay. Epitou, otorite yo dwe kontinye fè sansiblizasyon sou katastwòf natirèl yo, tankou tranbleman tè yo, ak prepare estrateji pou fè fas kare ak ijans yo, sizoka ta gen lòt tranbleman tè nan peyi d Ayiti. Se rekòmandasyon Biwo min ak enèji peyi d Ayiti.
Tout lapolis nasyonal d Ayiti a sou brenzeng pou bouske gang ak zam yo jis nan bout. Se konsiderasyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an (kpt), ki wete chapo l douan aksyon plizyè gwoup polisye nasyonal (soti nan depatman Sidès, Sid ak Grandans) t al fè lendi premye jiyè 2024 la, pou reprann kontwòl komisarya polis Gresye a, gang ak zam te atake ankò.
Se te plizyè polisye nasyonal Sidès, Sid ak Grandans, ki te fòse gang ak zam yo kouri kite komisarya polis Gresye a, lendi premye jiyè 2024 la.
Gang ak zam yo lage, madi swa 2 jiyè 2024 la, pè katolik women Emmanuel Sainteliat, yo te kidnape nan presbitè Sen Jan Batis Gresye a lendi premye jiyè 2024 la. Pa t gen lajan ki te bay, pou yo rive lage pè katolik women Gresye a, dapre enfòmasyon disponib yo.
Sekirite nan peyi d Ayiti pa zafè lapolis sèlman. Se zafè tout popilasyon an. Se deklarasyon premye minis Garry Conille, nan yon entèvyou li bay Radyo Franns entènasyonal (Rfi).
Ekip transiyon an dwe kontinye ranfòse kapasite lapolis nasyonal d Ayiti a. Nou dwe bay lapolis la bon jan akonpáyman, ki ka mennen l sou wout kote se peyi d Ayiti k ap pote solisyon, limenm poukont li, nan pwoblèm sekirite a. Se sa nou pa janm rive fè jiskaprezan. Se sa Garry Conille fè konnen.
Esperyans mwen fè toupatou nan monn lan fè m kwè sitiyasyon peyi d Ayiti a ka chanje. Dwe gen pase men nan kalte akonpáyman, koinote entènasyoal la ap bay peyi d Ayiti a. Se lòt konsiderasyon Garry Coille, nan entèvyou li bay Radyo Frans entènasyonal la.
Li pa posib pou n kite gang ak zam yo kontinye kenbe popilasyon an nan gagann, jan y ap fè sa depi plizyè lane. Tout kout men kominote entènasyonal la va bay peyi d Ayiti dwe ale nan direksyon ak sa ekip tranzisyon an konsidere kòm pi enpòtan. Se dizon Garry Conille, ki t ap patisipe nan yon reyinyon Konsèy sekirite Nasyon zini yo, mèkredi 3 jiyè 2024 la Nan Nouyòk.
Gang ak zam yo kontinye fè vyolans ak tout lòt kalte abi sou popilasyon an, sitou sou timoun, sou fanm, sou moun k ap defann dwa moun, sou jounalis ak manm pouvwa lajistis nan peyi d Ayiti. Se lokazyon pou nou bay kout men ak lòt bourad nesesè, pou ride tranzisyon politik la bay rezilta ki ka pèmèt refè eskanp figi peyi d Ayiti ak enstitisyon l yo. Se dizon reprezantan espesyal sekretè jeneral Nasyon zini yo, ki se chèf Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti a (Binuh), natif natal peyi Ekwatè Maria Issabel Salvador.
Sitiyasyon sekirite nan peyi d Ayiti, dosye eleksyon, sanksyon kont tout sila k ap kore gang kriminèl yo ak lajan plis zam : se te sijè diksisyon, nan yon reyinyon Konsèy sekirite Nasyon zini yo, mèkredi 3 jiyè 2024 la.
Kriz imanitè a, deplòtonnáy plis sipò gouvènman peyi Etazini a ap bay fòs miltinasyonal pou kore sekirite a nan peyi d Ayiti, dosye eleksyon nan peyi d Ayiti. Se te kèk, pami sijè diskisyon ant Garry Conille ak sekretè leta ameriken an, ki anchaje zafè etranje peyi Etazini, Anthony Blinken, nan Washington, nan moman vizit manm gouvènman tranzisyon peyid Ayiti yo nan peyi Etazini. [ppsf emb rc apr 03/07/2024 16:22]