Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Lapolis reprann kontwòl komisarya polis Gresye a, gang ak zam kidnape pè katolik women Gresye a, yo met dife nan pòs polis Sen Chal Kafou a, anpil lopital ak sant lasante toujou ret fèmen akoz laterè gang ak zam yo

Gresye (Ayiti), 2 jiyè 2024 [AlterPresse] --- Apre atak gang ak zam dimanch 30 jen ak lendi premye jiyiè 2024 la kont komin Gresye a, sou wout nasyonal nimewo 2 a, lapolis nasyonal d Ayiti rive reprann kontwòl komisarya polis Gresye a

Se plizyè polisye nasyonal, ki te soti nan depatman Sidès, Sid ak Grandans, ki fòse gang ak zam yo kouri. Gang ak zam yo te gen tann koumanse krze fasad koisarya polis Gresye a. Pa gen polisye nasyonal ki viktim nan boukantay kout zam ak gang ak zam yo. Men, ta gen gang ak zam ki tonbe, dapre enfòmasyon ki sot Gresye.

Polisye nasyonal yo rive sezi traktè, gang ak zam yo t ap itilize pou kraze komisarya polis Gresye a. Se sa pòtvwa lapolis nasyonal la, Garry Desrosier, fè AlterPresse ak AlterRadio konnen.

Se ta plis pase 20 moun Gresye, fanm ak gason, gang ak zam yo asasinen nan nouvo atak dimanch 30 jen ak lendi premye jiyè 2024 la. Gen anpil anpil kay, gang ak zam yo boule tou nan komin Gresye, dapre enfòmasyon disponib yo.

Lendi premye jiyè 2024 la, menm atoufè ak zam sa yo asasinen nan Gresye yon chofè transpò piblik, ki fè Jakmèl/Pòtoprens, epi boule kò l, nan moman li t ap paase nan yon wout anndan Gresye.

Gang ak zam yo asasinen ak plizyè bal chofè transpò piblik sa a, ki t ap eseye pase nan yon wout anndan Gresye. Epi yo boule kadav li. Se sa Asosyasyon pwopriyetè ak chofè d Ayiti yo / Apch rapòte sou kont X li.

Kò sasináy sa a sou yon lòt chofè tranpò piblik vin lonje lis chofè, gang ak zam ap plede asasinen sou teritwa Ayiti a. Se kout rèl sendika chofè transpò piblik, ki rele Sektè transpò sou wout yo nan peyi d Ayiti.

Responsab legliz katolik women Pòtoprens yo ekzije gang ak zam yo lage san pèdi tan pè katolik women Emmanuel Sainteliat, ki anchaje pawas Sen Jan Batis Gresye a, yo kidnape nan atak yo fè nan komin Gresye a dimanch 30 jen 2024 la.

Otorite yo dwe aji vit pou met bout nan laterè ak lòt zak vyolans, gang ak zam yo ap plede fè divès kote sou teritwa Ayiti a. Se nan yon prizon, gang ak zam yo fèmen sosyete peyi d Ayiti a, tankou nan divès kote zòn metwopoliten Pòtoprens lan, ki toujou pa sou kontwòl leta. Se konsiderasyon altèt legliz katolik women Pòtoprens yo, ki leve lavwa kont zak laterè ak lòt zak vyolans gang ak zam yo.

Sendika lapolis nasyonal d Ayiti a (Spnh-17) mande alatèt lapolis nasyonal yo degaje yo pran bon jan dispozisyon pou kwape gang ak zam yo, k ap simen laterè nan komin Gresye, sou wout nasyonal nimewo 2 a.

Pou konbyen tan lapolis nasyonal d Ayiti a ap gen kontwòl komin Gresye a, pou evite gang ak zam yo kontinye pran plis teritwa toujou, jis rive Leyogán, Gran Gwáv ak Ti Gwáv? Se kesyon anpil anpil moun ap poze jounen jodi a.

Lannuit lendi premye pu antre madi 2 jiyè 2024 la, moun lapolis nasyonal poko idantifye met dife nan pòs polis Sen Chal la, ki nan komin Kafou a, toujou sou wout nasyonal nimewo 2 a.

Se depi finisman mwa avril 2024 la pa gen polisye nasyonal ni nan komisarya polis Omega a nan Kafou, ni nan pòs polis Sen Chal la, apre atak gang ak zam te fè sou 2 espas polis sa yo.

Dwe gen aksyon prese prese pou pèmèt popilasyon peyi d Ayiti a rejwenn kòmsadwa sèvis laswenyáy yo, laterè gang ak zam yo anpeche yo jwenn. Se rekòmandasyon Òganizasyon Nasyon zini yo.

Toujou gen anpil lopital ak sant lasante ki sètoblije ret fèmen, akoz atak gang ak zam, yo te sibi nan mwa mas ak avril 2024 yo. Gen anpil pèsonèl lasante yo, ki sètoblije tou kouri kite peyi d Ayiti, akoz laterè avèk lòt kalte vyolans gang ak zam yo. Se yon sitiyasyon ki vin ogmante madoulè ki genyen nan sistèm lasante peyi d Ayiti a. Se konsidersyon Òganizasyon Nasyon zini yo.

Direksyon jeneral lapolis nasyonal la mete yon lòt responsab, se komisè polis Ronald Michel, nan tèt ekip polisye espesyalis yo rele Swat Team yo.

Ronald Michel ranplase komisè polis Richardson Mersan, direksyon jeneral lapolis la voye nan Direksyon santral administrasyon lapolis la / Dcpa. Se sa lapolis nasyonal la fè konnen.

N ap travay pou reprann kontwòl tout espas Leta, bandi ak zam te atake yo. Nou pral repare ak remete nan eta pou yo mache kòmsadwa tout espas, tankou prizon, komisarya ak pòs polis, gang ak zam te atake ak kraze yo. Se pwomès minis lajistis la, Carlos Hercule.

Carlos Hercule, ki chèf gouvènman pou yon ti bout tan, nan moman Garry Conille aletranje a, fè pwomès sa yo, nan moman li t al vizite, lendi premye jiyè 2024 la, prizon sivil nan komin Petyonvil la ak Sant ki anchaje remete nan bon chimen tout timoun ki gen konpòtman depaman ak lalwa (Cermicol) ki tabli nan Dèlma 33 a.

Deplòtonnáy fòs miltinasyonal pou kore sekirite a ak fason fòs mitinasyonal sa a pral aji sou teren an. Sipò gouvènman peyi Etazini a pral kontinye báy. Dispozisyon pou retabli sekirite a, ki ka mennen sou wout eleksyon total kapital sou teritwa Ayiti a. Se te plizyè sijè diskisyon, lendi premye jiyè 2024 la, nan Washington, ant premye minis Ayiti a Garry Conille ak ekip konseye sekirite nasyonal peyi Etazini yo.

Anvan lontan, Konsèy prezidan pou trannzisyon an (Kpt) pral met kanpe yon nouvo Konsèy elektoral pwovizwa (Kep). Se pwomès Garry Conille, ki pa presize nan ki dat nouvo konsèy administrasyon Konsèy elektoral pwovizwa a va kanpe tout bon, pou al prepare eleksyon jeneral sou teritwa Ayiti a. [ppsf emb rc apr 02/07/2024 15:37]