Pòtoprens, 30 jen 2024 [AlterPresse] --- Depi vandredi 28 jen 2024 la, gen yon nouvo alatèt nan direksyon pwoteksyon sivil peyi d Ayiti, ki rele Emmanuel Pierre.
Vandredi 28 jen 2024 la, Garry Conille, ki se tou minis enteryè ak kolektivite teritoryal, enstale Emmanuel Pierre kòm nouvo direktè jeral pwoteksyon sivil. Emmanuel Pierre vin nan plas doktè jerry Chandler, ki te bay demisyon l. Suiv plan batay 2019-2030, yo prevwa pou fè fas kare ak menas plis dezas ki ka frape peyi d Ayiti. Se youn nan objektif nouvo direktè pwoteksyon sivil la pral rapousuiv. Se sa Garry Conille te deklare nan enstalsyon Emmanuel Pierre kòm novo direktè jeneral pwoteksyon sivil peyi d Ayiti.
Pwoteksyon sivil pral ride popilasyon an gen pi bon preparayson pou fè fas kare ak ijans yo, sizoka ta gen katastwòf natirèl ki ta frape peyi d Ayiti. Se angajman novo direktè jeneral pwoteksyon sivil la, Emmanuel Pierre
Pwoteksyon sivil peyi d Ayiti pral rapousuiv jefò pou pèmèt popilasyon an kapab fè fas kare epi leve kanpe, sizoka ta gen katastwòf natirèl ki ta frape peyi d Ayiti. Se angajman nouvo direktè pwoteksyon sivil peyi d Ayiti a, Emmanuel Pierre.
29 jen 2021 – 29 jen 2024, sa fè 3 lane depi bandi ak zam te asasinen ak bal plizyè moun nan Dèlma ak Pòtoprens, pami yo jounalis Diego Chaarles ak militant feminis Antoinette (Netty) Duclaire. 3 lane apre, lajistis poko janm fè limyè sou kò sasináy sa yo
Samdi 29 jen 2024 la, direksyon jeneral lapolis nasyonal la enstale 2 nouvo responsab nan tèt lapolis depatman Lwès la.
Komisè polis Julbert Conseillant responsab kounye a Direksyon lapolis depatman Lwès an, ki vle di Ddo 1. Direksyon lapolis depatman Lwès 1 an gen sou kont li komisarya ak pòs polis komin Pòtoprens, Petyonvil, Kenskòf, Kafou, Gresye, Leyogán, Gran Gwáv ak Ti Gwáv. Komisè polis Xavier Seide anchaje kounye a Direksyon lapolis depatman Lwès 2 a, ki vle di Ddo 2. Direksyon lapolis depatman Lwès 2 a gen sou kont li komisarya ak pòs polis komin Dèlma, Site Solèy, Kwadèboukè, Taba, Akayè ak zile Lagonav.
Vandredi 28 jen 2024 la, nan tèt kole ak lapolis nasyonal d Ayiti a, premye gwoup polisye Kenya yo, ki rive madi 25 jen 2024 la nan peyi d Ayiti, te fè yon virewon apye nan plizyè katye anba lavil Pòtoprens lan. Lapolis nasyonal la ak polisye Kenya yo te gen machin blende, ki te ansanm ak yo nan moman yo t ap fè patwouy anba lavil Pòtoprens lan.
Dispozisyon pou goumen kont laterè ak lòt zak vyolans gang ak zam yo. Tèt ansanm ant lame d Ayiti ak Lapolis nasyonal d Ayiti avèk fòs miltinasyonal, ki koumanse deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. Se te sijè diskisyon, vandredi 28 jen 2024 la, ant premye minis Garry Conille ak responsab Lame d Ayiti yo. Se sa Garry Conille ekri sou kont X li.
Ki preparasyon k ap fèt pou ekzamen ofisyèl leta mwa jiyè 2024 yo byen pase. Ki preparasyon tou pou pou nouvo ane lekòl 2024-2025 k ap vini a. Se te sijè diskisyon, finisman semenn pase a, ant nouvo minis ledikasyon nasyonal la, Augustin Antoine, ak direksyon lekòl plis divès lòt responsab nan ledikasyon nan depatman Nò, Plato santral ak Latibonit.
Finisman semenn pase a, nouvo minis ledikasyon nasyonal la, Augustin Antoine, te fè yon virewon nan depatman Nò, Plato santral al Latibonit.
Apati lendi premye jiyè 2024 la, pwofesè Inivèsite Limonad yo, depatman Nò, anonse yon mouvman grèv pandan 2 semenn.
Jwenn pi bon salè, kat debi, resevwa aryere salè yo. Se revandikasyon pwofesè Inivèsite Limonad yo, ki deside sispann fè kou pandan 2 semenn, ant premye pou rive 15 jiyè 2024 la. Se sa pwofesè Limonad yo ekri nan yon lèt avètisman, ki pote dat 13 jen 2024, yo voye bay rektè Inivésite leta d Ayiti a, Fritz Deshommes.
Chita pale ak plizyè enstitisyon ki konn abitye bay peyi d Ayiti bourad lajan. Chita pale tou ak asosyasyon fanm ak gason migran nan dyaspora Etazini a. Pase gade kouman sa ye nan anbasad peyi d Ayiti nan Washington. Se objektif vizit premye minis Garry Conille, ki nan tèt yon delegasyon gouvènman trazisyon an nan peyi Etazini, depi vandredi 28 jen 2024 la.
Depi vandredi 28 jen 2024 la, premye minis Garry Conille twouve l nan peyi Etazini, pou premye vizit li aletranje, depi l pran mayèt gouvènman tranzisyon an nan dat mèkredi 12 jen 2024 la. Nan delegasyon an, Garry Conille gen ansanm ak li minis finans lan Marie Ketleen Florestal, ki anchaje tou ministè planifikasyon ak koperasyon ak peyi etranje yo, epitou minis zafè etranje peyi d Ayiti a Dominique Dupuy, ki anchaje tou ministè Ayisyèn ak Ayisyen ki aletranje yo.
Pandan Garry Conille pa la nan peyi d Ayiti (yo pa di pou konbyen jou), se minis lajistis la Carlos Hercule, k ap jwe wòl chèf gouvènman tranzisyon an pou yon bout tan. Se sa biwo kominikasyon premye minis la fè konnen. [ppsf emb rc apr 30/06/2024 13:11]
